samedi 21 février 2009

ASOH SOUFLE LANBI MOBILIZASYON POU MANDE RETOU TITID ANVAN ELEKSYON AVRIL 2009 YO

ASOH SOUFLE LANBI MOBILIZASYON POU MANDE RETOU TITID POU DENONSE TRAYIZON AK KOUDETA ELEKTORAL

Ann pwofite montre yon lòt fwa ankò nan yon manifestasyon pasifik, ke Fanmi Lavalas rete yon zouti pou demokrasi jèmen nan peyi Dayiti.
Nan dat 28 Fevriye kap vini la-a, kap fè Prézidan ARISTID 5 an depi blan vini pran li pou li pa fini manda li pèp ayisyen te bali a.

ASOH di « ALASO POU RETOU TITID .

Li klè kou dlo kòk, ke plan ènmi an se fini ak Fanmi Lavalas. Montre yo yon lòt fwa, detanzantan ke se pèp ki bay pouvwa . Fòk nou kenbe biltin vòt nou nan men nou pou nou montre ke nou vle eleksyon, pou nou di non, konplo sa a pap pase.
Eleksyon pa janm fèt nan Eksklizyon , Se seleksyon yo vle fè pou mete tyoul yo nan palman an. Fòn montre ke nou konprann jwèt la.
Kenbe flanbo diyite nou byen wo ,yo pral distribye lajan agogo pou fè divizyon gaye. Se pa san rezon yo kite n san travay , se pa san rezon yo kenbe nou nan trip, se yon konplo pou redwi nou a zéwo, yo pa baw manje, wap dépafini, lé ou dépafini ou paka mobilizé ou paka revandike. Erezman nou intèlijan .Byen konte mal kalkile. Mobilize pou nal di paka gen eleksyon ak yon ti gwoup ayisyen .
Fòk tout ayisyen kapab al nan eleksyon pou vote nan moun li kwè. Tout lavalasyen ki kwè ke li nesesè pou bay yon leson ak KEP ya, ak Patwon ki ba yo lòd sal sa a pou fèmen pèp la deyò, pou yo kontinye akselere tren koudeta a.
ASOH mande Kominote Entènasyonal la pou yo pran nòt. Si KEP ya ap pale de dwa gran moun li genyen pou déside. Se pa vre, paske pi fò lajan an se Kominote Entènasyonal la ki bay li.
Donk ASOH ap tann reyaksyon Kominote Entènasyonal la poul ka konnen si yo konplis nan ekate Fanmi Lavalas nan kous la.
KEP ya di lap aplike la lwa, Kisa ki anpeche li chita ak Prezidan peyi a pou mande Retou Prezidan Aristide an Ayiti, pou vini ranfòse Fanmi lavalas ,tout moun va fè yon sèl, pwoblèm manda pap janm poze ankò. La vinn kontinye konstwi bèl inivèsite nan peyi ya - Jwen ansanm ak lòt sitwayen ki vle travay pou mete Ayiti sou wout devlopman .
Ann pwouve ankò yon lòt fwa fòs mobilisayon nou, nap montre yo ke TITID rete prezan nan wonn sant lan, li poko pase , li se chimen limyè espérans mass pèp la .
Tout kandida Lavalas yo Samedi 28 Févriye dwe fè yon deklarasyon ansanm pou kore demand pèp arisen an « Ki se retou fizik Prezidan ARISTIDE .
Ki donk: Pasifikman, Mande pou ki rezon yo pa vle Lavalas al nan eleksyon.
Lamp demokrasi ya ki te limen nan peyi Dayiti ak Prezidan Aristid
29 Fevrye 2004, yo touye limyè ya lè yo anlve Prezidan an Ki te eli pou 5 an.
Kanada nou kontan ou pran nòt, Etazini nou kontan ou pran nòt,
AEC Asosyasyon Eta Nan Karayib la,le Mond entye pran nòt.

ASOH di nou
Viktwa se pou pèp ki rete mobilize pou sitiyasyonl chanjé , nou pa gen dwa bay legen. Nan twou san fon sa a, koudeta kidnapin nan mete nou la a, nou paka rete ap gade. Fok nou pran chimen linité pou wete nou ladanl .

Nou pap bwè lèt koudeta eksklizyon elektoral nan manmèl bèf trayizon .


Paris, le 15 Févrye 2009


AKSYON SOLIDARITE AK AYITI

Aucun commentaire: