mardi 26 janvier 2010

BWAWON TONÈ

Bwawon Tonè, fout tonnè
Sa wap di nan sa?
Nou bliye lapriyè Bookman n nan.
Nou dezobeyi lòd papa Desalin yo.
Bwawon Tonè! Bwawon Tonè! Bwawon Tonè
Nou twoke pawòl piman bouk ou yo
Pou pawòl zonbi Willy Lynch yo.
Bwawon Tonè, gason vanyan,
Ou te kòmande n
Pou n te pran po blan an pou papye,
San l pou lank,
Zo bwa tèt li pou lankriye,
Yon bayonèt pou n trase vèvè listwa n.
Ayayay! Ayayay! Tonnè!
Nou fout boukante plas ak kolon yo.
Nou kite yo fè po n tounen tapi pou yo sapata n.
San n tounen gaz pou limen dife destriksyon n.
Lesklavaj mantal kadnase zo bwa tèt nou.
Bayonèt divizyon an depatcha Ayiti kou zenglen boutèy.
Bwawon Tonè, gason kanson,
Bèl peyi ou te kite nan men n nan
Tounen yon dyaman ki antere anba yon pil fatra.
Nou twoke laglwa pou lawont,
Libète pou lokipasyon.
Nou bay plas Dam Gonayiv do
Pou n echwe nan Kwom, Miyami.
Bwawon Tonè, ki jan n fè rive la?
Ki sa pou n fè pou n sòti nan sa?
An 1804, menm jan w te kòmande n nan,
Jodi ya nap kòmande w!
Sonnen lanbi rasanbleman an.
Mennen n tounen sou plas Dam nan Gonayiv.
Fè n jwenn yon papye tou nèf
Ke ni dlo pap ka chire, ni dife pap ka boule
Pou n reekri pawòl piman bouk ou yo.
Pawòl ki ban n bon jèvrin pou n kanpe djanm
Pwòl ki dwe fout bay blan frison jouk sa kaba.
Bwawon Tonè! Bwawon Tonè! Bwawon Tonè!
Ayiti ap chache yon jeni tankou w
Pou ede l mete nan sèvis li:
Po kolon san kolon, zo bwa tèt kolon
Ak yon bayonèt diyite ki fenk defounen
Pou n ka retire nan salte Ayiti lasirèn dyaman!
Bwawon Tonè! Fout di kichoy tonnè!

Maud Jean-Michel (Sanit B.)





"Yon sèl nou fèb, ansanm nou fò, ansanm, ansanm nou se Lavalas".
P.O.BOX 2252 Fort Pierce, Florida 34954
info@fanmilavalas.net
www.fanmilavalas.net
954-670-9209