lundi 2 mai 2011

NÒT POU LAPRÈS DE ÒGANIZASYON OTAN NAN MÒN WOUJ KONT ZAK KOMISÈ GOUVÈNMAN AN PRINCE CHERIMOND OSIAS

Militan konsekan yo, konbatan pou lajistis yo louvri je, leve kanpe. Nou te kwè li te jou e poutan se kounye ya lougawou makanda yo ap mete grif yo deyò. Bravo pou pèp  vanyan ki reyaji tankou se yon kout zèklè kont zak malfèktè ke komisè Prince tap fè nan Pwopriyete Fanmiy  Bell nan ri 18 I # 31.



Men kèk kesyon nap poze

1-      Si yon moun sou yon pwopriyete depi 15 lane, eske yon komisè gouvènman ka voye UDMO ak gwo zam fann fwa al kraze brize san lajistis poko di anyen?

2-      Eske komisè Prince ka avoka  e an menm tan komisè gouvènman nan yon dosye, jan sa fèt nan Mòn Wouj, nan Petitans, Bonedigal ak nan ri 18 nan Okap?

3-      Poukisa komisè ya ak Henri Leconte pa al plede kòz la nan kou dapèl la, jan ke lajistis mande?

4-      Si yon moun bay kèk malere kote pou yo rete sou yon pwopriyete, eske se malere sa yo pou yo pèsekite, voye kò sekirite prive al maltrete yo?.

Jedi 28 Avril nou te nan tribinal de Pè ya kote yo tap jije moun kap viv sou pwopriyete Fanmi Bell yo nan ri 18, nou konprann klè kon dlo kokoye franse jij la bay la «  L’appel est suspensif » sa vle di lè yon jijman nan kou dapèl pa gen okenn aksyon degrenngòch ou ka fè, se lajistis ki pou deside

Konsa  OTAN mande :

1-      Pou tout militan li yo pote solidarite  a peyizan Mòn Wouj yo ki viktim de zak enjistis sa yo de  komisè Prince ak Henry Leconte, e rele anmwe chak fwa zak malfektè sa yo pase.

2-      Revokasyon komisè Prince prese prese, paske li reprezante yon danje sosyal, yon menas pou moun pòv yo,  epi li sèvi yon lwa Makanda kap fèl arete moun san manda

Yon komisè kap fè enjistis sou avoka, sou moun ki te okipe gwo fonksyon nan sosyete ya ki pa te konn fè enjistis, e nou menm ti machann , e nou menm pòv militan

Yon komisè gouvènman kap fè awogans, kap bay polisye presyon pou arete nan biwo l  Batonye Lòd Avoka yo, e nou menm peyizan, pòv ouvriye, kretyen latè de bra balanse.

Bwa vèt ap boule e nou menm bwa chèch, nou wè bab kanmarad pran dife nou mete pa nou ou ala tranp

      

"Yon sèl nou fèb, ansanm nou fò, ansanm, ansanm nou se Lavalas"
CFLHO
P.O.BOX 2252
Fort Pierce, Florida 34954
www.fanmilavalas.net
info@fanmilavalas.net
312-735-6297

Aucun commentaire: