mercredi 11 février 2009

Comite Fanmi Lavalas des Haïtiens d’Outre-mer Miami Floride jounen 7 Fevriye 2009

Comite Fanmi Lavalas des Haïtiens d’Outre-merMiami Floride jounen 7 Fevriye 2009
Nòt pou Laprès

23 lane depi gwo leve kanpe pèp la chavire diktati Jn Claude Duvalier a. 7 Fevriye 1986. Pèp ayisyen an koupe fache ak regim san manman an , li kraze systèm totalitè ya. Li chwazi demokrasi,sa vle di pouvwa pèp la, ansanm ak pèp la, e pou pèp la.Se te yon gwo pa vè pwosesis demokratik kote pitit pèp la sakrifye vil, li kite sanl koule poul te ka rache yon dezyèm libète. Libète poul mobilize, pale e sitou chwazi pwòp dirijanl nan bonjan eleksyon.Jounen jodya Nou sezi wè ki jan yon gwoup moun kole tèt yo ansanm nan KEP ya pou bafwe lit pèp la. Nou sezi Konstate ke yon pouvwa ki gen ladanl Mesye Rene Garcia Preval ap kache dèyè lòt moun poul mòde dwèt ki te bal manje. Nan non Komite Fanmi Lavalas Ayisyen kap viv Lòtbò Dlo, nou sèmante nou di kou sa pap pase. Malgre tout tantativ, tout vye mannèv kap fèt pou disparèt Fanmi Lavalas, pèp la ki toujou rete soude ak lidè istorik mouvman an Prezidan Jean-Bertrand Aristide pral leve kanpe kont mesye Prezidan Preval. Pèp la kwè ke marasa yo pa manje fèy. ( Nou Pral Gadew nan je, Pouw gade nou nan Je ) Komite a ap di pèp ayisyen an poul pa pran nan pyèj ak pwovokasyon, tout senpatizan ak patizan epi tout manm Fanmi an dwe serekole,fè inite antreyo pou monte drapo mobilizasyon an pi rèd, pi djanm. Rete soude youn ak lòt nan lòd, disiplin, pou nou rive mate koudeta sa yon lòt fwa ankò. Komite Fanmi lavalas Ayisyen kap viv Lòtbò Dlo, nan non demokrasi ak libète dwa tout sitwayen pou patisipe nan eleksyon, mande KEP a poul korije erè sa a touswit san bri san kont. Komite ya ap tann san pèditan retrè desizyon san reflechi sa a. Ayez un peu de pudeur messieurs!“Yon lavalasyen se yon patriyòt.Yon bon lavalasyen se yon bon patriyòt.Lavalas se linyon fè lafòs’’.

M. Jean-Rony Monestime, M. Francelet Philéus, M. L’ex Député Gilvert Angervil, M.Tholerme Vital, M. Ireste Joseph, M. Hughes Bonnet, M. Jacob François, Mme. L’ex Sénateur Youseline Augustin Bell, Mme. Majolie Zéphirin, M. Abel Moïse, M. Romane Petit, M. Jean Elie Pierre-Louis, Mme Claudine Janvier, M. Yves Bonnet, M. Bellefleur Jean,

YON SÈL NOU FÈB, ANSANM NOU FÒ, ANSANM, ANSANM NOU SE LAVALAS.

1 commentaire:

beausolei a dit…

Nou ta swete ke 2 ekip yo pran konsyans pou yo chita ansanm pou kriz la rezoud. Yon ekip gen douz moun lòt la gen 4, pouki li pa vle sede? Reflechi byen wi pou se pa moun ki vin kraze peyi sou fo prteks. Mezanmi diferans 4 moun pateka rive la. Epitou kote chat fanmi lavalas nap pale deli a? poukisa pyès nan ekip yo pa aplikel? sanble menm reprezantan nasyonal la vyolel pou Madanm Marise Narcisse. Kote atik 50 chat la pase?
yon sèl bagay mwen ta swete, mwen ta swete ke baz yo konprann jwèt la, paske se yon jwèt ki pap nan enterè yo menm. Tout baz dwe mande pou chat fanmi an aplike san esklizyon ni fòs kote. Fanm dwe patisipe nan eleksyon men jan ak gason. Yon sèl gwoup moun paka pran òganizasyon an an otaj sou oken preteks. Manda ou san manda. Okontrè si manda sa a te bon, detantè manda a ta prese sezi okazyon an nò ki baz yo ofil la poul chita ak tout moun. Louvri je nou paske sa a se yon manda latroublay ki vin montre ke anpil moun tap travay nan fanmi lavalas nan enterè mèt manda sèlman e li pa menm gen je ak bon santiman poul apresye sa menm ala koze papa.Lòt bagay ankò mwen te chwazi e mwen kontinye chwazi prezidan Jean Bertrand Aristid pou Lidè mwen pou sal repwezante a, ni pou pèp la ni pou mwen . Mwen ka pèmèt yon group moun ranplasel pou yon ti bout tan. Men se pa mouri li mouri. Lap retounen. Lòt bagay ankò ki pi enpòtan pou mwen , yo pa chwazi lidè bay moun, yo pa ofri moun lidè, lidè pa ofri tèt ou non plis. Yon group moun ou byen yon pèp toutantye gen libète pou chwazi pwòp lidè l. Poum fini map di tout fo lidè sa yo ke chandèl pouvwa limen nan tout tèt yo a, chita ansanm, brase lide yon ak lòt, travay nan enterè tout moun san distenksyon petè yon jou na vin lidè tout bon vre. Bon konsey map ban nou pa prese paske pèp la pa prese paske lidè l la an Afrik. Tout manje yo fòse moun manje rebitan. Yon bon lidè, se yon rasanblè, yon bon rasanblè pa fè esklizyon. Tout moun fèt pou chita bò tab la, piti ak gro, entelektyèl ak moun ki pa konn li, rich ak pòv menm jan sa konn ye deja se sa ki te fè tout fòs nou. Mandatè kap goumen pou se wou menm sèl ki pou fè tout bagay an grenn 5 paka dirije lavalas, paske lavalas se linyon fè la fòs. Poum fini map di tout moun gen anpil moun ki makònen kòd lonbrit yo ak lit pèp la, moun sa yo kèlkeswa difikilte yap toujou la, si yon moun vin chache yon opòtinite pranl chape kòw, kite militan politik mennen batay la. Mèsi.