mardi 15 février 2011

DISKOU DESALIN PREMYE JANVYE 1804

 
TRADIKSYON  MÈT BELL ANGELOT

Pèp Ayisyen
Sitwayen nan kat kwen peyi ya,

Sa pa ase lè nou rele chalbari dèyè bann sovaj sa yo ki souse san yon pèp pandan plis ke  twa san zan.

Sa pa  ase  lè nou  di twòp se twòp lè nou mete yon fren a yon minorite zwit ki jenerasyon an jenerasyon, tap blofe n ak pawòl libète malatchong ke Lafrans tap fè nou filalang.

Il fo pou letan e pou letènite nou  tabli, nan peyi sa kote lonbrit nou koupe ya, yon rejim ki chita sou libète  pou tout moun alawonnbadè.

Il fo ke nou efase nan lespri gouvènman  san manman peyi Lafrans lan  tout lide poufè nou tounen nan lesklavaj, se pou Ayiti viv lib e endepandan ou byen nou  tout nou mouri.

Libète  ou lanmò, endepandans ou Lanmò, sa se pawòl sakre  ki dwe sonnen nan zorèy chak ayisyen tankou se yon kout loray, tankou yon kout lanbi ki fè nou rasanble epi soude youn ak lòt.

Sitwayen konpatriyòt mwen yo, mwen rasanble nou jounen jodi ya, ki se fèt libète, tout militè sa yo ki gen kouraj, solda ki pa pote kanson yo pou bèl twal, ki aksepte bay san yo pou kòz libète ak jistis, pou antere lesklavaj, e pou retire nou anba  jouk kolonizasyon blan Franse.

Tout sa ki nan peyi yan, ki anba je nou, se move souvni blan franse yo. Lalwa ak tout tribinal, fòm leta, vil yo, mès ak koutim elatriye, tout pote mak fabrik blan franse. Mwen pa konn sam ta di ankò.

A bon!, blan franse ap sikile nan zile ya epi nou kwè nou lib, nou kwè nou soti anba grif  lafrans, yon peyi malveyan kap mache toupizi tout pèp sou la tè kap batay pou libète? Se vre, yo pa janm  rive mete ajenou pèp ki leve kanpe pou libète; men fòk nou veyatif.

Kite kantik pran priyè, nou viktim anpil de bèl pawòl, bèl diskou sou libète ak egalite ke komisyonè Lafrans yo vin ban nou pou fè nou dòmi. A la nayif nou ta nayif si nou ta pran kaka poul pou ze. 

Se pou sa pandan katòz lane nou pran lezam pou nou lite, pou nou fè lagè jiskaske nou rive di lafrans: men kwa manmanw, men kwa papaw. 

Depi ki lè koukou te byen ak frize  pou la frans ta fè nou kado libète.

Rezen pa konn donnen sou bayawonn, joumou pa konn donnen kalbas. Epi moun sa yo pa sanble ak nou, e  nou  pa sanble ak yo non plis.

Gade koulè po yo,  gade ki distans, konbyen pas dlo, konbyen branch lanmè  ki separe nou ak yo.

Menm kan moun sa yo ap preche ke tout moun se moun, libète, egalite ,fratènite, se pa vre, yo twò kriminèl, yo twò sadik, yo twò sovaj pou yo ta kwè nan koze konsa.

Se menm yo menm lan wi ki ekri sou papye tenbre ke «  Tout bwa se bwa, men mapou pa fouti kajou »  E si yon jou pa malè moun sa yo ta fè ladesann lakay nou, yap tounen move zèspri, move nanm pou twouble lespri pitit nou.

Ayisyen natif natal, pitit fèy peyi dayiti, fanm kon gason, ti moun tankou gran moun, fon kout je nan tout zile ya pou nou wè, fanm san mari yo, kote mari nou, mouche san madanm yo, kote madanm nou, kote pitit nou yo, rejim awousa sousoupann nan manje tout.

Ki sa yo devni ? Ki sa yo fè ak yo? Mwen pap reponn, mwen pè poum pa fremi, poum pa tranble anba endiyasyon.

Lè nou louvri je nou gade olye se viktim  nou wè kap pote plent, se bouro yo, se kriminel yo nou wè kap mache  anba je nou, yo tankou se tig kap chache san pou yo bwè. 

Pa repwoche yo! Reproche tèt nou ki aksepte viv nan enpinite ak soutirans.  Ki donk sa nap tann pou nou repoze lespri viktim yo?

Pa bliye nou sèmante pou yo te antere nou nan menm tonb ak zansèt nou yo! Men se a yon sèl kondisyon pou sa fèt: «  Lè nou rive rele chalbari dèyè tout tiran, tout kolon esklavajis.

Si nou pa fè sa pa gen simityè kap aksepte kadav nou lè nou mouri.

E nou menm, gason vanyan yo, jeneral marechal san krenn danje yo, nou menm ki sakrifye enterè pèsonel nou, ki bliye malè ak doulè pèsonèl nou  pou sove libète ak san  nou pou tout yon nasyon;  konnen byen si nou pa trase yon ekzanp korèk, si nou pa bay mechan san pitye sa yo yon leson nan  bon liv jistis ak koreksyon, se konm si nou te lave men nou, nou siye li atè.

Se pou nou kale je nou  gran devan tout moun ki ta oze retire libète sa nan men nou. Se pou nou fyè, se pou nou jalou  deske nou lib.

Yo gen pou tranble nan kanson yo, se pou yo baye la fimen soti nan bouch yo le jou yo ta azade pile tè dayiti.

Nan rezolisyon nap gen pou nou pran nap dekrete madichon ak lanmò pou nenpòt blan franse ki ta gen lide pile Ayiti ki se bèso libète, tonbo lesklavaj.

Nou oze vin lib, an nou lib tout bon, e nou lib, nou lib nèt.

Libète se tankou yon ti moun piti kap aprann mache, se pazapa li grandi jouk li vin gran.

Ki pèp kite ede nou goumen? Alòs ki pèp tou, ki ka jwi fwi travay nou. A la de betiz papa, pou yon pèp fin goumen poul libere tèt li, epi poul ta kite yo remete li nan esklavaj ?

Pa gen sa pyès. An nou mache nan chimen lòt pèp yo ki prefere yo ta disparèt sou tè ya, olye pou  yo ta efase non yo nan lis pèp vanyan yo, olye yo ta enskri non yo nan lis pèp lach yo.

Kanta mo esklav la, kite l pou blan franse yo, men nou menm nèg dayiti toma, pitit lafrik ginen,nou lib, e nou lib nèt.

Atansyon pou nou  pa  elimine bèl travay sa nan voye moute ak vanite, lapè ak trankilite pou tout lòt pèp yo, pou vwazen nou yo, se pou yo viv an pè anba banyè la lwa. 

Nou pap pran pòz, ni matadò sipèb, ni sovè pou lòt pèp yo.  Ayibobo pou nou, pèp Ayisyen paske nou pa gen entansyon mete lòt pèp nan esklavaj, ni anba dominasyon nou.

Lapè ak trankilite pou vwazen nou yo, men madichon pou Lafrans, rayisman  vitam etènam  pou tout blan franse.

Ayisyen natif natal, mwen menm Desalin se santinèl, se gadyen libète nou, mwen sakrifye tèt mwen pou sa. 

Pafwa mwen rete sèl, san madanm, san pitit, poum veye anwo kon anba lenmi nou yo.  Se ak kè  kontan mwen fè sakrifis sa yo, jodi ya se nou ki pou travay pou  mechan yo pa toufe libète sa.

Pèp ayisyen bonè pa nou, se bonè pam. An atandan  ke nou mete tout bagay anba chapo lalwa, nou mèt konte sou mwen ak jeneral yo ki akotem la a.

Tout jeneral, tout ofisye, tout solda ki reyini a kotem la, an nou travay ansanm pou bonè peyi ya ki dwe  rete  lib e endepandan pou tout tan gen tan.

Si gen youn nan nou la ki gen kè nan men, ki vle tranble, ke li rale kòl poul pa repete sèman sa a :

Nou sèmante 777 fwa devan le mond antye, pou pitit pitit nou, pou nou menm ak tout kòt fanmi nou, ke nou renonse a jamè a peyi la frans, e nou prefere mouri tank pou nou tounen sou dominasyon lafrans, nou sèmante pou nou konbat pou lendepandans peyi ya jiskaske dimil  pil tè tonbe sou lestomak nou.

E nou menm pèp souvren, malere kap soufri, ki soti tande sèman ke nou soti repete la a,  pa bliye ke se sou kouraj nou mwen konte.   Se gras a kouraj nou, gras a konviksyon nou ki fèm te lanse nan batay pandan 14 lane pou nou konbat rejim lesklavaj.

Pa bliye ke mwen sakrifye tout enterè pèsonèl mwen  poum batay pou libète ak lendepandans, mwen sakrifye byen, mwen sakrifye madanm ak pitit, mwen sakrifye plezi,  pou peyi sa vin lib jodi ya.

E si  lenmi libète  ak zanmi lesklavaj yo tande nonm sèlman, la tranblad ap pran yo. Men  anverite 7 fwa mwen menm Desalin ki di sa, si yon jou nou ta trayi kòz libète ak lendepandans lan, nou ta pase anba pye lwa m te pran pou pwòp bonè nou, map konsidere nou kòm yon pèp engra.

Men mwen pa kwè nap fè sa, pitom pa menm panse sa. O kontrè na gen pou nou lite, pito nou mouri nou pa tounen nan lesklavaj, madichon pou tout trèt, madichon pou tout engra!
Libète ou lanmò, libète ou lanmò

Plas militè Gonayiv premye Janvye 1804, lane 1 endepandans lan, Jan Jak Desalin jeneral an chef lame Dayiti



"Yon sèl nou fèb, ansanm nou fò, ansanm, ansanm nou se Lavalas"
CFLHO
P.O.BOX 2252
Fort Pierce, Florida 34954
info@fanmilavalas.net
http://www.fanmilavalas.net/
312-735-6297