dimanche 1 février 2009

Nòt pou Laprès, Mme Norma Forte Senatèz 47e Lejislati.

Nòt pou Laprès

Mwen ta kontan voye yon gwo kout chapo pou tout moun kap tande nou ekri nòt pou laprès sa a. Nan moman sa a kote Fanmi Lavalas, yon òganizasyon ki gen kòd lonbrik li mare ak pèp Ayisyen ki
bezwen yon moun serye, konpetan ki pou dirije li. Pa bliye, Fanmi Lavalas pèdi anpil moun debyen nan
lonje dwèt sou moun. Okenn òganizasyon pa ka fonksyone nan mete moun dozado oubyen nan kouri
dèyè moun. Okontrè, li lè, li tan, pou manm Fanmi Lavalas yo ki sou tèren an, pase yon vitès siperyè
pou yo remanbre òganizasyon an, nan ba ti fanmi yo bon jarèt nan kat kwen peyi Dayiti. Li lè tou, pou
Fanmi Lavalas rive konprann tout sakrifis, tout chatiman, tout pèsekisyon yon moun ak fanmi li te soufri
nan moman tribilasyon an.
Se pou òganizasyon an pran konsyans, se pou li bat lestomak li 7 fwa 77 fwa douvan tout
vagabondaj, tout ponpe lib, tout woulib kèk gran manjè te pran nan moman kote anpil militan te nan
prizon, nan kanpe lwen oubyen nan mawon. Pèp Ayisyen gen yon kreyon san efaswa. Anpil aganman san
manman, te bat ayibobo, te danse kalinda pandan kèk manm fanmi an te anba tribilasyon. Nan moman
kriz sa a , nouvo rich te kale kou dyondyon. Men jounen jodi, eleksyon pral vini, tout moun kanpe sou
bit pouvwa men yo bliye se tèt ansanm ak bonjan estrikti ki pou fè yon pati avanse. Poukisa tout
divizyon sa a?
Poukisa Dr Maryse pa mete tèt li ansanm ak Sò Anne, manman baz, fanm kòrèk ak ansyen prizonye
politik yo, kou wè Yvon Neptune, manm fondatè òganizasyon an, nèg serye, ak militan konsekan yo
pou yo fè òganizasyon an avanse? Divizyon mennen nan tyouboum, men tèt ansanm ap mennen nan
lakou demokrasi. Dr Titid gen yon sèl pozisyon nan moman sa a , se pozisyon manman lwa Fanmi
Lavalas la ki di “Yon sèl nou fèb, ansanm nou fò, ansanm ansanm nou se Lavalas. Selil Maryse, Sò
Anne, Yvon antann pou nou antann nou, pou retou a ka bèl tout bon.
Mme Norma Forte
Senatèz 47e Lejislati.