jeudi 17 décembre 2009

NÒT POU LAPRÈS


Jodi 16 Desanm 2009, yon dat ki enpòtan anpil nan istwa batay pèp ayisyen yan pou demokrasi, pou jistis, pou dwa moun respèkte, pou yon leta ki chita sou lalwa, yon gwoup militan Lavalas ki reprezante depatman nò wa te chita ansanm, e yo pran desizyon sa yo.

1-Lè nou konsidere antan ke militan konsekan, ki gen konviksyon, ki respèkte lespri moun yo asasinen, yo masakre, yo arete, yo ekzile, nou pa ka rete bra kwaze lè bak Fanmi Lavalas vle chavire sou lanmè trayizon pandan ke van koudeta 29 fevriye 2004 la kontinye ap soufle.

2-Lè nou konsidere ke yon bon Lavalasyen se yon bon patriyòt, lè yo mete Lavalas deyò sou teren jwèt politik nasyonal la, se tout majorite pèp la yo bay kat wouj, nou deklare ke nou pa ka rete bè kèkè san nou pa pale de pwoblèm ki mete Ayiti sou kabann lopital

3- Lè nou konsidere ke Fanmi Lavalas pa ka kite tout militan li yo gaye, nou sonnen yon lanbi rasanbleman pou nou di ansanm ansanm nou se Lavalas

4- Lè nou konsidere ke ekzil, prizon politik, anpeche moun vote se vyolasyon deklarasyon dwa moun ak konstitisyon peyi dayiti, nou deklare mande retou reprezantan nasyonal Fanmi Lavalas la, Dòkte Jan Bètran Aristid nan peyi dayiti se yon devwa, e nou mande pou Fanmi Lavalas patisipe nan lavi politik peyi ya se yon dwa. Lè demokrasi gen fòs kote, li pi mal pase diktati

5- Lè nou konsidere batay pasifik sa a, san vyolans, nan respè youn pou lòt pa ka fèt san nou pa òganize, nou deside, pou jodi ak demen Fanmi Lavalas, mete kanpe yon èkowòdinasyon pwovizwa nan depatman nò wa.

Kowodinasyon sa a gen pou misyon:

Kreye yon komisyon Ranfòsman Ti Fanmi yo, yon komisyon kominikasyon ak mobilizasyon, yon komisyon verite ak jistis, elatriye. Ap genyen yon konsèy Saj, sa vle di ansyen militan ki gen eksperyans pou ankadre komisyon yo ak kowòdinasyon an, ki pou mete ola, ramne tout moun a la rezon, lè manm kowòdinasyon ak komisyon yo vle gaye..

Men Moun ki nan kowòdinasyon pwovizwa sa a:

1-Rev: Pastè Hudson Jn Baptiste
2-Davilma Levy
3-Francois Roosevelt
4-Ozirus Ella
5-Desir Vanel
6-Vixamar Renel
7-Pierre Maryse
8-Ernite Guerrier.

Nòt sa ekri jou ki 16 Desanm 2009 nan katye Sent Filomèn, Kap Ayisyen.

Yon sèl nou fèb, ansanm nou fò, ansanm ansanm nou se Lavalas


"Yon sèl nou fèb, ansanm nou fò, ansanm, ansanm nou se Lavalas".
P.O.BOX 2252 Fort Pierce, Florida 34954
info@fanmilavalas.net
www.fanmilavalas.net
954-670-9209

Aucun commentaire: