dimanche 21 juin 2009

NOU PAP JANM BLIYE WÒL KE LILYAN PYÈ PÒL AK RADYO KISKEYA TE KONN JWE SOU REJIM DIVALYE YA


Òganizasyon Veye Yo
28 NE 54 ST
Miyami, Fl 33137
Miyami jou ki 21 Jen 2009

Nòt Pou Laprès
Depi Miyami, Òganizasyon Veye Yo wete chapo pou salye tout manm Laprès an jeneral epi fè yo konnen ke Òganizasyon an pa sezi sou reyaksyon direksyon Radyo Kiskeya apre fineray gran militan politik ak manm fondatè Veye Yo Pè Jera JanJis alyas Jeri.
Kòm nou dwe raple, Pè JanJis te yon militan ki te pase tout vi l nan defann dwa moun, lè li te konn sèvi ak vwa li pou l denonse vyolasyon dwa refijye politik sou Divalye ak sou rejim militè Divalyeris apre Divalye. Li te konn denonse vyolasyon ak abi sou lòt moun tankou Liliane Pièpòl, Himlè Rebi, Qualo, Biambi, Evans Paul ak tout prizonye La Tousen yo. Nap sonje tou lè Amnisti Entènasyonal te konsakre li “Prisonnier de Conscience” lè Gouvènman GNB Gwo Jera Latòti ya ak Bèna Gous te mete l nan prizon sou akizasyon ki pa kanpe sou anyen.
Jodiya, Veye Yo denonse menas ak entimidasyon ki ap fèt sou manm li yo ki ale an Ayiti, ki al akonpaye kadav Pè Jan Jis, nan mikwo radyo Kiskeya kote Lilyan Pyèpòl retounen nan wòl endikatè polis politik, li te konn jwe sou rejim Koudeta 2004 la. Anpil militan politik ki pran egzil, ki tonbe nan prizon san jijman, ki mouri anba bal militè etranje ak lapolis, se rezilta pawòl rayisman ki nan nouvèl Radyo Kiskeya espesyalman Lilyan Pyè Pòl.
Nou menm nan Veye Yo, nan okazyon kote menas sou manm nou yo ki an Ayiti al akonpaye frè nou Jera Jan Jis nan dènye demè li nan Kavayon, nou denonse zak endikatris polis politik Lilyan Pyè Pòl ak ekip Radyo Kiskeya alyas Radyo Mil Kolin ki mande arestasyon kidnaping sou Lavarice Gaudin ak lòt kanmarad ki akonpaye l yo. Sa fè nou sonje travay yon fanm ki te rele Jaklin Volel te konn fè kont militan pwogresis pandan li te toujou andedan Mouvman an.
Lilyan kriye nan yon grenn je, paske l te toujou ipokrit ak lit pèp la. Nou pa ta ka bliye chèk ke Lilyan te konn touche pa anba nan Palman Divalye ya anba prezidans Depite avi Viktò Nevè Konstan, alòske li te nan ekip Radyo Ayiti a ki tap twoke kòn ak diktati Baby Dòk la. Jounen jodiya, nou leve vwa nou byen wo nan Veye Yo pou nou di kèlkeswa yon grenn cheve ki ta tonbe nan tèt yon militan Veye Yo, militan kap batay pou chanjman total kapital nan Peyi Dayiti, se responsablite Lilyan Pyè Pòl ak Radyo Kiskeya Mil Kolin, ak tout pouvwa GNB/Makout ki nan Primati ak Palè Nasyonal.
Pou Veye Yo
Tony Jeanthenor,
Angelina St Phar
Ardrouin Jean-Jacques

www.fanmilavalas.net