jeudi 28 mai 2009

SÈL PASPÒ E SÈL VIZA, KI KONTE SE LANMOU.


Pè Jean Juste triyonfe

Paske nan pòt lanmò a,

Sèl paspò e sèl viza

Ki konte se LANMOU.

E se la ! Wi , wi, se la !

Se la, nan pòt lanmò a

Nou tout gen pou pase.

Se la, sèl paspò e sèl viza

Ki konte se LANMOU.

Se la, nan vil Jerizalèm,

Anndan jaden Jetsemani,

Arestasyon Jezi te fèt

Nan blakawout lahèn.

Se la, nan Petyon Vil,

Anndan legliz Sen Pyè,

Arestasyon Pè Djeri te fèt

Nan menm blakawout la.

Se la, sou tèt tèt mòn kalvè,

Tout bouji lanmou te etenn

Pou mechan yo sakrifye Jezi.

Se la, nan kacho prizon lakay,

Yo te deja sakrifye Pè Jean Juste

Sou lotèl kidnapinn 29 fevriye a.

Se la, akoz lanmou ki nan kè l,

Jezu te ofri tout san ki nan kò l

Pou wouze tout jaden delivrans.

Se la, nan swiv Jezu ke l renmen,

Pè Jean Juste ofri dènye gout san pa l

Pou Ayiti tounen yon tè delivrans.

Se la, nou ka dekouvri aklè

Pa gen pi gwo prèv lanmou

Pase lè ou sakrifye lavi ou

Pou moun ou renmen yo.

Se la tou nou dekouvri

Mouchwa konsolasyon

Pou siye dlo nan je moun

Ki renmen Frè nou an.

Onè pou ou, Pè Jean Juste!

Respè pou ou, Frè nou Djeri!

W ap toujou ret byen vivan

Nan lespri moun ki renmen w.

Se la ou triyonfe sou lanmò!

Plis nou rale zetwal konpliman

Pou ofri w kouwòn rekonesans,

Plis nap kontinye toujou sonje:

Se la, nan pòt lanmò a

Nou tout gen pou pase.

Se la, sèl paspò e sèl viza

Ki konte se LANMOU. Dr Jean-Bertrand Aristide Pretoria, 28 -05- 2009



www.fanmilavalas.net

Aucun commentaire: