vendredi 17 avril 2009

NÒT POU LAPRÈS JEDI 16 AVRIL 2009


NÒT POU LAPRÈS JEDI 16 AVRIL 2009
Anpil òganizasyon baz ak kad Fanmi Lavalas nan Nò ak Nodès peyi dayiti pa ka rete bèbè nan konjonkti malouk peyi ya tonbe jounen jodi Ya. Nou santi demokrasi a menase, nou santi grandèt peyi Ya avili. Eleksyon se pi gwo vitamin pou demokrasi, se deklarasyon inivèsèl dwa moun ak konstitisyon an ki rekonèt dwa pèp la genyen pou li patisipe nan eleksyon ki lib, onèt e demokratik. Konsa lè yon pouvwa fè mannèv delwayal pou retire dwa sa a nan men yon pèp, sa fè nou sonje 30 septanm 91 ak 29 fevriye 2004 men kòm nou pap janm bliye 16 desanm 90, nou di bay kou bliye pote mak sonje. Fanmi toujou kwè nan eleksyon ki onèt e demokratik, Fanmi Lavalas pa janm kwè nan koudeta.
Nou pote solidarite nou san gade dèyè a senk ( 5) kamarad militan Lavalas yo ki pote tèt yo bay palman an pou ekzije palmantè yo pran pozisyon kont eleksyon pwason davril 19 avril yo. Celestin Patrice, Luckner Delisme, Anselme William, Andre Fardeau, Bertrand Guerrier. E nou di La Polis pinga, pinga represyon, pinga presyon, se yon revandikasyon ki pasifik, ki jis, ki legal, epi se nan kay pèp la yo rantre. Nou di Minustah pinga, paske gen stabilte politik, se lè tout moun gen dwa patisipe nan tout aktivite politik e demokratik nan peyi ya, san pa gen fòs kote
Lavalas se linyon fè lafòs, yon bon lavalasyen se yon bon patriyòt.
YON SÈL NOU FÈB, ANSANM NOU FÒ, ANSANM ANSANM NOU SE LAVALAS.
Franklin Duchaine Baz Fanmi Lavalas Plezans
Severe Adonijea Baz Fanmi Lavalas Sen Rafayel
Louis Marcelin “ “ “ “ “ “ “ ‘’ Lenbe
Fortune Alcina “ “ “ “ “ “ “ “ “ :” Rankit
Brillant Withny “ “ “ “ “ “: ‘ “ “ “ “ Piyon
Samuel Joseph “ “ “ “ “ “ “ “ “ “ ‘ “ Borgne
Franklin Jn Baptiste “ “ “ ‘ Pilat
Janet Jn Baptiste … Balenbe
Selichriste Bien aime Dondon
Charlemagne Derozin Lakil
Brunel Joseph Plèndinò
Daniel Monelus Pomago
OStin Louis OKap ( OPVS)
Justin Pierre Okap ( KJPB)
Jules Alex Okap ( FIOP)
Emmanuel Toussaint Okap ( FIOP)
Osee Fils Aime Okap
Carly Eugene Okap
Past. Hudson Jn Baptiste Okap
Bell Angelot Okap( Centre haitien de recherches
et d’investigations en sciences
sociales CHRISS)