lundi 26 octobre 2009

NÒT POU LAPRÈS


Nou salye tout manb Fanmi Lavalas yo ki te viktim anba men asasen yo nan evènman 29 Fevriye 2004 la, ki te abouti a kidnapin Prezidan Aristid. Nou di yo pran kouraj, paske delivrans lan pi pre, e nou dwe rete mobilize kelkeswa sa nou tande.
Nou mete yon lis pasyèl deyò ak non e dega materyėl e imėn ke GNB yo koze nan destabilizasyon gouvėnman Lavalas la. Nou poko fin rasanble tout enfòmasyon yo sou koudeta sanglan sa a, mesye gnb yo te fè nan ane kote nou tap selebre endepandans peyi ya. Nou pap ka fini travay sa a, si w pa fė yon jefò anplis pou w ban nou rės enfòmasyon yo, pou n ka konplete dosye ya.

Nou wè ke putchis yo déjà reyaji, kote yo pran non Lavalasyen ke gnbis yo te tye, pou yo di ke moun sa yo ke Lavalas tap toujou defann nan, te viktim de Lavalas. Nou gen pou nou mete yon ola nan vyolasyon dwa moun nan peyi dayiti, lè tout fanmi mete yo doubout pou yo pouswiv malfėktė kap tye fanmi yo kelkeswa kote yo ye.

Nou remèsye tout moun ki ban nou enfòmasyon pou nou te ka rann lis sa a posib. Viktim ke non yo poko parèt sou lis la, pou yo ta pran yon ti tan pou yo voye enfòmasyon yo pou nou sou adrès elektwonik CFLHO nan: info@fanmilavalas.net. Nou fenk koumanse e nap kontinye mete enfòmasyon sou lis sa a nan kad demach ke nou dwe fè devan gouvenman Prezidan Preval la ak enstans entènasyonal ak dwa moun ke nap kontakte nan jou kap vini yo.

http://www.fanmilavalas.net/victims.htm

YON SÈL NOU FÈB, ANSANM NOU FÒ, ANSANM ANSANM, NOU SE LAVALAS



"Yon sèl nou fèb, ansanm nou fò, ansanm, ansanm nou se Lavalas".
P.O.BOX 2252 Fort Pierce, Florida 34954
954-670-9209
www.fanmilavalas.net

Aucun commentaire: