dimanche 28 juin 2009

BÒN FÈT PAPA CHERI


Bòn fèt papa cheri
Jounen an fini papa pa vini.
Lanjelis pat sonnen lèl te pati.
Lal wè kote lari fè kwen nan jaden lavi.

Soufrans grangou madanm ak pitit fèl depafini.
Flanm dife mizè ap boule zantray papi
Li pap tounen san l pa jwen yon moso kasab kanni.

Menmsi se dlo lap bat nan pilon li pito rete nan lari.
Grangou nan vant malere se bwa pini.
Chodyè pap moute toutan papa pa vini.

Yon papa se tèt yon fanmi.
Li paka rete nan lari
Sinon ti mafi tap mouri.

Yon kòd mare trip madanm byen di
Lap tann ak yon gode dlo, yon bouji
Priyè ya moute men soufrans grangou pa janm fini.

Men papa tololo, ti fifi ap di padan lap kouri.
Manman sote ponpe men vant li toujou ap bouyi.
Lapli mouye m, solèy chechem poum te tann yon zanmi.

Mouche a tounen ak de moso kasabdi
Li pat gen chans pou l te jwen yon pen beni.
Ti mafi ak ti fifi manjel epi al dòmi.

Anvan bajou kase w pati
Jodya se fèt ou pa soti
Nap pran yon ti tan pou di w mèsi

Chak jou ki jou w travay twò di.
Rekonpans ou pap pèdi
Jodya nap di w bòn fèt papa cheri!

Ngie!


www.fanmilavalas.net

Aucun commentaire: