lundi 30 novembre 2009

NÒT POU LAPRÈS


Fanmi Lavalas kòmanse jodi dimanch 29 Novanm 2009 la, yon seri manifestasyon pasifik pou fòse otorite elektoral yo ak Gouvėnman Preval Belrive la reyentegre Fanmi Lavalas nan konpetisyon elektoral la epi nan tout lavi politik nasyonal la.

29 Novanm raple nou masak ki te fėt sou pèp la, sèlman paske li te vle vote. Jodi Ya se yon lòt fòm vyolans ke responsab yo ap fè sou pèp Lavalas la, lè yo anpeche yo vote.

Vote se yon dwa politik fondamantal. Tout revandikasyon yo te ekri nan pankat san vyolans moral ak fizik. Moun te ka li slogan sa yo:

Nan demokrasi pa dwe gen eksklizyon
Se pa Prezidan Aristid ki mete tèt li Kote li ye ya, yo pa dwe ap fè nou tout ekzijans sa yo pou patisipe nan eleksyon.
Pouki sa yo ekzije pou lèt Prezidan Aristid la otantifye nan yon konsila, alòske lèt KEP La pat pase pa vwa diplomatik?
Trèt pa trete, engra pap janm gra! Rayi tout sa ki trayi.

Apre siting sa a, genyen kèk kad Fanmi Lavalas tankou Mèt Bell Angelot, Pastė Hudson Jean Baptiste, ansyen depite James Derosin, kite fè yon konvèsasyon ak kèk reprezantan Minustah ki te prezan.

Militan Lavalas yo ap mande pouki sa NasyonZini pa favorize yon dyalòg
ak tout pati politik nan peyi ya san distenksyon. Fanmi Lavalas bezwen
espas demokratik kote li ka denonse fwistrasyon l, tankou anpil manm yo
te brile kay yo ak biznis yo, epi yo pa janm dedomaje yo, alòske Latòti te
favorize patizan pal yo nan sans sa a. Jouk jounen jodi ya, nou gen militan ki nan prizon epi an ekzil tankou reprezantan nasyonal la.

Nan jou kap vini yo Fanmi Lavalas Branch Nò, va anonse ki lòt aktivite pasifik kap fèt.

yon sèl nou fèb, ansanm nou fò, ansanm ansanm nou se Lavalas.

Pou kowòdinasyon an: Pastè Hudson Jn Baptiste




"Yon sèl nou fèb, ansanm nou fò, ansanm, ansanm nou se Lavalas".
P.O.BOX 2252 Fort Pierce, Florida 34954
info@fanmilavalas.net
www.fanmilavalas.net
954-670-9209

Aucun commentaire: