lundi 21 décembre 2009

SON EKSELANS, DR JEAN-BERTRAND ARISTIDE, SWETE N YON BÒN ANE 2010 !

Bòn Ane 2010 !


Sè m, Frè m,

Pandan kè nou ap bat sou kadans Mèm Amou an,

Minouche avè m kontan anbrase w fratènèlman

E swete w yon BÒN ANE! BÒN ANE 2010!

Gwo bo afeksyon ak tandrès pou ti moun yo!

Anpil lanmou pou jèn ki renmen pafen diyite!

Lè pafen diyite tonbe nan boutèy libète, li poze.

Lè l tonbe nan boutèy eksklizyon, li eksploze.

Si n pa sove diyite n, diyite n ap sove kite n.


Si n pa sove diyite n, diyite n ap sove kite n.


Nan lane 1804, pandan kanon libète

Tap chante libera lesklavaj an Ayiti,

Kolon ki bò isit an Afrik te deklare :

“Nèg pa gen diyite; yo pa merite libète.

Mete makak sou nèg san diyite sa yo.”


Anplis kout makak pou kò esklav yo,

Kolon yo te taye yon bonèt makak

Pou eseye vire lolòy tout esklav yo.

Se te yon kokenn zam sikolojik pou

Vide konplèks enferyorite nan tèt yo.

Dapre kolon yo, konplèks enferyorite ya

Ap fè esklav yo wont pwòp tèt pa yo.

Konsa, pap gen diyite pou akouche libète.

Bonèt makak sa a te kache yon pèlen ki gen 2 tèt :

1- Nèg ki admèt ou enferyè deja kondane pou

Mouri nan esklavaj ou nan eksklizyon an.

2- Nèg ki vle chèf e ki soufri konplèks enferyorite,

Deja tou ajenou pou sèvi kòm konze, san diyite.


Sèvo Tousen Louvèti ak Desalin, evidamman,

Pat janm kokobe anba konplèks enferyorite.

Byen vit, yo te dekouvri vye taktik kolon yo.


Tousen Louvèti te konn ensiste pou montre

Kijan diyite ka bay fòs pou akouche libète.

Ni Tousen Louvèti, ni Papa Desalin te ka redi:

Lè pafen diyite tonbe nan boutèy libète, li poze.

Lè l tonbe nan boutèy eksklizyon, li eksploze.

Si n pa sove diyite n, diyite n ap sove kite n.

Si n pa sove diyite n, diyite n ap sove kite n.

Anvan n gade kijan pou nou rive anpeche

Diyite n sove kite n nan ane 2010 sa a,

Ann fouye rasin diyite ya ak linèt lasyans.

Sa fè preske 2 milyon ane

Depi sèvo moun evolye pou

Rive nan OMO ABILIS.

Omo abilis vle di moun abil.

Olye yo te mache sou kat pat,

Evolisyon sèvo yo te pèmèt yo

Mache sou 2 pye dèyè yo.

Konsa, pye devan yo vin sèvi

Kòm men pou fè zouti, manje…

Sèvo Omo Abilis pat lou ditou.

Li te peze anviwon 500 gram.

Pi ta, lè Omo Abilis te vin tèlman fò, fò

Nan kesyon mache sou 2 pye, yo rele l

An laten, OMO EREKTOUS, sa vle di,

Moun ki drese drèt pou mache sou 2 pye.

Sèvo Omo Erektous te rive nan 808 gram.

Lè sèvo l ogmante pou rive nan 1400 gram,

Yo chanje non l pou rele l OMO SAPIENS.

Omo Sapiens vle di moun saj, moun entèlijan.

Se yo menm ki te soti an Afrik, tonbe an Azi

Pou travèse an Amerik, rive bò lakay apye.



Yo te ka fè wout la apye paske lè sa a

Pat ko gen lanmè berig pou separe

Kontinan Azi ak kontinan Amerik.

Sa gen anviwon 15 a 30 mil ane

Depi yo te fè gwo vwayaj sa a apye.

Sèvo nou menm tou se sèvo Omo Sapiens.

Li 2 fwa pi lou pase sèvo chenpanze ak goril.

Menm si sèvo elefan pi lou pase sèvo moun,

Se akoz grosè kò elefan an, men se pa anyen

Devan pisans wòd pòte ki chita nan sèvo moun.


Nan dènye 10 zan anvan Premye Janvye 1804 la,

Yon seri savan tankou Galvani, Aldini, Volta,

Alexander von Humboldt… te fè anpil diskisyon

Sou pisans enèji elektrik ki nan kèlkeswa sèvo wa,

Kit se sèvo yon moun, kit se sèvo yon zannimo.

Sa mennen n poze yon kesyon syantifik

Ki konekte dirèk dirèk ak diyite moun.

Kesyon an ?

Ki sa k fè gen yon kokenn diferans

Ant sèvo yon moun ak sèvo yon bèt ?


Repons :

Ni pou yon moun, ni pou yon bèt,

Dèyè sèvo wa rele SEREBELOUM

E devan sèvo wa rele SEREBROUM.


Nou redi: dèyè se SEREBELOUM

E devan sèvo wa se SEREBROUM.

Men, nan sèvo bèt, serebroum nan

Ou byen devan sèvo a pa devlope.


Ò, bout devan an, se li menm menm ki katye jeneral

Rezonman, refleksyon, kalkil, konsyans, entèlijans…

Nan sèvo bèt, jan nou te di, sereboum nan pa devlope.

Nan sèvo moun, erezman, afè mache sou 2 pye ya

Te jwe yon gwo wòl nan devlopman serebroum nan.

Ni sèvo esklav, ni sèvo kolon

Gen serebeloum ak serebroum.

Sonje, serebroum se devan an.

Sepandan, 400 zan esklavaj la

Fè nou poze anpil kesyon sou

Devlopman serebroum kolon yo.

Nan gwo evolisyon pou vin pi moun,

Sèvo esklav yo te pi an sante lontan

Pase sèvo kolon k te di yo siperyè yo.

Lè n fè radyografi krim kolon yo

Te fè pandan 4 syèk lesklavaj la,

Nou dekouvri aklè fonksyonman

Sèvo anpil kolon ki te psikopat.

Yon psikopat pa gen eta dam lè lap sasinen moun.

Kesyon moral, kè sansib, sa pa egziste pou li.

Si pou enterè pòch li, li santi fò l disparèt yon pèp,

Lap fèl e li pap gen ankenn lagratèl nan konsyans.


Se egzakteman lekontrè pou yon moun

Tankou Tousen Louvèti ki te konnen

Moun gen diyite e diyite egzije libète.


Premye Janvye 1804 la

Se yon revolisyon sèvo.

Wi, Premye Janvye 1804

Se yon revolisyon sèvo.


Sèvo esklav yo revòlte e

Yo di: Nou pa makak,

Nou pap mache a kat pat.


Nou pa makak, nou pap fè makak.

Nou pa bourik, nou pap bourike

Pou chwal galope sou po do n.


Donk, se diyite sa a menm ki te akouche fòs

Pou esklav yo te reyalize Premye Janvye 1804.

Jodia, 205 lane apre, ki sa k rete nan diyite sa a ?


Sè m, Frè m,

Jodia, 205 lane apre, ki sa k rete nan diyite sa a ?


Jèm diyite sa a toujou byen vivan

Nan san Pèp Ayisyen an, sepandan

Li disparèt nan san pi fò dirijan yo.


Si jodia endiyasyon ap toufe Pèp la,

Se paske Pèp la blese nan diyite l.

Kouto trayizon an pike li fon, fon.

E paske l gen diyite, li senyen anpil.

Deplis, odè imilyasyon an ap toufe l;

Sant eksklizyon an ap dekonpoze l.


Si mizè, grangou klowòks ak asid batri

Fè l ap kankannen nan dife chomay,

Se pa akoz parès jan yo abitye akize l.

Aletranje kòm lakay, Ayisyen toujou

Redi travay di, paske l gen anpil diyite.


Pi gwo sous mizè a se triyo sa a:

Kolon, nouvo kolon ak konze yo.

Konplo wa se jouke pòv malere nan

Esklavaj modèn ou neyoliberal la.


Gade nan ki eta Peyi nou an trouve l

Depi kidnaping 29 fevriye 2004 la !

Gade kijan tout pwomès lespwa

Tounen gwo pè souflèt dezespwa !


Nan bay egzibisyon de gidon,

Koripsyon fè salè minimòm

Tounen yon malè minimòm

Anba yon mizè maksimòm.


Malgre tou, paske l gen diyite,

Pèp la kontinye pwouve kijan

Li grangou men l pa ti grangou.


Se pousa li pap janm ka bliye

Lanmò Pè Jan Jis ak anpil lòt Ewo,

Disparisyon frè nou Lovensky,

Kalvè prizonye politik kap pouri

Nan prizon depi ane 2004-2005.


An 2006, Pèp la te vote pou retou.

Rezilta ? Trayizon. Pwen. Pwen ba.

An 2009, lè majorite a mande eleksyon lib,

Pouvwa a koule beton mepri nan zòrèy li

Pou l choute Pèp la ak yon awogans engra.


Otorite yo jete Pèp la tankou yon pil fatra.

Lajistis di: Otan ! Otan ! Pèp la gen rezon.

A ! Blag ! Ata jij pran kout pye revokasyon.


Kòm Pèp la gen anpil diyite, li fèmen pòt li

19 Avril ak 21 Jen pou montre endiyasyon l.

Sa l toujou vle se eleksyon e non seleksyon.


Men, pou rantre kouto trayizon an pi fon toujou,

Prezidan Préval fè seleksyon an san ankenn jèn.

Nan ane 2010 sa a, li pral fè lòt seleksyon pi rèd:

Pouvwa a boule limyè wouj Konstitisyon an aklè.


Lè pouvwa a boule limyè wouj Konstitisyon an,

Sa pa deranje etranje, men sa mete n pi andanje.

Diyite n oblije n ouvè je n pou n evite pi ta pi tris.


Blan yo te peye 12 milyon 500 mil dola ameriken

Ou ankò, 72% lajan ki te fè seleksyon 2009 yo.

Kounye a Blan yo dispoze peye 18 milyon dola

Pou kontinye fè lòt seleksyon nan ane 2010 sa a.


Konsa, nan menm lojik byen konte mal kalkile ya,

Prezidan peyi ya santi li alèz anba zèl cha blende,

Pou li blende Pèp Ayisyen ak boulèt seleksyon.


Ayiti anba yon lòt koudeta elektoral kote

Okipasyon cha blende, se rete kanpe la pou

Boulèt seleksyon gaye sèvèl yon Pèp ki

Pa gen ni dwa pou vote, ni dwa pou manje.



Sè m, Frè m,

Nan respè ak diyite, fòk gen moun saj ki di non !

Pou sove diyite Ayiti, fòk gen moun saj ki di non !

Pou pi ta pa vin pi tris, fòk gen moun saj ki di non !

Pou diyite n pa sove kite n, fòk gen saj ki di non !


Si tout koudeta elektoral ak koudeta kidnaping

Te rapòte Ayiti, jodiya, mizè ya pa ta vin pi rèd.

Si 500 zan eksklizyon ou apatay te rapòte Ayiti,

Jodiya, nou pa ta toujou ap mare lafimen kriz,

Alòs ke n chita sou bon jan richès natirèl tankou

Lò, kwiv, iranyòm, boksit, ajan, poutzolan, mab…

Kabonat kalsyòm Payan sèlman depase $ 23 milya.

Rezèv petwòl la, san dout, pi plis pase sa nou kwè,

San konte nou menm menm ki se pi gwo richès la.


Lè ya rive pou n fè rekonèt diyite tout moun.

Tout moun san distenksyon, pòv kòm rich,

Peyizan kòm moun lavil, analfabèt ou pa,

Tout moun konte. Fòk vòt tout moun konte.


Moun ki sivilize pa nan chen manje chen.

Nèg ki sivilize pa trete moun kòm chen.

Blan ki sivilize pa pran Ayisyen pou chen.


Kolon te lage chen dèyè Afriken

Pou kenbe, mòde Nèg kòm jibye ;

Tousen pote mak chen mòde antrèt.

Desalin viktim gwo chen mechan.


Menm jan ak Zansèt yo,

Fòk Pèp la toujou refize

Kite mechan yo trennen l

Nan labou imilyasyon an.

Ochan pou chak Ayisyen ki kenbe

Bouji diyite ya byen fèm nan men l.

Bouji diyite sa a dwe toujou evite

Van divizyon pou l ret tou limen.

Pèmèt mwen felisite tout manm

Fanmi Lavalas ki ret kanpe djanm

Pou n reyisi ak Pèp la, jamè san li.

27 ane nan prizon pat fè Mandela

Sikonbe nan tantasyon trayi Pèp la.

Viktwa final la se pou Pèp Ayisyen.



Vox Populi, vox Dei ! Sa vle di :

Vwa Pèp la se vwa Bon Dye !

Ochan pou nou tout ki solidè avè l !

Chapo ba pou solidarite 15 Jiyè a !

Bravo pou kokenn mobilizasyon

16 Desanm 2009 la ki se tròkèt la.



Nou pi plis. Nou pi sibi. Nou pi viktim.

Men, plis nou plis se mwens nap viktim.

Depi gen eleksyon lib, onèt, demokratik,

Nap ranpòte laviktwa pou nou sèvi Pèp la ;

Jamè pou sèvi ak Pèp la jodi, trayi l demen.


Sè m, frè m,

Lespwa fè INITE jodi ya pou trayi demen.

Lespwa chanje non, men l pa chanje mèt.

Lespwa INITE se pran plis, pou trayi plis.



Rèv psikopat se itilize lajan Pèp la pou

Fè serebroum goumen ak serebeloum.

Lè serebroum goumen ak serebeloum

Sonje, se devan kap goumen ak dèyè

Pou psikopat yo sele Pèp la devan dèyè.


Rèv pa nou, se menm rèv Tousen Louvèti ya ;

Kidonk, fè diyite bay fòs pou akouche libète.

Rèv pa nou, se menm rèv Jan Jak Desalin nan ;

Kidonk ofri lavi nou pou sove diyite n paske

Si n pa sove diyite n, diyite n ap sove kite n.



Si n pa sove diyite n, diyite n ap sove kite n.


Tousen Louvèti rete fidèl jis souf li fin etenn.

Papa Desalin bay san l pou l pa bay kou nan do.

Fidelite sa a soti dirèk dirèk nan sous diyite ya.


Pou n pwoteje sous diyite sa a, fò n dedouble n.

E pou n dedouble n, fò n ogmante vitès sèvo wa.

Pou ogmante vitès sèvo wa, fò dòmi pa pote n ale.

Lè w nan fon somèy, sèvo a mache sou

Vitès DELTA ki ka bay 4 Hz chak segonn.

Lè w reveye je kale, tèt klè, ou tou limen,

Vitès sèvo wa ogmante jiska 18 rive 30 Hz.

Lè sa a, ou nan yon vitès ki rele BETA.


Se ak vitès beta nou te debouche sou 16 desanm 1990.

An 2010, pa gen dòmi di nan delta pou somèy pote n ale.

Donk, fòn pase vitès beta pou n soti nan eksklizyon an

E leve flanbo diyite ya lakay kòm aletranje chak jou pi wo.


Sè m, Frè m,

Pou kokenn wòl manman Ayisyèn jwe

Nan ba n tete lèt diyite depi n te ti bebe,

Pèmèt ke Minouche avè m prete vwa

Tout jèn fi, jèn jan ki sèvi ak pafen diyite,

Pou redi manman yo yon Bòn Ane espesyal.

Ou menm, Manmi cheri ki Okap, Okay, Jeremi,

Pòdepè, Fò Libète, Gonayiv, Ench, Jakmèl,

Miragwan, Sen Mak, Tigwav, nou di w Bòn Ane.


Yon lòt bèl woz Bòn Ane pou ou Manmi cheri

Ki nan Site Solèy, Lasalin, Bèlè, Solino, Matisan,

Gran Ravin, Kafou, Taba, Laplenn, Delma,

Petyonvil, Kenskòf, toupatou nan Pòtoprens.

Se pou pafen Bòn Ane 2010 la anvayi w,

Ou menm Manmi cheri kap viv aletranje.

Lè manman ap akouche yon pitit,

Sèvo l pwodwi yon chimi lanmou

Ke save yo rele OKSITOSIN.

Oksitosin nan fasilite akouchman,

Simante atachman pitit ak manman

E rann moun ki damou enseparab.

De menm, ant Manman Ayiti avè m,

Genyen yon dòz oksitosin espesyal ki

Rann nou enseparableman enseparab.


Kidonk, retounen jodi ya,

Ou byen retounen demen,

Retou wa ap fèt kanmenm

Pou n kontinye debouche

Anpil lòt bon pafen diyite

Nan lespri Mèm Amou an.


Annatandan ke lesepase

Gouvènman Ayisyen yan

Rive isit, an Afrik di Sid,

M chwazi lang manman

Mandela a ki se isiXhosa,

Pou redi n:

Sizodibana ekhaya!

Randevou lakay!


Ngothando olunye!

Mèm Amou!

Dr Jean-Bertrand Aristide

Pretoria, Desanm 2009


"Yon sèl nou fèb, ansanm nou fò, ansanm, ansanm nou se Lavalas".
P.O.BOX 2252 Fort Pierce, Florida 34954
info@fanmilavalas.net
www.fanmilavalas.net
954-670-9209