mercredi 20 mai 2009

TRAVAY POU RETOU A KA FÈT PI VIT, NAN MOBILIZASYON AK NEGOSYASYON!


SISPANN VIZE CHÈZ BOURE YA SÈLMAN, GADE MIZÈ PÈP LA.
TOUT MOUN DWE VIV TANKOU MOUN

Zanmi kanmarad Fanmi Lavalas, twonpèt rasanbleman an sonnen pou nou rasanble tout fòs nou ansanm pou nou travay pou peyi a. Jodiya nou rive nan kafou listwa kote peyi Dayiti plis bezwen jèn ak granmoun li yo. Fanm vanyan ak gason kanson, entèlektyèl ak analfabèt, moun lavil ak moun andeyò, moun rich ak moun pòv, boujwa ak pwoletè poul kanpe nan ran peyi tout bon vre.
Frèm, sèm sispann bat tèt nou, sispann kite moun ki kwè ke yo se malis epi nou menm se bouki fè nou antere tèt nou tou vivan. Tout moun gen mwèl tout moun ka reflechi si li pa malad nan tèt. Tout refleksyon yo dwe dirije pou devlope peyi nou dabò avan pòch nou.

Nou soufri yon mal andemik, ki toujou fè nou wè tèt nou anvan peyi, lè ya sonnen pou nou sispann. Twonpèt mobilizasyon an sonnen, pou nou libere yon lòt fwa ankò, pitit libète a ki nan pasaj. Mete bon konprann nan tèt nou, fè yon jefò pou nou wè klè, lè youn goumen ak lòt se peyi a ki an defisi, lè youn pa vle chita ak lòt, avantaj la se yon lòt moun ki jwi l.

Gade jan Sendomeng devlope sou tèt peyi dayiti, men kounye ya yo vle okipe nou, yap touye pitit nou, koupe zòrey yo, pitit pèp la ap mouri toupatou, nan lanmè Etazini oubyen lakay vwazen. Se twòp atò. Twonpèt la sonnen pou nou reveye nan pwofon somèy divizyon kap antere peyi a.

Lè ya rive pou chak moun sispann kouri dèyè chèz prezidansyèl la pou nou panse peyi. Kit ou te rele Mayizena, Savon, Aseyan, Anrio, Kaliva, Guylèn, Malèn, Yoyo elatriye se antann poun antann nou, travay pou retou a ka fèt pi vit.

Nou pa bezwen yon lòt pouvwa pou retou a, ni pou nou ka ale nan eleksyon an 2010. Gouvènman Prezidan Preval la fèt pou l bannou tout pasaj nou bezwen. Mobilizasyon ak negosyasyon se kle pwogè nan tout bagay.

Nou bezwen Titid retounen pi vit. MOBILIZASYON-NEGOSYASYON! Nou bezwen lavichè a fini? MOBILIZASYON-NEGOSYASYON! Nou bezwen al nan eleksyon? MOBILIZASYON-NEGOSYASYON!

Prezidan Preval dwe n monnen se poul peye n. Menm kan li pat manm okenn pati politik sa pa vle di se poul engra, omwen li dakò li se ayisyen.

Pèp ayisyen grangou, lap mouri tou patou nou dwe fòse Prezidan preval remèt enpe nan sa Fanmi Lavalas fè pou li. Si pèp la pase chache l yon lòt fwa ankò lap konn sa poul fè ya, pa kitel twò ta, lè a rive, anvan manda 5 kan bout fòk MOBILIZASYON-NEGOSYASYON AN RIVE FÈT , POU PREZIDAN ARISTID TOUNEN AN AYITI.

Fanmi Lavalas se pam, se paw, se pa nou tout. Titid di tout moun se moun sa vle di tout moun konte, tout moun dwe jwenn, tout moun dwe viv tankou moun.

Pèp ayisyen! Lavalasyen! Lavalasyèn! lè a rive pou nou leve kanpe pou MOBILIZE pou fè respekte dwa nou:

Dwa pou nou viv tankou moun.
Dwa ak libète pou chwazi pwòp dirijan nou.
Dwa pou nou patisipe nan eleksyon
Dwa pou nou jwenn manje.
Dwa pou nou jwenn bon wout
Dwa pou nou jwenn bon jan lekòl.
Dwa pou nou jwenn bon jan lopital.
Dwa pou nou jwenn travay nan peyi nou elatrye
Se pou respè tout dwa sa yo Titid tap travay e se pou yo Fanmi Lavalas kontinye ap travay jodiya.

N.B. Kondoleyans pou zanmi ak fanmi tout frè ak sè nou kap mouri nan chache lavi lòt kote, yon jou na delivre pandan nap kenbe drapo nou an pi fò toujou pou zòt pa chanje l san nou pa wè.

Group Militan Kafou Fèy
Marie Claude Altemar
Jean Andre Philemond di (Timonmon)
Jean Elie Fils-Aimé
Mario Duvivier
Saintanise Fleuridor

Aucun commentaire: