lundi 1 juin 2009

KONDOLEYANS A FANMI AUGUSTIN, PIERRE, NAN PODEPÈ


Komite Fanmi Lavalas Ayisyen Kap Viv Lòtbò Dlo bese byen ba pou salye kadav Mesye Cellisa Augustin ki mouri jounen 31 Me 2009 la, nan dezyèm seksyon kominal Gwomòn, nan depatman Nòdwès. Mesye Cellisa Augustin te gentan viv 49 lane sèlman.
Kè nou fè nou mal anpil pou pèt sa a, se pou sa nou swete kondoleyans bay tout fanmi ak zanmi mesye Augustin. Pitit, neve, nyès, kouzen, kouzin, tout zanmi ak tout moun ke lanmò sa fè lapenn, espesyalman a bofis li mesye Reginald Pierre, pitit li Rene, Jackson, Lucilia, Cevana. Nou swete ke Bondye nan amou li ap resevwa Cellisa Augustin lakay li, kote la jwenn sous lavi ki pap janm fini yan.

Ke nanm li repoze an pè.

www.fanmilavalas.net