samedi 27 février 2010

NÒT POU LAPRÈS

K A D A V
KOLEKTIF AKSYON pou DEFANN ANPLWAYE VIKTIM
#3, 2èm Enpas Lavo, Pòtoprens Kouryèl : kadav01@yahoo.fr,Tel : 36081707/ 35573138/37996781

Pòtoprens jou ki 25 fevriye 2010


Komite Ekzekitif Kolektif Aksyon pou Defann Anplwaye Viktim (KADAV), wete chapo l pou l koube l byen ba devan memwa plis pase desan ven mil (220.000) moun ki mouri tèt nwè anba bout beton ak kout blòk nan lokazyon Tè Tranble ki te pase brid sou kou tankou yon woulo konpresè sou peyi n Ayiti, jou madi madichon ki te 12 janvye a. KADAV tou pwofite pou l voye yon chay kondoleyans men longè bay fanmi, zanmi ak kòkòday tout moun sa a yo ki ale kite nou detan l ap soufri ak tout sila a yo ki estwopye, ou byen ki bijo viv nan lari, nan fatra ak ma labou tankou bèt seren.

KADAV ki rasanble yon dikdal viktim lòt Tè Tranble tankou Revokasyon Koudeta 29 fevriye 2004 la pwofite pou l mande responsab Leta a yo pou yo trete moun ki sinistre yo ak diyite ak respè detan l mande yo tanpri souple wetire frè n ak sè n yo nan lari a paske tout moun se moun. Pou KADAV moun pa chen, ni lòt zanimo kat pat. Pou KADAV, moun pat fèt pou viv konsa nan seren, nan ma labou, nan grangou, nan maladi, nan fatra ak nan imilyasyon. KADAV di Non. Non li pa bon pou Leta kite moun yo viv konsa.

KADAV swete pou tout potanta nan sosyete fòs kote sa a, sitou gwo Otorite GNB yo ki te pran Leta a an otaj nan lokazyon tè tranble 29 fevriye 2004 la e ki te konn sèvi ak zam lesklizyon ak zam revokasyon gwo ponyèt pou konbat mas popilè yo nan fè yo abi, mechanste ak lenjistis pou yo ta pran gwo leson nan men lanati. Nan lokazyon Tè Tranble 12 janvye sa a lanati montre Zagoloray yo aklè li pa dakò ak yo lè y ap fè sila a yo ki pi piti yo lenjistis, abi ak mechanste gwo lajounen konsa detan y ap gade yo nan de grenn je. KADAV kwè li enpòtan pou Otorite yo pa ta fè fèy zòrèy yo pi long pase tèt yo pwofite pou l reklame jistis, reparasyon ak dedomajman prese prese pou tout viktim lòt kalte Tè Tranble tankou 29/30 septanm 1991 ak 29 fevriye 2004.

KADAV ki pa janm nan benyen kache twou lonbrik pap bliye denonse Politisyen san zantray, Zentèlektyèl zagoloray, Laboujwazi zagribay ak Laprès patizan briganday ki te konn abitye pwovoke Tè Tranble pou fè mouche Enperyalis plezi, e ki jounen jodi ya ap vin pran pòz y ap kriye san kriye matyè sou kadav plis pase desan ven mil (220.000) moun ki mouri yo. Se Ipokrit parèy yo sèlman kap kwè yo. Pou KADAV, Tè Tranble 29/30 septanm 1991 lan, Tè Tranble 29 fevriye 2004 la, Tè tranble Plan Newoliberal remèd chwal la se menmman parèyman ak Tè Tranble jou madi malè madichon 12 janvye 2010 la. Sèl bagay fwa a sa a se tout moun ki jwenn.

KADAV di tout Ipokrit Omajiskil ak lòt San Zantray sa a yo ki te akouche Tè Tranble 29/30 septanm 1991 ak 29 fevriye 2004 yo Pinga. Pinga okenn Ipokrit ki te konn fete, plezire, fè gogay nan malè mas popilè yo ki te konn viktim lòt Tè Tranble yo te konn pwovoke vin pran pòz yo pe kriye sou kadav viktim Tè Tranble 12 janvye ya. Toulekontrè Tè Tranble 12 janvye ya se pi bèl okazyon pou pwopriyetè ONGNB, Fondasyon bidon ak Asosiyasyon vòlè ak malfèktè sa a yo fè gwo mago vèt san gade dèyè sou mizè, malè, maladi ak soufrans mas pèp la. Sa rele Ipokrit, Sèpan Nan Sen, San Kè, San Ren, San Fyèl. KADAV ap fè tout Ipokrit Omajiskil sa a yo sonje, Vòl, Mechanste, Esklizyon, Revokasyon Gwo Ponyèt, Politik Lavichè ak Tè Tranble 12 janvye ya se menm bagay, se senkant kòb ak de gouden. Yo tout se gwo malè pandye ki touye yon dikdal frè n ak sè n nan mas popilè yo tèt nwè epi lage sak pa mouri yo nan mizè ak nan soufrans.


Pou Komite ya:

______________
J. Fatal PIARD
Kòdonatè Jeneral


_____________
James DORVIL
Kòdonatè Annapre


"Yon sèl nou fèb, ansanm nou fò, ansanm, ansanm nou se Lavalas".
P.O.BOX 2252 Fort Pierce, Florida 34954
info@fanmilavalas.net
www.fanmilavalas.net
954-670-9209