samedi 28 février 2009

FANMI LAVALAS NAN BOSTON 29 FEVRIYE 2004-28 FEVRIYE 2009


Boston 28 Fevriye 2009


NÒT POU LA PRÈS

29 Fevriye 2004, 28 Fevriye 2009, sa fè 5 lane depi lenmi demokrasi nan lakou lakay te fè konplo ak fo zanmi peyi dayiti yo pou bay pèp ayisyen an yon panzou. 5 lane depi lidè istorik pèp ayisyen an, prezidan JAN BÈTRAN ARISTID, te kidnape e ekzile nan peyi zansèt nou yo. 5 lane depi machin devlopman, sekirite, edikasyon, sante ak agrikilti peyi a an pann. Fanmi Lavalas nan Boston ak pwofite mande Kominote Entènasyonal la pou yo pran nòt sou konpòtman KEP a ki mete n deyò nan zafè eleksyon ki se prèv ke se kidnapin 29 fevriye 2004 a kap kontinye.

Moman an rive pou tout ayisyen chita ansanm, pou reflechi sou gwo malè pandye sa a ki vize detwi peyi dayiti e elimine tout vrè pitit Desalin yo. Moman an rive pou n sekwe branch mobilizasyon an pou n fè respekte dwa nou. Divizyon se pwazon pou detwi yon nasyon, tèt ansanm se remèd pou lavi miyò. Ann rasanble fòs nou pou kwape tout malentespri. Ann mobilize pou retou lidè istorik pèp ayisyen an, prezidan JAN BÈTRAN ARISTID.

Dlo a te koule, men kanari a pat kraze. Boujon lespwa paka donnen anba wòch trayizon.
Pou komite a




PHILIPPE ANDRE JACQUES, Kòdonatè Jeneral
BABEAU VILLIER, Delege