mardi 17 novembre 2009

NÒT POU LAPRÈS

Madi 17 novanb 2009

Komite Fanmi Lavalas Ayisyen Kap Viv Lòt Bò Dlo (CFLHO) retire chapo l byen ba poul salye tout konpatriyòt, patizan ak senpatizan òganizasyon Fanmi Lavalas yo. Komite ya ap anonse piblik la ke, nan kad travay mobilizasyon lap fè pou bay òganizasyon an jarèt atravè lemond antye. CFLHO te jwenn yon envitasyon pou al patisipe nan yon konferans entènasyonal nan Peyi Venezuela.

Yon delegasyon konpoze de Senatris Youseline Bell, Jacob François, Fritzner Pierre kap viv nan lakou nouyòk, ap pran vòl Mėkredi 18 novanb 2009, lap retounen dimanch pwochen kap 22 novanb.

Delegasyon an pral brase lide ak mande èd lòt peyi yo pou:

1-ede peyi ya prepare pou rechofman planèt la, ak dezas natirèl yo ki koze anpil lanmò nan peyi ya.
2-ede Lidė Karismatik la, Dr. Jn B Aristid, ak tout lòt ekzile politik yo retounen nan peyi yo.
3-Jwenn ankadreman pou viktim koudeta 2004 yo nan kad bilateral
4-ede Fanmi Lavalas goumen pou yon vrè demokrasi tabli nan peyi ya.
5-Ede nou konbat tout kalite eksklizyon.
6-Ede nou kontinye fè edikasyon sivik pèp la sou enpòtans pou konsève souverènte nasyon an.
7-Kontinye ede peyi ya sou wout devlopman, nan kad enėji, wout, kominikasyon, travay, ledikasyon elatrye.

Yon sèl nou fèb, ansanm nou fò, ansanm ansanm, nou se Lavalas.





"Yon sèl nou fèb, ansanm nou fò, ansanm, ansanm nou se Lavalas".
P.O.BOX 2252 Fort Pierce, Florida 34954
954-670-9209
www.fanmilavalas.net