jeudi 9 décembre 2010

FANMI LAVALAS MANDE ANILASYON SELEKSYON 28 NOVANM 2010 LA

FANMI
LAVALAS
Yon sèl randevou: randevou, bò tab la

Bwat Postal : 15603
Petyon-Vil, Ayiti
Email: fanmilavalas@yahoo.com
Telefòn: 38 46 75 11/ 39 10 62 74



8 Desanm 2010

Depi 12 janvye, Peyi Dayiti antre nan you kalfou istorik ki ekzije nou leve konsyans nou pi wo pou jwenn chemen delivrans lan oubyen nou peri kòm nasyon.

Nou menm nan Fanmi Lavalas nou wè, nou tande, nou konprann. Nou wè ansyen sistèm nan fin kraze. Nou tande kri pèp la kap di li soufri twòp nan tenèb fè nwa, li bezwen limyè pou wè devan l. Nou konprann li lè, li tan, pou nou fini ak move pratik politik ti koulout, antinasyonal, antidemokratik, antipopilè, san etik, san moralite, ki fin anfale peyi ya, detwi pèp la, avili nasyon an.

Ansyen sistèm nan fin kraze, nap fè apèl pou nou rantre byen nan kalfou tou nèf yo mete devan nou kòm pèp, kòm nasyon ki gen yon misyon poul akonpli.

Echèk maskarad 28 Novanm yo, se yon lòt siy klè pou nou fini ak politik eksklizyon, koken, mèt dam, eleksyon fo mamit ki ap mennen sèlman nan briganday, kontestasyon, gaspiyay pandan yon pèp ap mouri anba kolera zòt pote ba li.

Fanmi Lavalas ap konstate ki jan tren eksklizyon lanmò an, seleksyon malatchong lan, koripsyon an, ak enkonpetans lan deraye nan men Konsèy elektoral pwovizwa a, pouvwa ak kominote entènasyonal la.

Moman an grav anpil pou peyi ya. Moman an grav anpil pou pèp ayisyen an. Se lokazyon pou kominote entènasyonal la pran konsyans demokrasi pèpè yo vle foure nan gagann nou an se prensipal sous enstabilite nan peyi ya.

Se moman pou klas politik la pran konsyans nou pap ka kontinye fè politik menm jan an ankò, nan meprize dwa pèp la ak enterè nasyon an, pou al monte sou pouvwa nan konfyolo, fè mèt dam, pran wout kwochi.

Nou tout konnen byen depi an lagan, kondisyon yo pat reyini pou eleksyon akseptab fèt nan peyi ya, alevwa pou bonjan eleksyon. Kidonk se pa jounen 28 Novanm lan ki tap fè seleksyon sa yo demokratik.
Fanmi Lavalas deklare, pou tout moun, nan tout sektè, se pa nan kole pyese rezilta fo mamit nap ka jwenn solisyon kriz la. Konplotay anba tab nan anbasad pap janm ka ban nou solisyon kap mennen nan demokrasi, estabilite ak diyite nasyonal.

Fanmi Lavalas ap fè apèl bay tout sila yo ki te derefize patisipe nan maskarad la, ak sila yo ki mande anilasyon seleksyon malatchong yo pou yon konsètasyon rapid, pou jwenn yon solisyon nasyonal, pou bare lawout ak tout demach rapyesay dezyèm tou kap foure peyi ya nan twou pi rèd..

Fanmi Lavalas ap di nou pa ka nan rechofe manje gate, lap mande anile seleksyon malatchong yo.

Fanmi Lavalas ap kontinye mobilize pou:
• Renvwa prese prese Konsèy elektoral sa a
• Rebat kat la pou kreye kondisyon pou bon jan eleksyon lib, onèt, demokratik san eksklizyon fèt nan peyi ya, pou dwa granmoun nasyon an ak diyite pèp la respekte.
Yon sèl nou fèb,
Ansanm nou fò,
Ansanm Ansanm nou se Lavalas.

FANMI LAVALAS
Pou Komite Ekzekitif Oganizasyon an:
Doktè Maryse Narcisse


"Yon sèl nou fèb, ansanm nou fò, ansanm, ansanm nou se Lavalas"
CFLHO
P.O.BOX 2252
Fort Pierce, Florida 34954
info@fanmilavalas.net
http://www.fanmilavalas.net/
312-735-6297

Aucun commentaire: