samedi 10 octobre 2009

INITE BAZ FANMI LAVALAS, LANSE YON GWO WOUMBLE NAN PÒTOPRENS, NAN JOU 17 OKTÒB 2009 LA

Objektif: Anonse gwo chita baz yo ap fè nan dat 17 oktòb 2009 soti 9 vè rive MIDI, nan lokal FESTI sou Nazon.Lè youn nan nou gen lafyèb, se kò fanmi yan ki cho.

Depi kidnaping 29 fevriye 2004 la sou Prezidan Jan Bètran Aristid, Reprezantan Nasyonal Fanmi Lavalas, kò tout manm nan Fanmi Lavalas cho. Kidnaping sa a lage tout manm Fanmi yan nan monte desann pou chèche medikaman paske yo kwè nan solidarite, yo kwè nan lè nen pran kou je kouri dlo, yo kwè nan men anpil chay pa lou. Se sa ki lakòz tout pale anpil sa yo paske chak moun ta renmen jwenn medikaman ki pi bon an.

Jodi ya, BAZ yo deside pou mete tout moun kap chèche medikaman yo nan menm Tren yan, Tren Fanmi Lavalas ki demare jodi ya menm. Wi tren an demare. Nou envite tout manm Fanmi Lavalas ki kwè nan bon jan tèt kole san ipokrizi. Tout manm Fanmi Lavalas, foli pouvwa pa fè tèt yo anfle vin monte tren an.

Sa ki pa vle monte nou pa reskonsab!
Sa ki pa vle monte nou pa reskonsab!
Sa ki pa vle monte nou pa reskonsab!

Tren Fanmi Lavalas la demare pou al vizite tout sa ki lopital oswa ki nan prizon.
Tren yan demare pou al chèche tout sa ki lwen.
Tren an demare pou nou chante yon sèl chanson: Tèt ansanm
Pou nou danse yon sèl dans: Tèt ansanm
Pou bò tab la nou bwè yon bon bouyon RETOU nan youn soutni lòt.
Kidonk bouyon RETOU pap ka bwè nan chire pit.
Bouyon RETOU pap ka bwè nan di se mwen ki gen batistè.
Bouyon retou pap ka bwè nan mache di: Titid di, oswa voye di. Titid konn pale, Titid ka Pale E Titid dwe pale.

Bouyon retou pap ka bwè nan bat lestomak pou di se mwen ki chèf.
Se BAZ yo ki bay batistè paske se yo ki vote.
Se nou menm BAZ ki bay Manda, kit se pou yon jou, kit se pou 5 kan.
Se nou menm Baz ki mèt kesyon an paske se nou ki fòs kay la.

Nan sans sa a, nan dat 17 Oktòb 2009 la, byen bonè nan maten TREN Fanmi Lavalas la ap fè yon premye eskal Pon Wouj pou salye Papa Desalin.

Dezyèm eskal la ap fèt ak yon rankont soti 9 vè nan maten pou rive midi nan lokal FESTI sou Nazon. Nan rankont sa a baz yo pral chita ansanm pou kontinye travay refleksyon ki te deja tanmen yo sou nesesite tèt ansanm sa a.

Nan apre midi, Travay refleksyon sa yo pral kontinye nan Kafou kote Delma 16 kontre ak Delma 12 la, nan yon twazyèm eskal kote pral gen yon gwo sware kiltirèl ak brase lide sou menm pawòl kole sere ak tèt ansanm nan Fanmi an pou jwenn medikaman kont lafyèb kanpe lwen an.

YON LAVALASYEN SE YON PATRIYÒT
YON BON LAVALASYEN SE YON BON PATRIYÒT
LAVALAS SE ANSANM ANSANM NOU FÒ



Pòtoprens jou ki 22 Sektanm 2009


Inite Baz Fanmi Lavalas ap salye tout manm Laprès yo. Inite Baz ap envite nou nan yon konferans pou laprès ki pote non Konferans Tèt ansanm. Konferans sa ap fèt jou Mèkredi 23 sektanm 2009 la bò 10 zè nan maten nan lakou Sen Jan Bosko, Pòtay Sen Jozèf.

Objèktif konferans la se anonse kokenn chenn travay kap fèt nan mitan Baz militan Fanmi Lavalas yo.

Nan non Inite baz la ak tout sa kap lite pou tout pitit peyi ya patisipe nan devlòpman peyi ya, Inite Baz konte sou prezans ou.


Pou Inite Baz Fanmi Lavalas
Lorgeat Adelson
Pòt Pawòl


"Yon sèl nou fèb, ansanm nou fò, ansanm, ansanm nou se Lavalas".
P.O.BOX 2252 Fort Pierce, Florida 34954
954-670-9209
www.fanmilavalas.net

Aucun commentaire: