samedi 13 juin 2009

ANONS FINERÈ


Lanmò se yon pikan kriyèl ki simen dèy ak tristès lakay nenpòt ki moun san pitye, e nan yon moman ke w pat atann. Li separe moun ki chè anpil youn pou lòt, kè w ap senyen dlo pa sispann koule nan je w. Nan sikonstans patikilye sa a, Komite Fanmi Lavalas Ayisyen Kap Viv Lòtbò Dlo tonbe nan lapenn apre lanmò manman youn nan manm komite Ya, madam Claudine Janvier. Se ak anpil kè fè mal nap anonse lanmò madam vèv David Janvier ne Marielle Noel. Madanm Marielle te fèt jou 4 Me 1938 e li mouri jou ki 11 Jen 2009 la a dizè di maten. Li mouri apre 71 lane, lakay li nan Riyèl Nazon, apre yon maladi ke li te sipòte ak anpil kouray.

Komite a mele vwa l ak tout lòt manm Fanmi Lavalas yo pou swete kondoleyans bay tout pitit li yo, pitit pitit , neve ak niyès, kouzen ak kouzin, zanmi, òganizasyon Fanmi Lavalas e tout lòt moun ke lanmò sa a frape, ke Bondye seche dlo nan je fanmi sa ki nan doulè. Sitou:

Pitit yo:
Claudine St Louis ne Janvier
Pierrette Similien ne Janvier
Kerlande Janvier
Ernest Beaublanc

Bofis ak bèlfiy
Emmanuel St Louis
Francice Similien
Gladys Beaublanc née Cherenfant

Pitit pitit

Steve - Dominique St Louis - Geraldine Similien - Wendy - Chonchuly Janvier - Ernst - Evens - Natacha - Cinthia -Catiana -Nadège William - Marie Michelle - Mirline -Jn Gardy - Kervens - David - Frantz - Somara - Gessie - Judith - James ak Concheca Beaublanc

Neve ak nyès:
Raymonde - Mervenie Noel - Marie Carmelle - Ketlie - Marlène - Myrtha - Edith - Joseph Dupoux

Zanmi li Alia St Louis.

Lantèman an ap chante nan Legliz Christ Roi, jou Samdi kap 20 Jen 2009 a 7:30 dimaten,kadav la ap ekspoze nan legliz la depi 6 zè nan maten. Konvwa finèb la ap soti nan mezon finèb Rodney Funeral Room adrès la se: 138 ri lareyinyon anfas palè jistis la. Apre fineray la konvwa prale nan simityè Taba kote yo pral antere kò a.

Ke nanm madam vèv Marielle Noel Janvier repoze anpè e ke Bondye nan lanmou enfini li resevwa nanm sa a nan wayòm syèl la.

WWW.FANMILAVALAS.NET