dimanche 1 mai 2011

MIZOPWEN AK YON NÒT POU LAPRÈS

Prince Osias, se yon komisè gouvènman tèt chofe kap fè gagòt. Li an menm tan avoka nan yon dosye epi lap aji kòm komisè gouvènman nan yon dosye ki deja nan koudapèl.

Sepandan yo fe izaj fo dokiman yo kwè yo ka arete yo pou sa. Sepandan sa ki pi bèl se yon reyaksyon sanzatann popilasyon an bay, nan 15 minit dè milye de moun gen tan mobilize pou bloke tren entimidasyon an.
komisè Osias pa respekte desizyon lajistis, le 28 Avril li voye arete moun ki rete sou pwopriyete ya, jij la libere moun yo paske li di se yon dosye ki deja lajistis,

a//////b...

Militan Fanmi Lavalas nan kat kwen peyi Dayiti lonè, respè chapo ba pou nou tout. Yon militan Lavalas se yon patriyòt, yon bon Lavalas se yon bon Patriyòt. Nou gen Dis Lane nap goumen san rete kont zak abitrè, kont enjistis ak tout fòm eksklizyon.

Lè nou gade sa kap pase nan Lajistis Okap nou pa ka pa rele anmwe. Vil okap pa ka gen yon komisè gouvènman kap menase, kap mande arestasyon Batonnier de l’Ordre des Avocats, Kap voye UDMO fè zak entimidasyon, kraze brize, arete yon ansyen senatèd la repiblik, ak yon ansyen direktè jeneral

Nou pa konprann kouman yon komisè gouvènman fè an menm tan avoka nan yon dosye epi se li ankò kap itilize la fòs pou fè tèt li jistis.

Nou aprann nan Mòn Wouj peyizan yo viktim nan yon konfli tè kote Prince Cherimond Ozias aji an menm tan kòm avoka e kom komisè gouvenman pou mete peyizan deyò, kraze kay  ak jaden yo pou bay pwòp tet li jistis.

Sa rele vyolasyon dwa moun, sa rele abi pouvwa. Nou konsidere sa ki pase  vandredi 29 Avril la kòm yon zak entimidasyon pou fè militan Lavalas yo konprann ke fòs fè nwa yo pa demobilize yo la pou yo toujou fè represyon.

Sa se abitrè ak vagabondaj ke komisè Prince Osias voye UDMO sou yon pwopriyete ki posede depi 15 lane anviwon. Poukisa  se pa tribinal ki rezoud kesyon an olye se zam fann fwa, sa vle di komisè sa a plis kwè zam ak entimidasyon se lajistis ak lalwa.

Poukisa Komisè prince pa aji selon bon sans ak la rezon olye  se yon lwa makanda kap fè li arete moun san manda. ?

Nou goumen pou retou prezidan Aristid pandan 7 lane, nap kontinye goumen kont tout fòm enjistis.

Lè pèp la  sanzatann, san preparasyon bay yon repons kòrèk pou bloke tren entimidasyon Prince la, sa montre ke flanm mobilizasyon an pa janm tenyen.

Nou bat bravo pou baz Lavalas yo ak tout lòt militan yo pou solidarite yo. Nou di yo mèsi anpil, lè youn blese se san nou tout ki koule, lè  youn nan nou gen lafyèv se kò nou tout ki cho.

An nou soufle flanm mobilizasyon an  pou nou bloke lòt konplo ki dèyè. Nou fin goumen pou retou, nap kontinye goumen pou solidarite youn ak lòt.

Konsa nou pwoteste ak tout fòs nou kont zak abitrè komisè Prince yo, e nou mande pou Gouvènman Preval Belrive la tou ale avèl.

Yon sèl nou fèb, ansanm nou fò, ansanm ansanm nou se Lavalas

                                                

Komite Fanmi Lavalas Odikap                                       Komite Fanmi Lavalas Petitans
Komite Fanmi Lavalas Bandinò                                     Fanmi Lavalas Pòmago
Fanmi Lavalas Plèndinò                                                  Fanmi Lavalas  Piyon



"Yon sèl nou fèb, ansanm nou fò, ansanm, ansanm nou se Lavalas"
CFLHO
P.O.BOX 2252
Fort Pierce, Florida 34954
www.fanmilavalas.net
info@fanmilavalas.net
312-735-6297

mercredi 30 mars 2011

BÒN ANE LAFANMI (18 MAS 2011)

Yon bèl flè souri
Blayi sou figi zandolit
Ki griyen dan l
Mezi lajè machwè l
K ap gade an chat pent
Kòd bandjo pipirit twoubadou
K ap bouske akò lakontantman
Pou konpoze yon ochan tou nèf
Pou yon lane tou nèf
Ki t ap kouve ze mobilizasyon
Ki kale 18 mas
Yon bèl kòk kalite RETOU
Lafanmi t ap kouve
An n ride yo chante
Bòn ane Lafanmi

Sou pòpyè douvanjou
Souf lanmè fin neye
Nan lanvè lanjelis
Nanm solèy kankannen
Nan mitan laye lalin
K ap fè jouda nan fenèt lesyèl
Yon lane tou nèf fèk kale
Nan fontenn 18 mas 2011
Ann ride lalin klere
Tout lannwit ane sa a
Pou di bòn fèt Lafanmi

18 mas 2011
Yon lane kouray
Pou mare tèt koumansman
Pou tout kolibri koulè lapè
Al rache zepon ipokrizi
Ki fè pepinyè pil sou pil 
Nan kwen kolèt mouche kayiman
Ki koupe zèl devlopman
Rache dan devan chanjman
Ak pikwa destabilizasyon
Men jèm mobilizasyon donnen
Pou akouche yon lane 18 mas
Bon lane kòd fanmi
Bon lane patizan lavi


Awousa tout plimay
Simen zatrap koudEta
Nan kafou si m te konnen
Sot nan koridò pa tann te

Akouche 7 lane lekzil
Ponn 7 lane lanfè
Nan nich chèf baskou a
Men rasin revandikasyon
Kòd fanmi zwazo te plante
Kreve kòt bato mechanste
Ki donnen nan salon Wachintonn
Jis li fè retou a fè grenn
Ki vin mi 18 mas
Sou chimen pèp Lavalas
Bòn ane pitit lamas
Bòn ane Kòd Fanmi

 Bon ranmye vwayajè
Pote flè remèsiman
Nan laye larekonesans
Jis nan lizyè ziltik
Jis sou fontenn Lafrik
Kònen lanbi pwezi
Kite l koule akò kontantman
Pou di frè n sè n Lafrik
Yon Lavalas remèsiman
Kite l koule nèt ale
Tankou gout san militan
Nen pwent fizi asayan GNB
Pou di Lafrik vin fete ake n
Yon lane tou nèf
Ki fèk koumanse
18 mas ki sot pase
Bon lane Lafanmi

Laboratwa an chat pent
Nan fant dan agranman
Makonnen a vinèg mechanste
Konpoze pou ti peyi
Pwazon vyolan destabilizasyon
Ki kale rat do kale mera koudEta
Simaye nan chak kalfou
Men sewòm mobilizasyon
Kase may chenn lekzil
Pou dechennen rasin retou
Ki anchenn zèl lidè lakou a
Bòn ane patizan Lavi
Bòn ane kòd Lafanmi

Asid mobilizasyon djanm
Fonn baryè lanfè kanpe lwen
Pou pitit pwòp tè ginen
Chak grenn chaplè konviksyon
Nan litani mobilizasyon
Tankou flèch wozo pliye pa kase
Se yon mach pou monte
Jis dèyè tèt mòn nan Gonmye
Jis nan fontenn rezilta lit la
Pou kraze miray mechanste
Ki bare zegwi limyè retou a
Pou n pa di Bòn ane Lafanmi

Nan zepon kòk lakou
Vitamin angrè lanmou
Kwape zèb lamechanste
Ki fè laviwonn lantouray
Anndan sèvo reken ak kayiman
Malfini ki vole an maskay
Pou simen pwazon rayisman
Pou bloke machin fratènite
Ki fware rèv egalite
Ki mare de pye manzè lalibète
Fè katastwòf koudEta
Ak tè tranble destabilizasyon
Ki bay tsounami lekzil
Men pwa grate mibilizasyon
Konn bloke motè kou RETA
Pou fè limyè yon lane tou nèf
Klere sou chimen chanjman an
Bòn ane Militan konsekan
Bòn ane tout kòd Fanmi an

18 mas lane sa a
Yon lane nèf kou nèf pwent
Fèk kare koumanse
Lane pou n ta deside
Denonse ribanbèl san
K ap degringole koule
Sou lotèl peyi Libi
Pou makòn reken kayiman
Galgari sou de dan devan
Pou n ka di frè n sè n Libi
Bòn ane bon kouray nan batay

Twa wòch dife makònen
Wòch dife konsyantizasyon
Wòch dife mobilizasyon
Wòch dife detèminasyon
Ak flanm dife manifestasyon
Bouyi chodyè retou
Jèm lavi nan Twou Koukou
Zandolit rete sezi
Devan makòn rasis
Kimare nan pakèt ipokrizi
Potanta peyi zanmi ipokrit
Flonn lanmò twò piti
Pou tenyen jèm lavi
Zèb lanmò pa sifi
Pou kokobe ti flè lavi
18 mas 2011 ane sa a
Yon lane tou nèf fèk tanmem
Pou tout patizan jèm lavi
Pou patizan jèm lanmou
Bòn ane patizan Lavi
Bòn ane patizan pwogrè
Bòn ane patizan chanjman
Bòn ane kòd Lafanmi

J. Fatal Piard



"Yon sèl nou fèb, ansanm nou fò, ansanm, ansanm nou se Lavalas"
CFLHO
P.O.BOX 2252
Fort Pierce, Florida 34954
www.fanmilavalas.net
info@fanmilavalas.net
312-735-6297

mercredi 23 mars 2011

RETOU, REZILTA REZISTANS

Nobama bòs papa
Sak ta di sa
W ta lawon awousa
Awousa manzanza konsa
Nan jimnastik rablabla
W ta soti konsa
Pou w pran ti pè a
Sèl grenn lidè pèp la
Nan patannte mera
Nan kou RETA
Jeretyen kou dEta
Bouch pitit ak papa
Te met ak Chirak la
Pase jis Kanada
Pou bay lidè a
29 fevriye ya

Katastwòf koudedta
Ekzile l jis laba
Nan ziltik Sid Afrika
Ou menm Nobama
Ak depatman kou d Eta
Soti pou bay Kou RETA
Pou w fware retou wa
Pwazonnen batay pèp la


Nobama bòs papa
Nobama mazanza
Non non bòs awousa
Pa fè sa
Pa al kwè sa
W pa ka wè la
Wa sezi wè sa
W pap ka sis la
Titid ak mas pèp la
Se de marasa
Titid ou wè la a
Pa yon nonm konsa

Se pa premye fwa
Blan meriken awousa
Boukannen jèm lespwa
Jèm lespwa pèp la
Nan flanm dife koudeta
Men mobilizasyon la pou la

Revandikasyon mas pèp la
Alawonnbadè pasi pala
Fè l tounen nan kò kay la
Vin mennen batay la
Gwo batay pou lavi a
Fleri pasi pala
………………Olala
Pou lavi pa faya
Pou lavi ka gaya
Sou fontenn Ayiti Toma

Nobama pa fè sa
Ou san wont konsa
Pa koute nonm Sakozi a
Chanpyon nan vye rat la
Ki met ak awousa
Al kraze pèp Libi a
Se pat rèv la sa
Rèv Maten Litè ya
Bèl rèv lite fè ya
Pou nwa leve kont nwa
Fè rasis kont nwa
Pou fè blan awousa
Plezi la pou la

Depatman kou dEta
Ekzile ti pè ya
Jis la ba
Sèt lane ak yon mwa
Nan ziltik Sidafrika
Kay Jakòb Zouma
Detan malfèktè Minista
Benyen ak dlo kolera
Nan tout kwen kay la
Touye jèm lavi ya
Pasi pala nan Dèlma

Pèp ki konn batay
Voye plizyè fay
Sou diplomat zagribay
Ipokrit konsa Ayayay
Edmon Milèt an maskay
Didye le Bwèt pil pay
Ak Depatman an Detay
Met avèk Nobamay
Pou bay Titid may
Pale pawòl retay
Men titid Nèg Feray
Pa pran nan vye may
Obama ak Sakozi bay
Li tounen lakay
Vin ede n pote chay
ki sou kou nèg Lakay

Nen pran move kou
Nobama ou ban nou
Je kriye kou koukou
Lavalas nan tout lakou
Pa janm met ajenou
Se vre l pran kou
Men l batay pou retou
Batay kont lougawou
Ak tout lòt vye koukou


Ayopò te fleri
Ou te wè m si
Lè Titid ak fanmi
Debake ak souri
Patizan jèm Lavi
Di Titid byen vini
Bon retou Ayiti
Vin simen grenn Lavi
Vin wouze jèm Lavi
Pou Lavi ka fleri
Sou figi Ayiti
Jouk mayi mi

Titid ret je klere
Lepèp ap ride w veye
Ride w veye move je
Move je anjandre
Ki gen ponyen pwa grate
Pou fè tè tranble
Katastwòf tout kote
Nan jimnastik pou fware
Batay pèp tout kote

Pèp Lavalas fete
Pèp Lavalas plezire
Lè Titid debake
Blan move je
Yo di rete
Gade gade gade
Ala pèp ka lite
Menn pap kite l repoze

Rezilta rezistans nou
Se rezilta retou
Titid frè nou
Pèp nan tout lakou
Fou pou wou
Vin ede nou
Konbat lougawou
Ak kolera maklouklou
Titid ou fout GOU
BON RETOU
LAKAY OU






"Yon sèl nou fèb, ansanm nou fò, ansanm, ansanm nou se Lavalas"
CFLHO
P.O.BOX 2252
Fort Pierce, Florida 34954
http://www.fanmilavalas.net/
info@fanmilavalas.net
312-735-6297

vendredi 18 mars 2011

ALLOCUTION DU PRESIDENT ARISTIDE A L'AEROPORT INTERNATIONAL TOUSSAINT LOUVERTURE LE 18 MARS 2011

Sè m, Frè m, Onè! Respè! Otorite ki nan Leta Peyi dAyiti, Reprezantan Gouvènman Afrik Du Sud, Anbasadè Matu ak Sè nou Matshidiso, Otorite ki nan òganizasyon Nasyonal kòm entènasyonal, Sèm ak Frèm Ki nan kat kwen peyi ya ou aletranje, Mwen kontan salye n nan lonbraj Ayewopò Toussaint Louverture.

Sèm, Frèm, Onè! Respè! Onè pou ou! Respè pou Ayiti!
Ala kontan m kontan fè youn avèk Minouche, Christine, Michaëlle pou Salye ou e anbrase ou fratènèlman!

Sèm, Frèm, Si w te ka poze men w sou kè mwen, Ou ta santi kijan lap bat pi vit, pi plis Pou di w: Bravo! Mèsi! Bravo! Mèsi!

Bravo pou kouraj ak entèlijans Pèp la! Mèsi mil fwa pou akèy san parèy sa a! Bravo pou tout bèl leson Pèp la deja bay! Mèsi mil mil fwa pou bèl solèy solidarite Ki pa te janm kouche dèyè mòn egzil sa a.

A warm welcome to: Ira Kurzban, Dany Glover, Laura Flynn, James Early, Selma James, widow of CLR James, Margaret Prescod, Paul Burke.

Greetings to: Honorable Deputy Maxin Waters, Randall and Hezel Robinson, Brian Cancanon, Claude Ribbe.
Peace to: Jhon Maxwell and the victims of the disaster in Japan.
Onè ! Respè ! Onè pou ou e respè pou memwa 300.000 viktim tranbleman tè ya ! Respè pou memwa tout moun ki Viktim kolera ou katastwòf politik.
Men nan la men, bradsou bradsa, Ann trese yon bèl kouwòn onè respè Pou Rev Pè Gérard Jean-Juste ak Tout lòt ewo ki sakrifye lavi yo nan Defann diyite Ayiti ki malad grav.

Sèm, Frèm, Pèmèt mwen pataje chalè remèsiman an Ak anpil zanmi ki pa fèt an Ayiti, men Ki renmen Pèp Ayisyen ak tout kè yo.

An 2004, gen nan yo ki te al chèche n Nan peyi Afrik Santral pou akonpaye n Rive nan peyi Jamayik an natandan Prezidan Tabo Mbeki te chwazi depeche Pwòp avyon prezidansyèl Lafrik Di Sid Pou n te retounen nan bra manman Lafrik.

Yon gwo gwo mèsi pou Prezidan Zuma, Prezidan Mbeki, Prezidan Mandela ak Tout lòt sè n ak frè n kap viv nan peyi Afrik Santral, Jamayik ak Afrik di Sid.

Jan m te di l, anvanm kite Afrik di Sid Nan lang isiZoulou ak lang Swahili :

(IsiZoulou)
Yize iHaiti ikude naAfrika, asisoze sazikhohlwa
izimpande zamasiko ethu. Ngesikathi zonke
sizobatshela abantwana nezizukulu zethu :
Manikumbule lapho okoko bethu bazalelwe khona.
Niqubele ngokubona lendawo eya eAfrika.
Niqonde ngqo ngalo mgwaqo.

(Swahili)
Umoja ni nguvu,
Utengano ni udaifu.
Mtu ni watu.

Sa vle di: Menm si Ayiti lwen lAfrik, Nou pap janm bliye rasin kilti nou. Nap toujou di pitit ak pitit pitit nou yo : Sonje kote Zansèt nou yo te fèt.

Kontinye gade nan direksyon lAfrik. Kenbe wout sa a drèt, nèt ale. Linyon fè lafòs, divizyon fè lafeblès. Ki di youn nan nou di nou tout.

Sèm, Frèm, Jan nou konnen, rekonesans fè sans. Pou tout lòt vrè zanmi etranje nou yo Kap viv nan divès lòt peyi sou latè, Nou pwofite voye yon mèsi espesyal.

Vrè zanmi etranje ki la avè n jodiya Ak anpil lòt ki prezan nan lespri yo Se moun ki toujou chèche konprann Ni mwèl soufrans, ni mwèl diyite Kap sikile nan langaj Pèp Ayisyen.

Poum konprann kijan sèvo moun Ki pale 8 a 10 lang fonksyone, Mwen anrejistre ond sèvo wa ak yon Aparèy yo rele elektwoansefalogram.

Pou vrè zanmi sa yo konprann kijan Langaj Pèp Ayisyen chaje ak di plis Tankou mwèl diyite, mwèl soufrans, Yo fè ni kè yo ni brenn pa yo mache Jis yo konn tonbe damou pou Ayiti.

To understand how the human brain processes 8 to 10 languages, I use an EKG machine and record the brain waves. But to understand the Haitian meta-linguistics, true friends of Haiti such as the members of this prestigious delegation, use both their brain and their heart. I think that the bonds linking them to Haiti are deeply rooted in a real love story. What a clear reflection of true love and true friendship! A friend in need is a friend indeed. Thank you so much.

As the brain takes only 100 ms to detect happiness, you may already realize how your presence contributes to make the Haitian people so happy today. In 1804, the Haitian revolution marked the end of slavery. Today, may the Haitian people mark the end of exile and coup d’état while peacefully we must move from social exclusion to social inclusion. Once again, thanks from the bottom of our hearts.

Un saludo muy caloroso y un abrazo fraternal a nuestros hermanos y hermanas de Cuba, especialmente los médicos que se han entregado sin cansancio en la lucha en contra del cólera? Quién sabe cuantas víctimas del cólera ya hubieran muerto, si no fuera por su asistencia médico?

Rechazando la propaganda y acercándose cada día más a los enfermos, Uds cristalizan una fuente de vida y un tejido de solidaridad humana. ! Ojalá que la luz de este testimonio guíe los pasos de tantos hombres hacia un mundo mejor ! A Uds todos, gracias, muchíssimas gracias!

Sèm, Frèm, Siw te ka panche tèt ou sou kè mwen, Ou ta tande aklè kijan li ap chante Yon melodi konsolasyon pou Ayiti. Ayiti manman nou ki bezwen respire Oksijèn diyite pou lawont pa toufel.

Tank mwen kontan pou wè nou tout, Se tank dlo soufrans nou yo ap koule Tankou yon larivyè doulè nan tout kòm.

Tank mwen kontan pou wè nou tout, Se tank larivyè doulè viktim yo anvi Dechire kèm poul vin ponpe nan jem.

Si mwen menm ki fenk retounen lakay, Se konsam santim, ou pa bezwen dim Kijan manjezon doulè sa a rèd pou wou.

Depi tranbleman tè goudougoudou wa, Sim te ka transfòme chanm kèm an Chanm kay, tout viktim tap jwenn kay Pou sispann dòmi nan lari, nan labou, Anba tant chire kole pyese moso prela , Moso dra, moso katon IMILYASYON.

Wi, imilyasyon yon Ayisyen, Se imilyasyon tout Ayisyen. Lè diyite yon Ayisyen blese, Se nou tout Ayisyen ki senyen.

San nou se san Tousen Louvèti, Nou pa ka trayi san nou. Non ! San nou se san Tousen Louvèti, Nou pa ka trayi san nou. Non !

Sèm, Frèm, Jodi ya, akouchman retou wa fèt Anba lonbrayTousen Louvèti. Lè yo te kidnapel pou egzilel Nan mwa jen 1802, li te deja di :

Rasin libète yo anpil e yo plante fon. Koupe pye libète sa a se youn, men Rive elimine tout rasin yo, se jamè.

Ochan pou Jeni sa a ki te leve lonè Tout pitit zantray Manman Lafrik ! Ochan pou tout rasin libète ki fleri Anba dekonm poun te ka retounen.

Jodi ya, anba lonbray Tousen Louvèti, Nou kontan vin kanpe ak tout jèn yo, Nou menm nouvèl jenerayon ki vle : Edikasyon nan diyite, san eksklizyon.

Nou gen rezon paske Sin pa sove diyite nou, Diyiten ap sove kiten.
Wi, nou gen rezon paske Pwoblèm nan se eksklizyon, Solisyon an se enklizyon.
Eksklizyon Fanmi Lavalas Se eksklizyon majorite ya. Eksklizyon majorite ya egal Koupe egzakteman branch Ke nou tout chita sou li ya.

Pwoblèm nan se eksklizyon, Solisyon an, se enklizyon Tout Ayisyen san patipri Paske tout moun se moun. Donk,vòt tout moun konte.

An 1804, apre lendepandans, Te gen 20 medsen ak 2 dantis Pou 400.000 moun nan peyi ya.

Jodia, pa menm gen 2 doktè Pou chak 11.000 Ayisyen. Sa a, sa a se youn nan rezilta Mòd edikasyon ekslizyon wan.

Pou lonè Papa Jan Jak Desalin, Nou vin pote ti konkou pa n. Si balon edikasyon an santre Sou teren diyite, fòk wè pa wè, Nou mete eksklizyon awoutsay.

E lè sa a nouvèl jenerasyon an Pral kòmanse benefisye nan Richès kap dòmi nan zantray Peyi dAyiti nou an, kidonk :

Lò, kwiv, iranyòm, boksit, Ajan, poutzolan, mab elatriye. Kabonat kalsyòm ki nan Payan, Miragwan, depase $ 23 milya.

Rezèv petwòl la, san dout, Pi plis anpil pase sa nou kwè. Dayè nou menm menm Ayisyen, Nou se pi gwo, pi gwo richès la.

Sè m, Frè m, Pandan 7 an, nou kominike a distans. Jodi ya, nou la pou ansanm ansanm, Nou simen lapè toupatou, tout tan, Tout kote pou tout fòm vyolans kaba.

Nou menm Ayisyen ki renmen lapè, Nou kondane tout kalite fòm vyolans Pou edikasyon jenès la ka debouche Sou lapè nan tèt ak lapè nan vant.

Sè m, Frè m, Pandan 7 an, nou kominike a distans. Jodia, nou la, nou la ansanm, kòtakòt. Nou la, lakay, paske lakay se lakay. Nou la ak nou tout ki la pou nou al la :

La kote mizè, grangou, chomaj, Ensekirite, kidnaping, koripsyon, Dwòg, vyolans, trayizon, enjistis, Rasis, eksklizyon ak esklavaj modèn Pap toujou kanpe la pou fè n delala.

Ayiti nou an malad grav anpil. Soti 29 Fevriye 2004 rive jodi ya, Maladi ya malerezman vin pi grav.

Men, byen mal pa vle di lanmò : Pi gwo espwa Ayiti, se Ayisyen. Pi gwo remèd Ayiti, se lanmou.

Apre 7 ane egzil sa yo, nou deklare 7 fwa 77 fwa 7 fwa se Mèm Amou. Mèm Amou pou ou ki isit an Ayiti. Mèm Amou pou ou ki aletranje.

Si jodi ya nou youn retrouve n Nan bra lòt, isit, isit la menm, Se gras a ou kem renmen amò.

Jeunesse de mon Pays,

Vous, Jeunes Héros et Héroïnes d’Haïti, Vous, amoureux, amoureuses de la liberté, Soyons tous présents au rendez-vous De la Première République Noire, Tapie sous le poids de ces 25.000.000 De tonnes métriques de décombres.

Si l’éclosion du crocus dépend des rayons du soleil, L’éclosion d’Haïti dépend du soleil de notre amour.

Haïti nous unit à cette terre comme le pétiole relie le limbe à la tige. Tige de liberté conquise, combattue, battue mais jamais abattue.

Tige de liberté dont la nervure principale symbolise notre dignité. Tige de liberté dont la sève est et demeure l’amour par excellence.

Si l’éclosion du crocus dépend des rayons du soleil, L’éclosion d’Haïti dépend du soleil de notre amour.

Haïti, Haïti, plus je m’éloigne de toi, moins je respire. Haïti, Haïti, je t’aime et je t’aimerai toujours. Toujours !

Sè m, Frè m, Lè w tande deklarasyon damou sa a, Se bò sèvo goch ou ki kapte pawòl la, Pandan bò sèvo dwat la kapte emosyon Ak mizik ke pawòl la pote pou ou wa. Kidonk, chak pati nan kò wa gen wòl li.

Wòl pa m se sèvi ou nan lanmou. Wòl pa w se viv pou Ayiti pa mouri. Wòl bon patriyòt se renmen peyi l.

Bon tan, move tan: SE MÈM AMOU ! An egzil ou lakay : SE MÈM AMOU ! Avè w pou toujou : SE MÈM AMOU !


"Yon sèl nou fèb, ansanm nou fò, ansanm, ansanm nou se Lavalas"
CFLHO P.O.BOX 2252
Fort Pierce, Florida 34954
http://www.fanmilavalas.net/
 info@fanmilavalas.net
312-735-6297

jeudi 17 mars 2011

Dr. Jean-Bertrand Aristide Former President of Haiti

Bafowetu nodadewethu,
httpLwafika usuku olungaliyo! Usuku lokuvalelisa phambi kokubuyela ekhaya. Usuku lokubonga ngenhliziyo yonke uMongameli uZuma nohulumeni, uMongameli omdala uMbeki nomkakhe MaZanele, uTata othandekayo uMadiba nomndeni wakhe, abangane bethu baseUniversity of South Africa neWits University, nani nonke bafowetu nodadewethu baseNingizimu Afrika.

Mina nomdeni wami, ngeke sasikhohlwa lesi sikhathi eside futhi esihle esihlale la nani, enhliziyweni kamama Afrika.Umoya wobuntu siwubonile kusukela ngalolo suku lokuqala sihlangana nongqongqoshe uDlamini Zuma ngo 2003 ngalo kuze kube namuhla. Hayibo ! Okoko bethu vele bayaziqhenya ngathi wakathi siyakombisa ukuthi umuntu ngumuntu ngabantu. Halala Afrika! Halala izinkanyezi zobuntu zaseNingizimu Afrika!Ukuhlakhanipa kwokoko bethu kuyingqala! Ubuntu nodumo lweAfrika nalelizwe. Umhlaba udinga vele lokuzibamba ngomoya ophanzi. Izinkanyezi zobuntu mazikhanyise ezulwini nomhlaba wonke jikelele.

Kuyiqiniso uma kuthiwa: “Lapho kukhona uthando, indlela ikhona.” Yiqiniso ngoba uthando ngumoya omuhle ongakheti bala; uthando aluboni imingcele. Ngenxa yalo moya wobuntu, loluthando vele lwaluvutha ngaphakathi kithina, futhi sifuna ukuthi luvuthe izinsuku zonke.

