mercredi 3 juin 2009

NÒT POU LA PRÈS

Chak fwa yon Mapou tonbe fòk ta gen dis lòt ki leve kanpe. Chak fwa san yon patriyòt koule va gen yen yon douzèn lòt ki pou leve. Chak fwa yon defansè libète ak jistis blese, se san nou tout ki koule. Pè Jan Jis tonbe pou kòz libète ak jistis. Pè Jan Jis se pòt vwa sa ki pi pòv yo, se pòt pawòl sa kap kriye pou jistis yo, se pòt drapo levanjil liberasyon nan legliz pòv yo. Pè Jan Jis se yon konbatan, yon militan , yon mati, ki bay vi li an sakrifis. Lan Mò Pè Jan Jis se yon gwo kou pou mas pòv yo. Pè Jan Jis merite anpil rekonesans, fòk nou di li mèsi pou tout responsabilite li pran nan batay pou lajistis ak demokrasi.
Nan lespri sa baz Fanmi Lavalas, kad Fanmi Lavalas, nan yon tèt kole ak òganizasyon peyizan, Ti machann, etidyan ak tout moun ki renmen la jistis e ki gen lanmou pou pòv yo ap fè yon seri aktivite pou temwaye rekonesans yo a pè Jan Jis. Nan aktivite sa yo gen pa ekzanp emisyon nan radyo pou eksplike la vi pè Jan Jis, pibliye foto ak depliyan, siy lanmò elatrye.
Nap envite tout konpatriyòt nan yon fineray senbolik kap chante nan legliz sakre kè ya, Samdi 6 jen 2009 a 10 zè nan maten.
Nap pwofite swete kondoleyans nou a tout fanmi pè Jan Jis ki te sipòte tout doulè sa yo avèk li, tankou, arestasyon, Prizon, maspinay kout baton, ekzil. Pè Jan Jis te sibi tout sa yo sèlman paske li te chwazi pou mande jistis pou sa ke yo bafwe, bay manje a timoun san manman, san papa yo, paske li tap denonse, koudeta, diktati ak tout rejim politik ekonomik ki pote ekzil, chomaj, povrete, mizè, epi ki fè moun tounen zonbi. Lanmò Pè Jan Jis dwe sèvi nou de leson pou lit la ka kontinye ak plis disiplin, plis vijilans ak plis entèlijans.
Fòk nou tout di ansanm mèsi Pè jan Jis, bon vwayaj Pè Jan Jis, la pè pou nanm ou konpatriyòt

Yon sèl nou fèb, ansanm nou fò, ansanm ansanm nou se lavalas jouk nan lanmò

Pou Reprezantan Òganizasyon
Pastè Jean Baptiste Hudson
Carly Eugene

www.fanmilavalas.net

Aucun commentaire: