jeudi 17 décembre 2009

16 Desanm 90-16 Desanm 2009

19 lane maswife,19 lane tonbe leve, 19 lane kalamite, 19 lane tribilasyon. Men tou se 19 lane rezistans. 19 lane batay antre yon majorite ki goute sèl demokrasi ki pa vle tounen Zonbi anba diktati ak yon minorite ki kwè ke limyè demokrasi ka fè’l tounen zonbi. Lè nou vire paj listwa nou wè vote nan eleksyon pa te zafè pèp avan 16 desanm 90, se te privilèj gwo chabrak politisyen. Men jou ale jou vini, aprè anpil batay lalin te rive chanje katye, 16 desanm 90 tout moun te gen dwa vote, e tout moun te vote, se yon lòt solèy ki te leve nan lavi pèp Ayisyen. Yon dat konsa paka efase nan memwa pèp la, nan lespri moun kap lite tout bon pou chanjman.

Lè nou sonje 16 desanm, nou pa ka bliye 30 septanm 91 kote lwa lenglesou basen san te danse nan tèt tizè pouvwa, fòs fe nwa zago loray yo ak yon koudeta ki lakòz plis ke senk mil krityen vivan de bra balanse pati pou peyi san chapo, san konte sa ki kokobe anba kout baton, ki blese anba zam.

Lè nou sonje 16 desanm 90, nou pa ka bliye 15 oktòb 94, kote yon lòt solèy demokrasi te vle leve nan peyi ya aprè 3 zan tenèb tribilasyon, gwonyaj represyon plis vyolans miltipliye pa pesekisyon ki rive divize la nasyon. Lè nou sonje 16 desanm 90, nou pa ka bliye 3 novanm 96 kote nan vil jakmèl lonbrit Fanmi Lavalas koupe ak sizo revandikasyon sa ki pi pòv yo pou se plis yo ki jwenn plis paske se yo ki pi plis. Depi lè sa: Yon sèl nou fèb, ansanm nou fò, ansanm ansanm nou se Lavalas, tounen yon priyè pou chase tout move zanj anti demokratik, pou repouse tout ti sevèl wòwòt ki manje manje bliye sou tab engratitid anba tonnèl trayizon

Lè nou sonje 16 desanm 90, nou pa ka bliye 22-29 fevriye 2004
Depi lè sa pichon tonbe sou peyi ya. Yo profane zansèt yo, yo kraze, yo brize, yo ekzile, yo arete, yo piye, yo gaspiye. Depi lè sa peyi ya vann, peyi ya fann, demokrasi ya tonbe nan sann. Lide ki te eli nan eleksyon 16 desanm lan, jodi ya an ekzil, Doktè Jan bètran Aristid, pati politik majorite ya pran kat wouj pou chak eleksyon. Ki kalite demokrasi sa a mezanmi ?

Bon militan Lavalas ki chwazi pou yo pa vann nanm yo, ranmase karaktè nou, rèv 16 desanm lan pap tounen kochma. Lavalas pa ka tonbe, Lavalas pa ka kraze, Lavalas pa ka separe.

Lavalas se wozo, Lavalas se linyon fè lafòs, Lavalas se konbit liberasyon, Lavalas se rezistans, Lavalas se rezèv pou demokrasi.

Move fèy bwa ki tonbe nan basen Lavalas gen pou pouri avan lè, lè jou van eleksyon lib, onèt , demokratik va soufle fèy sèch pap ka rete nan pye bwa. Men atansyon anpil fèy sèch se fatra. Madichon pou tout sa kap kraze lèspwa pèp la, madichon pou tout sa ki kreye dezèspwa ki vle lage pèp la nan inikite. Pap gen ni padon, ni mizerikòd pou okenn brebi egare ki kite patiraj yo pou 5 fèy malanga. Depi ki lè engra te konn gra, depi ki lè trèt te konn trete?

Demokrasi pou tout moun, tout moun pou demokrasi. Ayiti pou tout ayisyen, tout ayisyen pou ayiti.

Yon sèl nou fèb ansanm nou fò, ansanm ansanm nou se Lavalas



"Yon sèl nou fèb, ansanm nou fò, ansanm, ansanm nou se Lavalas".
P.O.BOX 2252 Fort Pierce, Florida 34954
info@fanmilavalas.net
www.fanmilavalas.net
954-670-9209

Aucun commentaire: