dimanche 8 février 2009

BAZ FANMI LAVALAS NAN NÒ

BAZ FANMI LAVALAS NAN NÒ

Nou menm reprezantan plizyè baz Lavalas nan Nò peyi a Reyini nan Lenbe jodi 8 fevriye 2009 la pou nou reflechi sou desizyon anti demokratik KEP la pran kont Fanmi Lavalas.
Fanmi Lavalas se yon òganizasyon ki chwazi pou mache ak moun ki pi pòv yo nan peyi a. Revandikasyon mas peyizan ki pa gen tè pou travay, ouvriye kap bourike pou yon ti kraze monnen, ti machann kap toupizi ak kout ponya epi kap rann san pa bokit ak taks la Dwann, komèsan nan provens ke gouvènman kale je pa wè mete ajenou devan komèsan potoprens, etidyan inivèsite ki pa gen ni espwa ni esperans, tout sa se chay sou do Fanmi Lavalas.
Fanmi Lavalas kwè nan demokrasi, Fanmi Lavalas kwè nan eleksyon lib onèt epi demokratik. Tout moun konen, e yo konnen byen ke Fanmi Lavalas pa abitye pran pouvwa nan koudeta ni ak kout zam, militan Lavalas kwè nan bilten vòt.
Baz Fanmi Lavalas nan Nò Peyi-a sezi wè ki jan KEP la vle bay Fanmi Lavalas kat wouj nan eleksyon yo. Eleksyon pa ka fèt san Fanmi Lavalas, paske se nou ki pi plis, se nou ki pi fò. Rezon prezidan KEP la bay la pa kenbe, li pa kanpe sou anyen e li pa gen okenn fondman. Se pa prezidan Aristid ki voye tèt li an ekzil depi 5 lane. Konsa nou mande pou KEP a korije dikte yo ba li nan telefòn pou bloke Fanmi Lavalas la.
Nou konprann pou ki sa fèt.
a- Kantite konplo ki gen pou mare sou do peyi a pap ka pase nan palman an si gen palmantè Fanmi Lavalas la.
b- KEP la bay Fanmi Lavalas kat wouj yon jou apre kongrè ameriken an pran rezolisyon pou yo vin fè ankèt sou koudeta 29 fevriye a, donk pa dwe gen palmantè Lavalas nan palman an pou patisipe nan ankèt la. Konsa reprezantan nasyonal la, Doktè Jean Bertrand Aristide a toujou nan kanpe lwen
c- Si kandida Fanmi Lavalas yo nan kous la , kandida kout sakèt kandida ofisyèl konseye prezidansyèl yo pap pase, san nou pa bliye kandida konminezon ke gwo chabrak nan KEP a lage sou tèren an
d- Si gen palmantè Fanmi Lavalas nan palman an lwa baboukèt sou kat telefòn lan pap pase
KEP sa fè nou sonje KEP KNG Jean Gilbert ya
Nap pwofite mande pou kad ou dirijan Fanmi Lavalas yo rive chita pou yo antann yo, epi antant sa ap ranfòse antant nan mitan baz yo, fouchèt divizyon pa bwè soup eleksyon. Epi nan chire pit Fanmi Lavalas pap ka ranmase revandikasyon pèp la.
Nap mande tout lòt òganizasyon baz nan tout peyi a pou yo soude youn ak lòt pou kontinye mache ak mas pèp la.

Yon sèl nou fèb, ansanm nou fò , ansanm ansanm nou se Lavalas.

Nòt sa ekri nan Lenbe jou ki 8 Fevriye 2009


Men moun ki siyen:

Pou Dondon : Bien Aime Selichrist, Jean Jacques Torius, Beline Liconte
Sen Rafayel : Severe Adonijah, Duchange Moise, Patrik jean
Plendinò : Brunel Joseph
Milo : Philistin Dorvil ( Kowodonate mouvman Peyizan Milo)
Jeancuius Jacques (MPJDM), Jacquelin Dalusma
Plezans : Abel Geffrard, Duchaine Franklin, Jean Lukner
Pilat : Franklin Jn Baptiste, Isema Vixama, Antoni Michel
Borgne : Samuel Pierre, Adelson Exume , Marcelin Joseph
Limbe : Louis Marcelin,
L’Acul : Charlemagne Derozin,Wilton Jn Baptiste, Ronel Osias
Pignon : Brillant Witny, Eugene Woodeline
Ranquitte : Fortune Valcina, Elichrist Augustin
Okap : Lorgeat Claude,Georges Edwin,Pierre Aston ( OPLAD)
OSee Fils aime, Jacques Caleb, Giordany st Ulysse
Ostain Louis, Herve chery, Jean Elysee ( OPVS)
Rony Paul ( GARNORD)
Alex Jules, Fritzner Petit ( FIOP).


Aucun commentaire: