mercredi 9 décembre 2009

KWA LANMÒ

5 DESANM 1492-5 DESANM 2009
517 lane depi fabrik limanite te depatcha pak an pak. 517 lane depi Kristòf Kolon te plante kwa lanmò an nan mitan kè Ayiti. Depi lè sa a, nou poko ka jwenn yon bon remèd pou kwape emoraji ya.

Kristòf Kolon debake ak tout mèsenè parèy li, tou cho, tou bouke pou vin simen latèrè. Depi n te ti katkat sou ban lekòl, nap vale manti nan men pwofesè lekòl ki pat menm konnen pou tèt pa yo. Listwa malatchong ke zòt lonje ban nou, aprann nou ke mèsenè yo te pèdi, yo pat konnen ki kote yo ta prale, lè yo te echwe sou zile ya. Tou sa se radòt! Jodi ya nou menm ki gen bon sans, ka wè e konprann ke yo te konnen egzakteman ki kote yo ta prale e ki sa yo te vin regle.

Ak benediksyon Izabèl Lakatolik, konplisite legliz Katolik, Kristòf Kolon debake. Yon debakman ki te chanje vizaj limanite pou jamè. Yo retire n nan lespri tèt ansanm pou n tonbe nan egoyis tout koukou klere pou je l.
Sipremasy blan an simen panik, doulè, tèrè elatriye, tout kote l pase. Pou magouy la ka byen chita, sipremasy blan an kreye yon imaj selès pou l ka kontwole, zonbifye, kraponnen viktim li yo.

Li fè viktim yo kwè ke tout sa yo ap sibi se volonte Bondye. Sa ki pi rèd la, sè ke andoktrinasyon an tèlman byen chita, pifò viktim yo non sèlman kwè se Bondye ki vle sa konsa, men lè sa twò rèd pou yo, yo priye menm Bondye sa a pou di kichòy pou yo.
Pandan viktim yo ap priye Bondye vyolan sa a, kolonizatè yo ap banboche. Yo pase a lenfinitif tout lwijanboje ki pa dakò ak doktrin reziyasyon an. Tout sa ki te rete anchennen yo, te kwè ke Bondye te sere yon plas nan syèl la pou yo e yo pral viv lib tankou prens ak prensès.

Pi gwo zam fann fwa ke Kristòf Kolon te itilize, te yon kwa kite senbolize jenosid, kolonizasyon ak tout lòt vye bagay ki te gen gou fyèl nan dyòl viktim yo.
Li pat pran anpil tan pou Tayinos yo te mouri kon mouch. Sipremasy blan an pa jennen pou l ni touye ni mache pran sa l bezwen. Sòti nan Abraram jouk rive sou zòt, yo di n ke Bondye te fè yo pwomès pou l ba yo riches lòt moun. Se pou sa yo fè viktim yo kwè tout sa ki sou latè se pou yo. Tankou yo di tout tan an angle “All for me, none for you.” Ki sa kita fè zansèt afriken yo kwè ke lavi yo te makònen ak lavi Tayino yo. Tout yon ras disparèt, tribilasyon yon lòt fenk tanmen. Kadav anpile, san koule, dlo nan je limanite pa janm seche.

Ipokrit yo fè n kwè ke 11 Septanm 2001, se te pi gwo zak teyoris ke lamerik janm konnen. Adye! Nou pap pran plezi nan malè zòt, men fòk nou gen kouraj pou n demaske mansonj. Ki jan nou ka bliye plis pase 300 zan ratibwazay? Ki yès ki ka konpare yon grenn jounen madichon ak plis pase 300 zan lesklavaj, kadejak, vol, piyay, kidnaping, jenosid,separasyon manman ak pitit, mari ak madanm, frè ak sè? Nan jounen dèy entènasyonal sa a, nou pa ka kontinye ap mache nan lojik pase se pase.
Si pase se te senpleman pase, sipremasy blan an ta déjà disparèt. Yo ta sispann selebre tout dat madichon ki pote lapenn nan kè limanite. Tout moun sou planèt la ta gen menm dwa pou goute bon gou lavi menm jan ak pitit pitit Kristòf Kolon yo. Tout pitit Abraram yo ap byen mennen, alòs pa Ismayèl yo ap viv nan kras ak lamizè. Se vre nou pa ka korije sa ki te pase, men nou ka enpoze pase repete tèt li sèlman si nou vle konnen sa kite te pase tout bon vre. Se pou sa nou pa ka rete nan amnezi sa ankò.

Zanmi kanmarad, 5 Desanm 1492—5 Desanm 2009, sa fè 517 lane depi nap karese kwa lanmò sa a. Nou bliye li se òtè kòmansman lesklavaj nan peyi n. Li lè li tan pou n rache kwa lanmò sa e ranplase l pa lavi pou tout moun. Nou pap ka lib tout bon, si zam lenmi yan se kavalye polka n. An nou chak aprann lapriyè Boukmann nan pou ka wete nanm Tayinos, nanm zansèt afriken yo, ak tout nanm pa n nan chenn tout bon.
Nan memwa Tayinos yo, ann fè linyon nan divèsite pou n ka kraze sèpan ak plizyè tèt sa a ki pa janm sispann pèsekite n.

Pwofesè listwa, sispann di timoun yo, Kristòf Kolon te dekouvri Ayiti. Di yo pito ke Kristòf Kolon te yon gwo asasen ki tap travay pou Legliz Katolik. Konsa timoun yo va konprann tout bon ki yès kap benyen nan mansonj, e ki yès kap di laverite.
Si n pa aprann de pase n, nap disparèt menm jan ak Tayino yo. Si gen kèk ti gren ki rete, sipremasy blan ap mete n nan rezèvasyon tankou l fè pèp premye nasyon yo, epi lè sa a Ayiti pral tounen Hawayi. Ann reveye anvan twò ta bare n.

PA BLIYE, SE FÈ KI KOUPE FÈ, LINYON FÈ LAFÒS


Maud Jean-Michel ( Sanit B. )

"Yon sèl nou fèb, ansanm nou fò, ansanm, ansanm nou se Lavalas".
P.O.BOX 2252 Fort Pierce, Florida 34954
info@fanmilavalas.net
www.fanmilavalas.net
954-670-9209

Aucun commentaire: