vendredi 18 mars 2011

ALLOCUTION DU PRESIDENT ARISTIDE A L'AEROPORT INTERNATIONAL TOUSSAINT LOUVERTURE LE 18 MARS 2011

Sè m, Frè m, Onè! Respè! Otorite ki nan Leta Peyi dAyiti, Reprezantan Gouvènman Afrik Du Sud, Anbasadè Matu ak Sè nou Matshidiso, Otorite ki nan òganizasyon Nasyonal kòm entènasyonal, Sèm ak Frèm Ki nan kat kwen peyi ya ou aletranje, Mwen kontan salye n nan lonbraj Ayewopò Toussaint Louverture.

Sèm, Frèm, Onè! Respè! Onè pou ou! Respè pou Ayiti!
Ala kontan m kontan fè youn avèk Minouche, Christine, Michaëlle pou Salye ou e anbrase ou fratènèlman!

Sèm, Frèm, Si w te ka poze men w sou kè mwen, Ou ta santi kijan lap bat pi vit, pi plis Pou di w: Bravo! Mèsi! Bravo! Mèsi!

Bravo pou kouraj ak entèlijans Pèp la! Mèsi mil fwa pou akèy san parèy sa a! Bravo pou tout bèl leson Pèp la deja bay! Mèsi mil mil fwa pou bèl solèy solidarite Ki pa te janm kouche dèyè mòn egzil sa a.

A warm welcome to: Ira Kurzban, Dany Glover, Laura Flynn, James Early, Selma James, widow of CLR James, Margaret Prescod, Paul Burke.

Greetings to: Honorable Deputy Maxin Waters, Randall and Hezel Robinson, Brian Cancanon, Claude Ribbe.
Peace to: Jhon Maxwell and the victims of the disaster in Japan.
Onè ! Respè ! Onè pou ou e respè pou memwa 300.000 viktim tranbleman tè ya ! Respè pou memwa tout moun ki Viktim kolera ou katastwòf politik.
Men nan la men, bradsou bradsa, Ann trese yon bèl kouwòn onè respè Pou Rev Pè Gérard Jean-Juste ak Tout lòt ewo ki sakrifye lavi yo nan Defann diyite Ayiti ki malad grav.

Sèm, Frèm, Pèmèt mwen pataje chalè remèsiman an Ak anpil zanmi ki pa fèt an Ayiti, men Ki renmen Pèp Ayisyen ak tout kè yo.

An 2004, gen nan yo ki te al chèche n Nan peyi Afrik Santral pou akonpaye n Rive nan peyi Jamayik an natandan Prezidan Tabo Mbeki te chwazi depeche Pwòp avyon prezidansyèl Lafrik Di Sid Pou n te retounen nan bra manman Lafrik.

Yon gwo gwo mèsi pou Prezidan Zuma, Prezidan Mbeki, Prezidan Mandela ak Tout lòt sè n ak frè n kap viv nan peyi Afrik Santral, Jamayik ak Afrik di Sid.

Jan m te di l, anvanm kite Afrik di Sid Nan lang isiZoulou ak lang Swahili :

(IsiZoulou)
Yize iHaiti ikude naAfrika, asisoze sazikhohlwa
izimpande zamasiko ethu. Ngesikathi zonke
sizobatshela abantwana nezizukulu zethu :
Manikumbule lapho okoko bethu bazalelwe khona.
Niqubele ngokubona lendawo eya eAfrika.
Niqonde ngqo ngalo mgwaqo.

(Swahili)
Umoja ni nguvu,
Utengano ni udaifu.
Mtu ni watu.

Sa vle di: Menm si Ayiti lwen lAfrik, Nou pap janm bliye rasin kilti nou. Nap toujou di pitit ak pitit pitit nou yo : Sonje kote Zansèt nou yo te fèt.

Kontinye gade nan direksyon lAfrik. Kenbe wout sa a drèt, nèt ale. Linyon fè lafòs, divizyon fè lafeblès. Ki di youn nan nou di nou tout.

Sèm, Frèm, Jan nou konnen, rekonesans fè sans. Pou tout lòt vrè zanmi etranje nou yo Kap viv nan divès lòt peyi sou latè, Nou pwofite voye yon mèsi espesyal.

Vrè zanmi etranje ki la avè n jodiya Ak anpil lòt ki prezan nan lespri yo Se moun ki toujou chèche konprann Ni mwèl soufrans, ni mwèl diyite Kap sikile nan langaj Pèp Ayisyen.

Poum konprann kijan sèvo moun Ki pale 8 a 10 lang fonksyone, Mwen anrejistre ond sèvo wa ak yon Aparèy yo rele elektwoansefalogram.

Pou vrè zanmi sa yo konprann kijan Langaj Pèp Ayisyen chaje ak di plis Tankou mwèl diyite, mwèl soufrans, Yo fè ni kè yo ni brenn pa yo mache Jis yo konn tonbe damou pou Ayiti.

To understand how the human brain processes 8 to 10 languages, I use an EKG machine and record the brain waves. But to understand the Haitian meta-linguistics, true friends of Haiti such as the members of this prestigious delegation, use both their brain and their heart. I think that the bonds linking them to Haiti are deeply rooted in a real love story. What a clear reflection of true love and true friendship! A friend in need is a friend indeed. Thank you so much.

As the brain takes only 100 ms to detect happiness, you may already realize how your presence contributes to make the Haitian people so happy today. In 1804, the Haitian revolution marked the end of slavery. Today, may the Haitian people mark the end of exile and coup d’état while peacefully we must move from social exclusion to social inclusion. Once again, thanks from the bottom of our hearts.

Un saludo muy caloroso y un abrazo fraternal a nuestros hermanos y hermanas de Cuba, especialmente los médicos que se han entregado sin cansancio en la lucha en contra del cólera? Quién sabe cuantas víctimas del cólera ya hubieran muerto, si no fuera por su asistencia médico?

Rechazando la propaganda y acercándose cada día más a los enfermos, Uds cristalizan una fuente de vida y un tejido de solidaridad humana. ! Ojalá que la luz de este testimonio guíe los pasos de tantos hombres hacia un mundo mejor ! A Uds todos, gracias, muchíssimas gracias!

Sèm, Frèm, Siw te ka panche tèt ou sou kè mwen, Ou ta tande aklè kijan li ap chante Yon melodi konsolasyon pou Ayiti. Ayiti manman nou ki bezwen respire Oksijèn diyite pou lawont pa toufel.

Tank mwen kontan pou wè nou tout, Se tank dlo soufrans nou yo ap koule Tankou yon larivyè doulè nan tout kòm.

Tank mwen kontan pou wè nou tout, Se tank larivyè doulè viktim yo anvi Dechire kèm poul vin ponpe nan jem.

Si mwen menm ki fenk retounen lakay, Se konsam santim, ou pa bezwen dim Kijan manjezon doulè sa a rèd pou wou.

Depi tranbleman tè goudougoudou wa, Sim te ka transfòme chanm kèm an Chanm kay, tout viktim tap jwenn kay Pou sispann dòmi nan lari, nan labou, Anba tant chire kole pyese moso prela , Moso dra, moso katon IMILYASYON.

Wi, imilyasyon yon Ayisyen, Se imilyasyon tout Ayisyen. Lè diyite yon Ayisyen blese, Se nou tout Ayisyen ki senyen.

San nou se san Tousen Louvèti, Nou pa ka trayi san nou. Non ! San nou se san Tousen Louvèti, Nou pa ka trayi san nou. Non !

Sèm, Frèm, Jodi ya, akouchman retou wa fèt Anba lonbrayTousen Louvèti. Lè yo te kidnapel pou egzilel Nan mwa jen 1802, li te deja di :

Rasin libète yo anpil e yo plante fon. Koupe pye libète sa a se youn, men Rive elimine tout rasin yo, se jamè.

Ochan pou Jeni sa a ki te leve lonè Tout pitit zantray Manman Lafrik ! Ochan pou tout rasin libète ki fleri Anba dekonm poun te ka retounen.

Jodi ya, anba lonbray Tousen Louvèti, Nou kontan vin kanpe ak tout jèn yo, Nou menm nouvèl jenerayon ki vle : Edikasyon nan diyite, san eksklizyon.

Nou gen rezon paske Sin pa sove diyite nou, Diyiten ap sove kiten.
Wi, nou gen rezon paske Pwoblèm nan se eksklizyon, Solisyon an se enklizyon.
Eksklizyon Fanmi Lavalas Se eksklizyon majorite ya. Eksklizyon majorite ya egal Koupe egzakteman branch Ke nou tout chita sou li ya.

Pwoblèm nan se eksklizyon, Solisyon an, se enklizyon Tout Ayisyen san patipri Paske tout moun se moun. Donk,vòt tout moun konte.

An 1804, apre lendepandans, Te gen 20 medsen ak 2 dantis Pou 400.000 moun nan peyi ya.

Jodia, pa menm gen 2 doktè Pou chak 11.000 Ayisyen. Sa a, sa a se youn nan rezilta Mòd edikasyon ekslizyon wan.

Pou lonè Papa Jan Jak Desalin, Nou vin pote ti konkou pa n. Si balon edikasyon an santre Sou teren diyite, fòk wè pa wè, Nou mete eksklizyon awoutsay.

E lè sa a nouvèl jenerasyon an Pral kòmanse benefisye nan Richès kap dòmi nan zantray Peyi dAyiti nou an, kidonk :

Lò, kwiv, iranyòm, boksit, Ajan, poutzolan, mab elatriye. Kabonat kalsyòm ki nan Payan, Miragwan, depase $ 23 milya.

Rezèv petwòl la, san dout, Pi plis anpil pase sa nou kwè. Dayè nou menm menm Ayisyen, Nou se pi gwo, pi gwo richès la.

Sè m, Frè m, Pandan 7 an, nou kominike a distans. Jodi ya, nou la pou ansanm ansanm, Nou simen lapè toupatou, tout tan, Tout kote pou tout fòm vyolans kaba.

Nou menm Ayisyen ki renmen lapè, Nou kondane tout kalite fòm vyolans Pou edikasyon jenès la ka debouche Sou lapè nan tèt ak lapè nan vant.

Sè m, Frè m, Pandan 7 an, nou kominike a distans. Jodia, nou la, nou la ansanm, kòtakòt. Nou la, lakay, paske lakay se lakay. Nou la ak nou tout ki la pou nou al la :

La kote mizè, grangou, chomaj, Ensekirite, kidnaping, koripsyon, Dwòg, vyolans, trayizon, enjistis, Rasis, eksklizyon ak esklavaj modèn Pap toujou kanpe la pou fè n delala.

Ayiti nou an malad grav anpil. Soti 29 Fevriye 2004 rive jodi ya, Maladi ya malerezman vin pi grav.

Men, byen mal pa vle di lanmò : Pi gwo espwa Ayiti, se Ayisyen. Pi gwo remèd Ayiti, se lanmou.

Apre 7 ane egzil sa yo, nou deklare 7 fwa 77 fwa 7 fwa se Mèm Amou. Mèm Amou pou ou ki isit an Ayiti. Mèm Amou pou ou ki aletranje.

Si jodi ya nou youn retrouve n Nan bra lòt, isit, isit la menm, Se gras a ou kem renmen amò.

Jeunesse de mon Pays,

Vous, Jeunes Héros et Héroïnes d’Haïti, Vous, amoureux, amoureuses de la liberté, Soyons tous présents au rendez-vous De la Première République Noire, Tapie sous le poids de ces 25.000.000 De tonnes métriques de décombres.

Si l’éclosion du crocus dépend des rayons du soleil, L’éclosion d’Haïti dépend du soleil de notre amour.

Haïti nous unit à cette terre comme le pétiole relie le limbe à la tige. Tige de liberté conquise, combattue, battue mais jamais abattue.

Tige de liberté dont la nervure principale symbolise notre dignité. Tige de liberté dont la sève est et demeure l’amour par excellence.

Si l’éclosion du crocus dépend des rayons du soleil, L’éclosion d’Haïti dépend du soleil de notre amour.

Haïti, Haïti, plus je m’éloigne de toi, moins je respire. Haïti, Haïti, je t’aime et je t’aimerai toujours. Toujours !

Sè m, Frè m, Lè w tande deklarasyon damou sa a, Se bò sèvo goch ou ki kapte pawòl la, Pandan bò sèvo dwat la kapte emosyon Ak mizik ke pawòl la pote pou ou wa. Kidonk, chak pati nan kò wa gen wòl li.

Wòl pa m se sèvi ou nan lanmou. Wòl pa w se viv pou Ayiti pa mouri. Wòl bon patriyòt se renmen peyi l.

Bon tan, move tan: SE MÈM AMOU ! An egzil ou lakay : SE MÈM AMOU ! Avè w pou toujou : SE MÈM AMOU !


"Yon sèl nou fèb, ansanm nou fò, ansanm, ansanm nou se Lavalas"
CFLHO P.O.BOX 2252
Fort Pierce, Florida 34954
http://www.fanmilavalas.net/
 info@fanmilavalas.net
312-735-6297