mercredi 9 décembre 2009

RALID: RASANBLEMAN LAVALAS POU INITE NAN DYASPORA AK PEYI DAYITI

Miyami, Florid 8 Novanm 2009
Nòt pou la près

Ralid salye kouraj ak detèminasyon tout militan Lavalas, patizan, senpatizan ak tout sitwayen ki toujou ap goumen pou abitrè kaba nèt al kole nan peyi Dayiti.

Ralid mande tout militan alawonnbadè pou pa pran nan pyèj kraponnay pouvwa an plas la ak tout ti gwoup opòtinis ki akonpaye l nan gouvènman, nan KEP restavèk la ak tout fòs Loni yo.

Ralid kwè ke demach KEP la pou mete Fanmi Lavalas deyò nan eleksyon yo san kòz ak motif, se yon aksyon dezespere, yon siyal detrès ki montre n ke Prezidan René Gracia Konze Preval ak ekip li ya fèb e yo fè bèk atè devan rezistans ak mobilizasyon mas pèp la.

Trèt yo tèlman panike yo desann kanson yo devan pèp la, lè yo deside abitrèman mete Fanmi Lavalas deyò nan kous elektoral la.
kanmarad, reprezantan nasyonal la pale, lidè karismatik la, Doktè Jan Bètran Aristid pale klè, tout moun tande, menm sa ki pi soud yo tande.

Ralid voye yon piga bay tout reyaksyonè, tout opòtinis tout gratè ki nan pwostitisyon politik, ki deja trayi oubyen ki nan wout pou trayi. Nap di yo pran yon ti tan pou reflechi, nap ba yo konsèy, pou yo pase men yo nan je yo paske, kaka je pa linèt, se nan chemen jennen yo kenbe chwal malen, kreyon pèp la pa gen efase, bat chen yan tann mèt li.

Ralid kontinye pou di: Yon eleksyon san patisipasyon Fanmi Lavalas se yon bouyon latcha mimi, yon seleksyon, yon manje ranje, yon simagri, yon medsin bouden kalbas melanje ak klou gagit ki pral bay yon dyare politik a preval ak restavèk li yo ansanm ak ti pati politik bidon yo ak tout kandida reyaksyonè ki vle pran woulib sou do Fanmi Lavalas ak mas pèp la. Nap di madigra mal maske yo, nou pa pè yo paske se grimas yo ye.Trèt pa trete, engra pap janm gra! pèp la rayi tout moun ki trayi lit popilè ya.

Poun fini Ralid ap di agranman yo pèp la pa nan eleksyon KEP/Inite/Konajèk la. Lap di reyaksyonè, woulibè, sousou, machann peyi, patripòch yo: lajan fini, wont rete. Sou tè glise pye pa gen rasin. Pèdi pou pèdi se yo ki pou pèdi. Pèp pa janm pèdi batay.

Nap di: viv Lavalas, Viv Fanmi Lavalas, viv pèp la, viv rezistans popilè ya, aba tout ansyen konze ak nouvo konze.

Yon sèl nou fèb, ansanm nou fò, ansanm ansanm nou se Lavalas.

Jimmy Jean Louis, Sekretè Jeneral
Vauze R Declasse, Pòt Pawòl



"Yon sèl nou fèb, ansanm nou fò, ansanm, ansanm nou se Lavalas".
P.O.BOX 2252 Fort Pierce, Florida 34954
info@fanmilavalas.net
www.fanmilavalas.net
954-670-9209

KWA LANMÒ

5 DESANM 1492-5 DESANM 2009
517 lane depi fabrik limanite te depatcha pak an pak. 517 lane depi Kristòf Kolon te plante kwa lanmò an nan mitan kè Ayiti. Depi lè sa a, nou poko ka jwenn yon bon remèd pou kwape emoraji ya.

Kristòf Kolon debake ak tout mèsenè parèy li, tou cho, tou bouke pou vin simen latèrè. Depi n te ti katkat sou ban lekòl, nap vale manti nan men pwofesè lekòl ki pat menm konnen pou tèt pa yo. Listwa malatchong ke zòt lonje ban nou, aprann nou ke mèsenè yo te pèdi, yo pat konnen ki kote yo ta prale, lè yo te echwe sou zile ya. Tou sa se radòt! Jodi ya nou menm ki gen bon sans, ka wè e konprann ke yo te konnen egzakteman ki kote yo ta prale e ki sa yo te vin regle.

Ak benediksyon Izabèl Lakatolik, konplisite legliz Katolik, Kristòf Kolon debake. Yon debakman ki te chanje vizaj limanite pou jamè. Yo retire n nan lespri tèt ansanm pou n tonbe nan egoyis tout koukou klere pou je l.
Sipremasy blan an simen panik, doulè, tèrè elatriye, tout kote l pase. Pou magouy la ka byen chita, sipremasy blan an kreye yon imaj selès pou l ka kontwole, zonbifye, kraponnen viktim li yo.

Li fè viktim yo kwè ke tout sa yo ap sibi se volonte Bondye. Sa ki pi rèd la, sè ke andoktrinasyon an tèlman byen chita, pifò viktim yo non sèlman kwè se Bondye ki vle sa konsa, men lè sa twò rèd pou yo, yo priye menm Bondye sa a pou di kichòy pou yo.
Pandan viktim yo ap priye Bondye vyolan sa a, kolonizatè yo ap banboche. Yo pase a lenfinitif tout lwijanboje ki pa dakò ak doktrin reziyasyon an. Tout sa ki te rete anchennen yo, te kwè ke Bondye te sere yon plas nan syèl la pou yo e yo pral viv lib tankou prens ak prensès.

Pi gwo zam fann fwa ke Kristòf Kolon te itilize, te yon kwa kite senbolize jenosid, kolonizasyon ak tout lòt vye bagay ki te gen gou fyèl nan dyòl viktim yo.
Li pat pran anpil tan pou Tayinos yo te mouri kon mouch. Sipremasy blan an pa jennen pou l ni touye ni mache pran sa l bezwen. Sòti nan Abraram jouk rive sou zòt, yo di n ke Bondye te fè yo pwomès pou l ba yo riches lòt moun. Se pou sa yo fè viktim yo kwè tout sa ki sou latè se pou yo. Tankou yo di tout tan an angle “All for me, none for you.” Ki sa kita fè zansèt afriken yo kwè ke lavi yo te makònen ak lavi Tayino yo. Tout yon ras disparèt, tribilasyon yon lòt fenk tanmen. Kadav anpile, san koule, dlo nan je limanite pa janm seche.

Ipokrit yo fè n kwè ke 11 Septanm 2001, se te pi gwo zak teyoris ke lamerik janm konnen. Adye! Nou pap pran plezi nan malè zòt, men fòk nou gen kouraj pou n demaske mansonj. Ki jan nou ka bliye plis pase 300 zan ratibwazay? Ki yès ki ka konpare yon grenn jounen madichon ak plis pase 300 zan lesklavaj, kadejak, vol, piyay, kidnaping, jenosid,separasyon manman ak pitit, mari ak madanm, frè ak sè? Nan jounen dèy entènasyonal sa a, nou pa ka kontinye ap mache nan lojik pase se pase.
Si pase se te senpleman pase, sipremasy blan an ta déjà disparèt. Yo ta sispann selebre tout dat madichon ki pote lapenn nan kè limanite. Tout moun sou planèt la ta gen menm dwa pou goute bon gou lavi menm jan ak pitit pitit Kristòf Kolon yo. Tout pitit Abraram yo ap byen mennen, alòs pa Ismayèl yo ap viv nan kras ak lamizè. Se vre nou pa ka korije sa ki te pase, men nou ka enpoze pase repete tèt li sèlman si nou vle konnen sa kite te pase tout bon vre. Se pou sa nou pa ka rete nan amnezi sa ankò.

Zanmi kanmarad, 5 Desanm 1492—5 Desanm 2009, sa fè 517 lane depi nap karese kwa lanmò sa a. Nou bliye li se òtè kòmansman lesklavaj nan peyi n. Li lè li tan pou n rache kwa lanmò sa e ranplase l pa lavi pou tout moun. Nou pap ka lib tout bon, si zam lenmi yan se kavalye polka n. An nou chak aprann lapriyè Boukmann nan pou ka wete nanm Tayinos, nanm zansèt afriken yo, ak tout nanm pa n nan chenn tout bon.
Nan memwa Tayinos yo, ann fè linyon nan divèsite pou n ka kraze sèpan ak plizyè tèt sa a ki pa janm sispann pèsekite n.

Pwofesè listwa, sispann di timoun yo, Kristòf Kolon te dekouvri Ayiti. Di yo pito ke Kristòf Kolon te yon gwo asasen ki tap travay pou Legliz Katolik. Konsa timoun yo va konprann tout bon ki yès kap benyen nan mansonj, e ki yès kap di laverite.
Si n pa aprann de pase n, nap disparèt menm jan ak Tayino yo. Si gen kèk ti gren ki rete, sipremasy blan ap mete n nan rezèvasyon tankou l fè pèp premye nasyon yo, epi lè sa a Ayiti pral tounen Hawayi. Ann reveye anvan twò ta bare n.

PA BLIYE, SE FÈ KI KOUPE FÈ, LINYON FÈ LAFÒS


Maud Jean-Michel ( Sanit B. )

"Yon sèl nou fèb, ansanm nou fò, ansanm, ansanm nou se Lavalas".
P.O.BOX 2252 Fort Pierce, Florida 34954
info@fanmilavalas.net
www.fanmilavalas.net
954-670-9209