Thina nomkami uMildred nabantwana bethu uChristine noMichaëlle, kufanele ukuba sihambe manje. Ngakolunye uhlangothi, sifikelwa usizi lokubashiya abangane abathandekayo, kodwa ngakolunye futhi, umoya wethu uthi cwa ngoba sibuyela ekhaya ngemuva kweminyaka esikhombisa. Futhi laphaya, eHaiti, bajabula kakhulu ngoba basilindile, bebefuna ukuthi sibuyele ekhaya ngokushesha. Kuyimvelo lokho! Iphupho labo lizofezeka. Ndawonye, sizoqhubeka ngokwabelana ngaloluthando olungapheliyo.

Yize iHaiti ikude nalapha, thina ma-Afrika nezizukulu zikaMama Afrika, sizokhumbulana kakhulu. Kuhle ukugcina amasiko ethu nezimpande zomndeni wase-Afrika. Asisoze sayikhohlwa leyo minyaka esikhombisa. Asisoze sazikhohlwa izimpande zamasiko ethu. Ngesikathi zonke sizobatshela abantwana nezizukulu zethu : Manikumbule lapho okoko bethu bazalelwe khona. Niqubele ngokubona lendawo eya eAfrika. Niqonde ngqo ngalo mgwaqo.

Bafowetu nodadewethu, kafushane, singabonga kanjani? Kealeboga ka pelo yame yotlhe. Sibonga kakhulu futhi kubangane bethu ababalwa kulezo zigidi ezingamashumi amahlanu zabantu abakhuluma isiSwahili. Kubo sithi: Rafiki zetu, salamu nyingi sana! Umoja ni nguvu, utengano ni udaifu. Mtu ni watu. Nanitakia kila la heri!

Bafowethu nodadewethu, sinifisela impilo enhle nokuhle kodwa. Inyanga kayizelaphi ! UNkulunkulu abe nani ! Ukwanda kwaliwa umthakathi !

Baie dankie. Tot siens !



17 March 2011

Dr. Jean-Bertrand Aristide Former President of Haiti
Pretoria, South Africa

(Translation from Zulu language)

Dear brothers and sisters.

The great day has arrived! The day to say good bye before returning home. The day to whole-heartedly thank President Zuma and the Government, Former President Mbeki and his wife Zanele, our beloved Madiba and his family, dear friends of the University of South Africa and Wits University, all of you, brothers and sisters of South Africa.

My family and I will never forget this long and beautiful time spent with you in the heart of Mama Africa. We saw the spirit of Ubuntu from the first day that we met with Minister Dlamini Zuma in 2003, until today. Indeed, the cleverness of our Ancestors is outstanding. Ubuntu is an honour to Africa and to this country. The world truly needs this philosophy. May the stars of Ubuntu shine in the sky over the entire world!

It is true to say: “Where there is love, there is a way out.” It is true because love is the great spirit that transcends colour; love doesn’t see borders. Because of this spirit of Ubuntu, this love burns inside of us and we want to keep it burning every day.

My wife Mildred, our daughters Christine, Michaëlle and I, must leave today. On one side we experience sadness in leaving our dear friends, but on the other hand, we are delighted to return home after 7 years. In Haiti also they are very happy because they were waiting for us and they have wanted for us to be back home as soon as possible. It’s normal. Their dream will be fulfilled. Together, we will continue to share this endless love.

Although Haiti is far from here, we Africans and descendents of Africans will remember each other. It is great to preserve our culture and the roots of our African family. We will never forget these 7 years. We will never forget the roots of our culture. We will always tell our children and great children: Remember the birthplace of our Ancestors, keep looking at the way that leads to Africa, go straight on that road.

Dear sisters and brothers, in short, how to express our gratitude?

(Isiswana language) Thank you from the bottom of our hearts!

(Zulu language) Thanks to our friends from among the 50 millions Swahili speakers. To them we say:

(Swahili language) Warm greetings, dear friends! Unity is strength, division is weakness. I am because we are. We are because I am. Best wishes to you!

(Zulu language) Dear brothers and sisters, we wish you a prosperous life and all the best!

(Afrikaans language) Thank you ! Bye bye !

17 March 2011













"Yon sèl nou fèb, ansanm nou fò, ansanm, ansanm nou se Lavalas" CFLHO P.O.BOX 2252 Fort Pierce, Florida 34954 www.fanmilavalas.net info@fanmilavalas.net 312-735-6297