samedi 23 janvier 2010

12 JANVYE 2010

JANVYE 2010

Ayiti, kè m an dèy.
Nenpòt moun kap tande m, di m se yon rèv.
Sekwe m, sekwe m pou w reveye m.
Di m 12 Janvye 2010 pa yon realite.
Di m pito se se pwason davril.
Mwen gade anwo, anba, nan mitan sou kote,
Mwen egare, pye m angoudi, kò m paralize.
Map fè kochma ak je m tou kale.
Ayiti, se tout bon, ou filange an miyèt moso?
Mwen pa konnen ki sa pou m di w
Pou m ta soulaje doulè atwòs sa.
Mwen pè gade w, mwen pè pwoche w.
Men, fò m jwen kouraj pou m gade w nan je,
Pou m di w, mwen santi lapenn ak soufrans ou.
Fò m jwen kouraj tou pou vanse pi pre w
Pou ede w panse blese, konte kadav.
Mwen vle di w manman cheri,
Menm si m byen lwen
Rèl ou fè kout zèklè nan nanm mwen.
Mwen konnen, mwen konnen.
Pèsonn pa bezwen di m ni eksplike m
Zantray ou ap dechire. Kè w ap vire lanvè.
Ki manman ki ka reziste anba doulè malouk sa?
Pitit ou mouri pa milye.
Kadav yo simayen sou gran chimen.
Yo antere kou endijan
San posesyon , san flè, san sèkey.
Si la ki vivan yo, tonbe nan dezawa.
Yo manje nan lari, yo dòmi nan lari.
Pifò demachwele pou lavi.
Kanta pou sa ki disparèt yo, pa gen dwòl pou pale.
Ayit! Ayiti! Map ba w yon tikonsèy,
Dezas natirèl ou pa,
Pa konte sou zòt pou rebati w.
Konte pito sou fòs pitit ou yo.
Leve kanpe, siye je w, mare ren w.
Lè tout kamera fin tenyen,
Bèl espektak pou lagalri kaba,
Entènasyonal la ba w do,
Wap bezwen kouraj ak detèminasyon
Pou ka rekòmanse viva ak tout pitit ou yo nan bra w.
Pou lavi ka rekòmanse fleri nan chak katye.
Pou pitit deyò ka tounen obègay.
Ayiti ou pa ka mouri! Fò w fout rete vivan!
Sekwe kò w, fanm vanyan!
Ranmase karaktè w!
Benyen, poudre, fè w santi bon!
Mare tèt ou ak yon bèl mouka!
Fout zanno kreyòl nan zòrey ou!
Pase yon kout fa sou tèt dwòl ou!
Mete bèl karabela w sou do w!
Bonbe pwatrin ou! Kare zèpòl ou!
Fout mache desalinyènman!
Gade ipokrit yo, machan lanmò yonan je.
Di yo se fout bite w bite, men w pa fout tonbe!


Maud Jean-Michel (Sanit B.)






"Yon sèl nou fèb, ansanm nou fò, ansanm, ansanm nou se Lavalas".
P.O.BOX 2252 Fort Pierce, Florida 34954
info@fanmilavalas.net
www.fanmilavalas.net
954-670-9209

Aucun commentaire: