mardi 1 décembre 2009

Rasanbleman òganizasyon pou chanjman (ROC)


Konferans pou laprès

Pòtoprens, 30 Novanm 2009


Nou menm nan Rasanbleman òganizasyon pou Chanjman (ROC), nou konstate 7 fevriye 2006 mas pèp la nan tout peyi ya te mobilize pou mete prezidan René Préval sou pouvwa a pou kondisyon lavi l te ka chanje, pou fè demokrasi ya vanse e fè respekte dwa l. Depi prezidan Préval monte sou pouvwa a 14 me 2006, okenn chanjman pa fèt nan diplomasi peyi ya, nan direksyon jeneral bwat Leta yo, nan delegasyon ak vis delegasyon yo. Se pwojè dominasyon an k ap kontinye nan aplikasyon politik neyoliberal, privatizasyon antrepriz piblik yo, nan kenbe fòs okipasyon Loni yan, nan pratike yon politik desklizyon, nan vasalize demokrasi pèp ayisyen an ap goumen pou tabli nan peyi ya.

Nou menm nan ROC, nou konstate, 2 gouvènman ki pase sou prezidan Préval la se bak yo fè peyi ya fè, 3 avril 2008, mas pèp la te leve kanpe kont gouvènman Jacques Edouard Alexis ya, sou gouvènman madam Michel Duvivier Pierre-Louis a, plis pase 197 milyon dola vèt detounen sou do mas pèp la epi yo fout majorite nasyonal la atravè Fanmi Lavalas deyò nan eleksyon yo.

Direksyon prezidan Préval ak tout gouvènman li yo te pran pou mennen bak peyi ya, vin agrave sitiyasyon peyi ya chak jou : lavi an vin pi chè, chomaj ap ogmante, mizè a vin pi grav, anplwaye Leta yo viktim, pitit mas pèp la pa ka al lekòl, etidyan yo toujou nan lari, Leta boujwa sa a ki la ap fèmen inivèsite pou louvri komisarya, KEP a fout majorite nasyonal la, Fanmi Lavalas deyò nan eleksyon yo.

Nou menm nan ROC, nou voye yon pinga bay tout abolotyo ki te pran pòz yo bò kote pèp la, jounen jodi ya k al vann konsyans yo pou pòs senatè ak depite pou vann lit mas pèp yo. Nou di Fanmi Lavalas souke kò w. Nou di pèp la leve kanpe nan kad yon mobilizasyon jeneral, nan tout peyi ya pou fè fòs fènwa yo fè bak sou pwojè lanmò sa a. Nou di si KEP-Dorsainvil la pa retounen sou desizyon l te pran kont majorite ya ak lòt pati politik yo, pap gen eleksyon 28 fevriye ak 3 mas 2010, mas pèp la ap fòse l ak tout prezidan Préval rache manyòk yo bay tè ya blanch.

Pou n fini, ROC ap sèmante 7 fwa 77 fwa 7 fwa pap gen eleksyon 28 fevriye ak 3 mas 2010 san patisipasyon Fanmi Lavalas ak tout lòt pati KEP ya mete deyò de fason ilegal.

Si sa pa fèt majorite nasyonal la pral fè yon sèl ak etidyan yo, anplwaye Leta viktim yo ak mas pèp la pou bay prezidan Préval yon repons.


« Se pèp ki batay ki dwe gen lavi »

Mèsi.



"Yon sèl nou fèb, ansanm nou fò, ansanm, ansanm nou se Lavalas".
P.O.BOX 2252 Fort Pierce, Florida 34954
info@fanmilavalas.net
www.fanmilavalas.net
954-670-9209