vendredi 7 mai 2010

MOBILIZE POU RETOU, POU LAVI NOU KA CHANJE

Nou salye tout manb Fanmi Lavalas Kap Viv Lotbò Dlo, an Ayiti, plis patikilyèman Reprezantan Nasyonal la Doktè Jan bètran Aristid.

Mezanmi nou ka wè ke gouvènman Preval Bellerive la ap regle zafè konsèvatè egoyis yo nan peyi ya. Pandan pèp la ap dòmi nan lari anba tant, inivèsite yo menm yo mete yon kwa wouj sou kesyon sa.

Pitit pèp la ap soufri, pandan pitit pèp la nan lari ya. Tè tranble ya ki sot pase 12 janvye ya se tankou yon okazyon nèg sa yo tap tann pou yo te fè ejemoni yo. Pandan moman sa pa se yon defisi total pou pèp la, pandan otorite yo ap jere ejemoni yo, zak malonèt, tankou piyaj, kadejak sou fanm, ap pase 7.4 sou echèl Richter ak plizyè replik dèyè li yo pa di anyen pou pèp la kap soufri grangou, lè solèy midi ya leve moun yo ap boule anba tant tankou bwa vèt, lè lapli ap tonbe yo anpile tankou fatra.

Kominote entènasyonal la ap fè diplomasi, sou prezidan Boyer Blan franse fè nou peye yon dèt ilejitim, se pou kòb restitisyon sa a, ke prezidan Aristid pat mete tèt li anba, li pat mete dlo nan bouch li pou li te reklame pou yo te repare Ayiti, jounen jodi ya se youn nan kòz ki fè Prezidan Aristid egzile jis Afrik disid.

Apre tè tranble ya yon pakèt kòb antre nan peyi ya pèsonn pa gen kontwòl kòb sa yo, pèp la nan nesesite, tout lòt peyi fè aktivite festival, ranmase don, medikaman pakèt lajan, pèp la bezwen kòb li paka jwenn kòb, li bezwen manje li paka jwenn manje, li bezwen medikaman li paka jwenn medikaman.

Nou mande tout moun ki gen pri nobèl pou lapè nan mond lan pou yo evite gè sivil sa a ke moun kap dirije yo vle mete sou do pèp la pa rive fèt (Referans okipasyon ameriken 1915 la), pandan pèp Ayisyen an ap soufri ya.

Nou mande tout moun nan mond la ki gen pri pou dwa moun pou yo di yon mo pou retire pèp la nan sitiyasyon inimèn li ye ya. Paske kelkeswa kote ke moun kondane pou yo viv nan kras, ebyen kote sa a ap vyole dwa moun

Nou menm nan Fanmi Lavalas nou mande, yon peyi ki baze sou respè dwa moun, konsèvatè egoyis Non! tout dwa pèp la garanti wi ! diktati sou fòm entèlijan Non!

Nap pwofite di mobilizasyon, pou retou fizik Doktè Jan Bètran Aristid pou lavi nou ka chanje, mobilizasyon pou nou rive pran pouvwa pou nou chanje kondisyon lavi pèp la, mobilizasyon pou nou kontinye mande tout lòt peyi ki tap ranmase kòb sou do Ayiti yo ke nou bezwen kòb nou pou nal regle zafè pèp la ki nan nesesite.


Kowódinasyon Fanmi Lavalas Argentine


Yon sèl nou fèb, ansanm nou fò, ansanm, ansanm nou se Lavalas.




"Yon sèl nou fèb,ansanm nou fò,ansanm,ansanm nou se Lavalas".
P.O.BOX 2252 Fort Pierce, Florida 34954
info@fanmilavalas.net
www.fanmilavalas.net
312-735-6297