lundi 28 décembre 2009
Pòtoprens 28 Desanm 2009, Konferans Pou Laprès
Rezo ògan nasyonal miltiplikatè Fanmi Lavalas
(RONMFL)
Nou menm nan RONMFL, nou salye laprès ak tout jounalis yo ki te akonpaye mas pèp la pandan nap di tout jounalis yo ak responsab media yo bòn ane 2010.
Nou menm nan RONMFL, nou rele laprès la a jounen jodiya, 4 jou avan lane ya fini, pou n fè bilan pouvwa Leta yo nan peyi ya, sou plan politik, ekonomik ak sosyal. Dabò sou plan politik, nou konstate depi Prezidan Preval monte sou pouvwa a nan lane 2006, se yon politik desklizyon l ap mennen kont mas pèp la. Pèp la te vote l pou l fè demokrasi ya vanse, se bak nou wè l ap fè chak jou, li vasalize demokrasi ya ak 2 lòt pouvwa Leta yo ki se pouvwa lejislatif ak pouvwa jidisyè ya. Li fè yon maskarad 19 avril ak 21 jen pèp la pa al vote, li nonmen senatè l yo nan palman an, e lap prepare yon lòt menm jan an pou 28 fevriye, pandan li mete majorite nasyonal la deyò, menm lè Doktè Jean Bertrand Aristide konfime manda li bay reprezantan li ya, Doktè Maryse Narcisse.
Prezidan Preval pa ranpli misyon l nan fè enstitisyon yo mache jan konstitisyon peyi ya di l. Depi l monte nan tèt peyi ya li pa janm nonmen yon prezidan lakou Kasasyon, sa fè konsèy siperyè pouvwa jidisyè ya (CSPJ) pa janm ka mete sou pye, pou mete lòd nan aparèy jidisyè ya, pou kaba ak detansyon prevantiv ilegal yo. Prizonye politik yo kontinye ap pouri nan prizon, kouwè Ronald Dauphin ki prèske mouri, Negup Simon elatriye. koripsyon anvayi aparèy jidisyè ya, je l la, ap gade, li vle amande konstitisyon 1987 la san dizon pèp la, nan enterè boujwa yo ak patwon li yo, nan entènasyonal la.
Sou plan ekonomik, Prezidan Preval ak Premye minis li yo soti nan Jacques Edouard Alexis, ki te touye kochon kreyòl peyizan yo nan lane 80, ki te pwovoke yon emet lafen nan lane 2007, pase nan madanm Michèle Pierre Louis ki te gagote plis pase 197 milyon dola vèt ak ti klik li ya nan Primati ya, pou rive nan Jean Max Bellerive ki plis sanble ak restavèk Préval ke yon premye minis, se menm penpenp lan. Se neyoliberal la, privatizasyon an k ap kontinye, kote y ap revoke ilegalman e de fason abitrè plizyè milye manman ak papa, pitit lage yo nan lari ya 2 bra balanse. E lè yap revandike se CIMO ak solda fòs okipasyon Loni yan Minista li voye al touye yo. Li pa kreye dyòb, 70 pousan popilasyon aktiv la nan chomaj, lamizè ap ogmante chak jou. Lagrikilti ki se gwo fòs ekonomi peyi ya abandone, peyizan yo pa ka jwenn angrè ak ankadreman nan men Leta. Lavi chè ya ap vale teren san gade dèyè, mas pèp la pa genyen pouvwa dacha.
Sou plan sosyal, peyi ya fè bak, yon grenn inivèsite Leta a bloke, Fakilte medsin lan fèmen, etidyan yo nan la ri ya, plis pase 40 pou san ti moun pa ka al lekòl, nan tout la ri ya, genyen plis pase 300 mil timoun kap mande, gen plis pase 225 mil kap viv nan dosmestisite, yon sitiyasyon ki konparab a lesklavaj. Popilasyon an pa ka jwenn laswenyaj, lopital jeneral la pa ka bay sèvis. Konpatriyòt nou yo ki nan Repiblik Domikèn ap monte lesyèl pa do, rejim Preval la pa fè anyen pou l fè respekte dwa yo. Sale minimòm lan k ap ogmante mizè maksimòm, se ak anpil leve kanpe pèp la te rive rache 125 goud la anba nonm Preval la, paske li te kanpe ankwa kont 200 goud la.
An gwo, rejim Preval la se jarèt lap bay sistèm eksplwatasyon ak eksklizyon sou do mas pèp la.
Se lajan sèlman yap fè sou do mas yo, yo pa rive bay okenn sèvis. Se pou tèt sa nap mobilize nan fè denonsyasyon ak pwotestasyon pou rive konstwi yon veritab opozisyon kont rejim Preval la kap kraze enstitisyon yo nan peyi ya. Nou mande mas pèp la pote kole nan manifestasyon kap fèt vandredi premye janvye 2010, kap demare sou plas papa Desalyn Channmas pou al bout devan katye jeneral fòs okipasyon Minista sou wout Boudon an pou mande revokasyon KEP koupyon Dorsinvil la, depa fòs okipasyon Loni ya,
Minista, ak retou fizik Doktè Jean Bertrand Aristide pandan n ap mande Prezidan Préval voye lese pase ya bay Doktè Jean Bertrand Aristide.
"Yon sèl nou fèb, ansanm nou fò, ansanm, ansanm nou se Lavalas".
P.O.BOX 2252 Fort Pierce, Florida 34954
info@fanmilavalas.net
www.fanmilavalas.net
954-670-9209

Inscription à :
Publier les commentaires (Atom)
Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire