vendredi 19 mars 2010

NOU MANDE POU K.E.P. GAYO WA RETE ANBA DEKONB, FANMI LAVALAS DWE GEN MANM LI NAN KONSÈY ELEKTORAL LA

Konferans Pou Laprès / Vandredi 19 Mas 2010

Doulè, Lapenn, Dezolasyon anvayi kè tout sitwayen, anvayi kè mas pèp la. Sitiyasyon malouk n ap viv jounen jodi ya mande pou n kontinye louvri je n pi gran sinon nou menm ki te genyen chans rete vivan aprè tranbleman tè ya ka sibi pi devan menm konsekans lan. Pandan nou voye salitasyon espesyal pou Laprès n ap mande l atravè enfòmasyon plis edikasyon kontinye kore mas pèp la. Tout Militan konsekan Mas Popilè Fanmi Lavalas Site Solèy kanpe debou depi 12 Janvye 2010 pou pote kontribisyon pa yo kòm Volontè bay moun ki pi nan bezwen yo.

De Mwa aprè, nou fè yon premye evalyasyon sitiyasyon an, nou wè Leta a kidonk, Gouvènman Preval/Bèlriv la rete anba dekonb. Mesye yo pa fè prèv bòn volonte ditou, Mesye yo pa gen konviksyon, yo pa genyen sans responsablite, yo san kreyativite. An gwo yo pa gen lidèchip nan mitan yo pou ta ranmase sitiyasyon malouk nap viv kounye ya epi pwopoze yon bon plan rekonstriksyon ak patisipasyon mas pèp la.
Nan moman nap pale ya Leta a pa egziste, Leta a anba dekonb. Tout sa kite senbolize leta a disparèt. Se sèlman kèk grenn endividi ki genyen nan tèt li Mesye Preval ki ap manniganse, ki ap vire won, kap make lepa sou plas, kap mande charite avèk kwi vire bouch anba.

Sa ki pi rèd nan tout sa nap di la yo, Konsèy Elektoral koupyon an vle sòti anba dekonb. Gayo pa wont, li pa jennen, li kòmanse ap pale de pwogram eleksyon chanpwèl. Nou mande prese prese, efasman san kondisyon K E P degrenngòch la. Se pou Gayo ak tout rès ekip la tounen anba dekonb.

Nou mande tout sektè politik nan peyi ya : ann tabli yon seri dyalòg pou abouti ak yon konsansis nan lespri pou n kreye yon lòt K E P ki gen nen nan figi l konsa, na espere rive fè eleksyon kredib, demokratik, enkliziv.

SELEKSYON EKSKLIZYON: NON
ELEKSYON ENKLIZYON : Wi


Mesye Preval ou echwe sou tout laliy. Pèp ayisyen twonpe l anpil de wou. Ou pwouve aklè ou pat genyen konviksyon demokratik. Nou mande retou fizik san kondisyon Doktè Jean Bertrand Aristide pou vin konble vid politik la.

Yon lòt bò, gade yon dènye lòt souflèt Prezidan Preval fè peyi ya pran ankò. Li annik fin chita avèk Prezidan Obama, Depatman Deta fè sòti yon rapò pou di : tou lè 3pouvwa leta peyi dayiti nan koripsyon. Sa pwouve ke menm anba dekonb Mesye yo kontinye ap fè lajan.

Nap repete yon lòt fwa pou Prezidan Preval: retire prese prese manb K E P koupyon sa a nan figi mas pèp la. Nou mande pou Kat la Rebat san pèdi tan.
Pèp ayisyen : Kouraj, Kenbe la, pa dekouraje, Ann gonfle venn nou ansanm pou n di Gouvènman anba dekonb Preval/Bèlriv la se sou dènye kadas la yo ye.


Yon sèl nou fèb, ansanm nou fò, ansanm ansanm nou se Lavalas !!!

Pou Mas Popilè:




"Yon sèl nou fèb, ansanm nou fò, ansanm, ansanm nou se Lavalas".
P.O.BOX 2252 Fort Pierce, Florida 34954
info@fanmilavalas.net
www.fanmilavalas.net
954-670-9209