dimanche 23 mai 2010

DEKLARASYON FANMI LAVALAS


Yon sèl randevou:
randevou bò tab la

FANMI LAVALAS
Bwat Postal : 15603
Petyon-Vil, Ayiti
Email: fanmilavalas@yahoo.com
Telefòn: 38 46 75 11/ 39 10 62 74

Fanmi Lavalas salye kouraj popilasyon an nan moman difisil lap viv jodi ya. Gen tan gen plis pase twa mwa depi Tranbleman de Tè a foure men l nan zantray latè Peyi Dayti pou simen lanmò, ak dezolasyon.
Katastwòf 12 janvye ya se yon abse sou klou, tribilasyon yon Peyi, se yon seyis ki vin ajoute sou latriye seyis politik ki deja pase sou Latè Peyi Dayti Toma.
Depi seyis politik ki tanmen yan ak zak asasinay Fondatè Nasyon an, Papa Desalin 17 oktòb 1806, anpasan pa seyis politik 30 septanm 1991 lan, pou bout ak seyis 29 fevriye 2004 la. Pèp Ayisyen se maswife lap monte, pandan lap kontinye reziste, li pa deside mouri, li pa deside bat ba.
Seyis ekslizyon politik ak sosyal plizye syèk sa a, tèrib menm jan ak seyis 12 janvye ki sòt pase la a.
Si 500 zan eksklizyon ou apatay te rapòte Ayiti,
Jodiya, nou pa ta toujou ap mare lafimen kriz,
Fas ak yon Leta san gouvènay, ki kite Peyi ya anba dekonb, 3 mwa apre tè ya fin tranble 12 janvye ya;
Fas ak yon Leta ki lage plis pase yon milyon senk san mil moun nan lari debra balanse, ki kite jèn fanm ak jèn gason tankou granmoun livre diyite yo sou plas piblik anba mòso twal ak pikèt bwa,; pandan maladi ap vale teren nan mitan popilasyon sinistre ya, nan bwè move dlo, nan viv nan move kondisyon. Alòske, poko gen sèvis pou santèn milye viktim fizik ak mantal yo,
"Pèp la blese nan diyite l.
Kouto trayizon an pike li fon, fon.
Sant eksklizyon an ap dekonpoze l.
Fanmi Lavalas ap di:
Moun gen diyite e diyite egzije libète."
Fas ak yon Leta ki pa pran ankenn mezi pou pèmèt pi fò lekòl relouvri pòt yo pou retire jèn gason ak jèn fi nan lari ya, pou pa ankouraje plis delenkans, plis mizè moral.
Fanmi Lavalas ap di:
Moun gen diyite e diyite egzije libète.
Pandan pouvwa a ap fonse san gad dèyè poul sèvi kont pèp la ak yon lwa dijans, poul kontinye fè plizyè milyon dola, kap brase sou do Pèp ayisyen yan, pandan yap kontinye fè kòb sou do l, tankou lajan Petrokaribe ya ki fè fon nan pòch raketè ki anndan pouvwa a….
Fas ak pouvwa san diyite sa a ki ap mennen rekonstriksyon peyi ya nan fòs kote, ak eksklisyon sa ki pral kontinye plonje Pèp la nan lòt seyis politik ki pi grav,
Fas ak pouvwa san lidèchip sa a, san moralite, san wont nan je, ki pito ap pare l pou l fè dappiyanp nèt al kole sou pouvwa a. nan mete moun li lè manda Pèp la te bal la bout 7 fevriye 2011.
Gade nan ki eta Peyi nou an trouve l
Nan respè ak diyite, fòk gen moun saj ki di non !
Pou sove diyite Ayiti, fòk gen moun saj ki di non !
Pou pi ta pa vin pi tris, fòk gen moun saj ki di non !
Pou diyite n pa sove kite n, fòk gen saj ki di non !
Se pou sa nou menm nan Fanmi Lavalas nap ekzije :
• Pou Prezidan Preval sispann mannigèt nan anpeche Prezidan Aristide jwenn yon lesepase oswa paspò diplomatik ki ta ka pèmèt li tounen nan peyi l. Paske, Retou Prezidan Aristid se yon prensip pou òganizasyon an, Pèp la li menm, li di : ‘Retou Prezidan Aristide, se Retou a la vi’.
• Enklizyon antisipe Fanmi Lavalas ak tout lòt pati politik ki te ekskli nan pwosesis elektoral la depi jodi ya. Enklizyon ap pèmèt patisipasyon Majorite an nan eleksyon jeneral, lib, onèt e demokratik an Novanm 2010 jan Manman Lwa Peyi ya mande l, pou pèmèt patisipasyon Majorite yan nan rekonstriksyon peyi ya
• Ranvwa Konsèy Elektoral pwovizwa sa a ki montre aklè li se yon enstitisyon paspouki, kidonk li pa ka òganize eleksyon lib, onèt e demokratik
Fanmi Lavalas ankouraje anpil solidarite ant nou menm ayisyen, ayisyèn pou frè n ak sè n kap viv nan move kondisyon nan kan yo. Manifeste sa nou ye kòm moun.
Fanmi Lavalas ap pwofite tou lonje bra l bay tout pati politik ki konprann jwèt makyavelik kap fèt la, pou mete dekote tout ògèy, tout rankin, pou n kite lespri patriyotik triyonfe pou n rive ansanm ansanm, nan respè youn pou lòt, kwape move lespri eksklizyon kap depafini rèv jistis sosyal Zansèt nou yo te gen pou nou.
Lè pafen diyite tonbe nan boutèy libète, li poze.
Lè l tonbe nan boutèy eksklizyon, li eksploze.
Si n pa sove diyite n, diyite n ap sove kite n.
Pou nou anpeche Diyite n sove kite n nan ane 2010 sa a :
Se ak vitès mobilizasyon nou te debouche sou 16 desanm 1990 la.
An 2010, se menm vitès sa kap anpeche somèy poten ale,
Donk, fòn pase vitès mobilizasyon an pou soti nan eksklizyon an
E leve flanbo diyite ya lakay kòm aletranje chak jou pi wo.



"Yon sèl nou fèb,ansanm nou fò,ansanm,ansanm nou se Lavalas".
P.O.BOX 2252 Fort Pierce, Florida 34954
info@fanmilavalas.net
www.fanmilavalas.net
312-735-6297