jeudi 30 juillet 2009

DEKLARASYON MAS BAZ POPILÈ, FANMI LAVALAS NÒDWÈS


Fanmi Lavalas Nòdwès

Deklarasyon Mas Popilè Baz Fanmi Lavalas

29 Jiyè 2009
Nou ki nan baz òganizasyon Fanmi Lavalas Nòdwès deklare ke KIDNAPIN 29 fevriye 2004 la fè nou mal anpil. Se pou rezon sa a nou te brave tout danje sou gouvènman kriminèl Bonifas/Latòti an pou te pèmèt retou a lòd konstitisyonèl nan peyi Dayiti ak fasilite Fanmi Lavalas retounen fonksyone nòmal.

Nou trè konsyan tou, pandan tout dire pouvwa Lavalas la, òganizasyon an pat janm òganize tèt li. Malgre nou te nan pouvwa a men nou te pito ap fè JPP,ak gwo manifestasyon nan lari pou montre lemonn antye nou gen anpil moun, sa a se vre!

Polis nasyonal la ke Prezidan Arisitid te kreye pou te koupe fache ak lame Dayiti san Manman an, fini avèk kesyon koudeta a pat rive bay rezilta paske yon gwoup asayan anviwon 15 nèg ki te gen nan tèt li Guy Phillippe ak konplisite peyi ki di yo se zanmi Dayiti rive chavire pouvwa Lavalas la malgre majorite Pèp la afiche soutyen l ak Fanmi Lavalas.

Anviwon 5 lane deja pase nou deyò pouvwa a, fòk nou konsyan ke komite egzekitif Fanmi Lavalas la echwe nan misyon l. Li prefere ap fè bri kouri sou do Prezidan Aristid, ak goumen pou lidèchip, yon sitiyasyon ki pap mennen n okenn kote sinon diminye fòs Fanmi an epi fè mas la pèdi wout batay li.

Nou, manm Fanmi Lavalas ki rete atache ak ideyal 16 desanm 1990 la pa ka rete endiferan fas ak sitiyasyon sa; nou deside mete kanpe yon òganizasyon rejyonal ki rele INITE MILITAN POPILE AYISYEN Ki gen non jwèt li "PIM".

Objektif nou se rive fè moun kap goumen pou lidèchip yo pran konsyans epi fè linite.
Ankouraje dyalòg ant diferan baz yo
Fè pwomosyon dyalòg entè Lavalasyen
Prepare pou move kou kap tann nou pi devan
Prepare retou fizik prezidan Dr Titid pou l vin jwe wòl reprezantan nasyonal li kòm sa dwa.

Nou gen 5 lane depi nap di Fòk Dr Titid tounen pokò genyen okenn enstans nan peyi ya ki adrese kesyon retou sa a.
Nou rann nou kont ke koze pou Lavalas repran pouvwa a tounen yon vas plezantri, nan jan nap fonksyone la.
Se pou sa nan sousi majè nou genyen pou Prezidan Aristid, nou kwè anpil fòk òganizasyon an òganize tèt li
Fòk òganizasyon an antre nan lòd fòmèl, ki gen fonksyonman Pati Politik.
Fòk nou adrese de fason fòmèl retou Dr Titid nan peyi ya.
Fòk nou repran pouvwa a pou Èn aplike ideyal 16 desanm nan.

Malgre efò sèten moun nan Fanmi Lavalas ap fè pou li retounen fonksyone nòmal, men retou fizik Prezidan Aristid pa ka fèt nan lari sèlman ak nan divizyon.

Apoléon Trompé 3618-8146

Réginald Pierre 3608-7135-3589-8862

Claude Charles 37984397




www.fanmilavalas.net

Aucun commentaire: