dimanche 31 mai 2009

OMAJ POU PÈ JAN JIS


JYERI!
Ou ale, ou pran devan, konplotè yo elimine w.
Ou pase nan ran zansèt yo.
San vwa yo pèdi yon vwa ki te toujou gen larezon.
Timoun nan ti plas Kazo yo, pèdi yon kè ki te konn renmen.
San papye nan Miyami, pèdi yon zanmi fidèl ki pat janm bouke.
Ayiti pèdi yon konbatan ak konviksykon.
Moun kap goumen pou respè dwa moun,
Pèdi yon kolaboratè fawouch.
Jeyeri, moun tankou w pa ka mouri!
Moun tankou w pa ka sispan goumen!
Pandan nap kontinye batay la isit,
Ou menm, kontinye travay ou lòt bò.
Fè dlo kap koule nan je pèp ayisyen,
Lave san inosan kap simayen tou patou an Ayiti.
Di Makandal, Ayiti bezwen konkou l
Pou n kwape maladi entènasyonal.
Di Kapwa Lanmò, voye prete n kouray li
Pou n al repran Vètyè.
Di Marijan, anpil fanm lakay ap dòmi nan kabann lenmi.
Di Tousen, ban nou ladrès li
Pou n mete koulèv 3 tèt la deyò nan peyi ya.
Di Desalin, machann peyi yo, twoke endepandans
Pou zèl poul ak diri pèpè.
Jyeri, lenmi w yo voye w ale twò bonè
Men yo pa ka touye nanm ou.
Klere chimen n pou n ka vanse nan liberasyon peyi ya.
Jyeri, kontinye voye je sou Ayiti ak tout pitit konsekan yo.
Jyeri! Ale. Ale. Na wè lòt bò.
Mod Jan-Michel (Sanit B.)

www.fanmilavalas.net

1 commentaire:

Reginald Pierre a dit…

Lanmò Jeri fè nou mal se vre, nou nan lapenn, tristès ak dezolasyon, men nou dwe reprann kouraj nou ak de bra pou rèv Jeri ya pou mouri nèt.
Pi gwo kado nou ka bay Jeri pandan lap repoze an pè nan bra Bondye lavi ya, se kontinye goumen pa bò kote sila yo ki pi fèb.

Jeri pa mouri paske zèv ak rèv li yo rete byen vivan nan memwa tout pitit konsekan peyi Dayiti. Nou dwe fè yon kokenn chenn inite nan mitan nou pou rèv li yo akonpli.

Kouraj, fòs ak detèminasyon pou tout manm, senpatizan ak patizan Fanmi Lavalas.