samedi 1 août 2009
YON RÈV KI TOUNEN KOCHMA
28 jiyè 1915 -28 jiyè 2009, 94 lane depi malfini zetwale ya te ateri sou Ayiti.
Malfini sa, lè l debake, li pa pote lapè. Kote l pase, zèb pa pouse. Si n gade ki jan Irak depatcha an miyèt moso, na konpran ke malfini ya toujou di yon bagay men li fè yon lòt.
Ki jan n ka gade lavni ak kè kontan , ki jan lavni ka sèten pandan pase n ki plen doulè vif nan lespri n. Nou poko menm tanmen kriye pou sila yo ki te tonbe pou Ayiti pa disparèt, kadav yo pa sispann anpile. Machann lanmò yo vin pi awogan. Jenocid la pa gen bout.
Pandan nap eseye panse blese yo, san pa sispann koule kou larivyè an Ayiti. Ki devlopman dirab ki ka sòti nan kalite pinisyon kolektif sa?
1804 –1864, malfini zetwale ya mete yon anbago bout di sou jenn nasyon an paske zansèt yo te oze kwape komès transatlantik la. Yo te bay zansèt yo tout vye non akòz de vizyon yo ak tenasite yo. Depi nan nesans Ayiti, blan esklavajis yo te sèmante fòk bebe sa rete kwachyòkò. Apre anbago san fwa san lwa a, malfini zetwale ya tanmen relasyon diplomatik ak Ayiti. Li voye yon ansyen esklav, Frederick Douglas vin konsil an Ayiti. Ou ta di malfini zetwale ya renonse ak kou anba vant epi kout kouto nan do. Nou te kwè twò vit nan lamayòt. Se te pito Kochma Ayiti ki te kòmanse. Batèm Rat – Chat fèmen tout pòt li manje tout Rat. Blan esklavajis yo te di se te yon radiyès ki melanje ak tout yon grenn pèmèt pou nèg panse yo te ka kreye yon nasyon epi fè l pwogrese pou pitit li.
1915-1934, dat madichon, date lanmò. Oligachi afranchi ya ak boujwazi feyodal la ki te ekri testaman libewo yo, te pito peyi ya okipe, tan pou l te gen dwa grandèt li. Yo te bay malfini zetwale ya benediksyon pou anvayi e okipe Ayiti. Se pa jodi ya nou an afè ak malpwòp ki pito dòmi devan pòt kolon menm si blan krache sou tèt yo. Souverènte ak fyète nasyon an se pa sa ki konte pou yo. Se pito ranmase fòtin nan tout kondisyon sal epi monte zèl nen yo an lè tankou yo pi moun pase pitit Desalin yo. Se domaj, lafimen vin mete pitit kay deyò. Pil Conze yo te dakò pou malfini zetwale ya pilonnen souverènte peyi ya. Yon sèl Pyè Sili pa ta ka enpoze malfini an okipe peyi ya, desann drapo peyi ya epi mete drapo malfini an sou tèt tout biwo leta. Pou restavèk yo, se te pi bèl bagay ki te ka rive Ayiti. 19 lane okipasyon, masak, piyay, vòl, kadejak ak imilyasyon te bay peyi ya kou de gras la. De pi lè sa emoraji ya pa janm sispan.
Bèk ak grif malfini zetwale ya nan tout konplo kont Ayiti. Depi gen destabilizasyon, ou pa menm bezwen di petèt, li ladann jouk nan kou. Ayiti pa janmen pran yon souf ak malfektè sa yo. Pa bliye, se te Delano Roosevelt ki te di nasyon sa a pa gen dwa gen lapè. Fòk yon toujou ap goumen ak lòt. Yo mete pyèj la pou nou epi nou foure tèt nou ladann. Gouvènman monte, gouvènman tonbe. Koudeta sou koudeta. Fòk gen yon diktatè ke yo mete sou pouvwa pou tòtire ayisyen pou Ayiti ka gen yon aparans enstabilite. Eleksyon seleksyon , disparisyon moun kap goumen pou dwa moun, asasinasyon jenn fanm ak jenn gason nan katye popilè se bèl demokrasi malfini zetwale ya pote pou Ayiti. Sa pa anyen dòt ke diven anpwazonnen nan bèl boutèy dore. Enjistis ak enpinite tounen lalwa. Ki jan nou ka kreye yon lavni ki bèl, lè maleng nou yo poko menm sikatrize epi malfini zetwale ya kontinye ap fouye maleng nou yo pi fon.
1991-1994, ki moun ki ka bliye bourik chaje? Li te di apre bal tanbou lou. Li pat pran tan pou tanbou an te tounen yon tanbou madoulè. Nou wè jodi ya ki jan laprès ipokrit pa bò isit ap kriye pou eleksyon ke Iran volè nan men opozisyon an. Kote yo te ye lè lame san manman tap benyen nan san pèp ayisyen paske yo te vote yon moun ki pa mache nan sans malfini zetwale ya? Malfini zetwale ya te di li pap tolere kou deta ankò an Ayiti, poutan se li ki te òganize l epi peye ni lame ya ni frap pou asasinen tout moun ki pat vle rete trankil. Prezidan Aristid te dakò pou malfini zetwale Mennen li tounen pou demokrasi te ka triyonfe. Podyab pou demokrasi! Se te pito yon lòt okipasyon an dousè. Malfini zetwale ya te mete tout aparèy yo an plas pou Ayiti pat selebre kòm sa dwa 2004. Depi 1904 jouk 2004 malfini zetwale ya sèmante ke Ayiti pa gen dwa fete nan lapè istwa l. Yo di fòk rèv libète sa toujou rete yon rèv. Se yo ki gen dwa selebre indepandans pa yo.
Pitit peyi ya mouri nan tout vye kondisyon. Pandan blan ak tchoul blan ap byen mennen nan paradi, Ayiti tounen yon lanfè pou pwòp pitit li. Lanmè gen kè plen si tèlman li manje frè n ak sè n yo. Lè malfini zetwale ya pa desann ak marin yo, li pote desann òganizasyon lanmò ki degize an fòs lapè: Loni, Bill Clinton, prokonsil, Ban-Ki-Moun, Latòti elatriye. Depi ki lè destabilizatè te konn pote chanjman? Lame mèsenè ya, loni pa vin proteje ni lapè ni pèp ayisyen. Li vin touye moun ki kont okipasyon peyi ya tankou marin yo te touye peyizan ki te kont prezans yo an Ayiti an 1915. Loni ak malfini zetwal la se senkent kòb ak degouden, pwazon kraze nan bouyon, kabrit tomazo menm plim menm plimay.
Kote lavni peyi ya gade? Pifò sèvo konsekan peyi ya deyò. Anpil pitit peyi ya kouri al kay vwazen. Pifò entèlektyèl yo chita nan pòch Kanada, Lafrans ak Etazini. Jenès la an dekonfiti. Etidyan yo bliye si se yo ki nanm peyi ya. Ala traka papa! Peyi ya ap vann an detay. Senatè ak depite chita nan lachanm, yo soud yo avèg epi yo bèbè. Yo pa gen kouraj pou mande loni ki sa li ap fè nan peyi ya. E ki lè lap mare pakèt li. Ale wè pou yo ta mande Bill Clinton ki wòl li nan okipasyon peyi ya. Tout moun sou kou. Sa ki te rich vin pi rich Sa ki te pòv ak diyite tounen mandyan nan lari. Devan pòt tounen dèyè kay.
Ki jan lavni Ayiti ka asire si je n pa sispann brake laba? Frè m, sè m ann chanje mentalite n pou n ka repran peyi n. Ayiti pa ka byen si l sou okipasyon. Pou n bon tout bon fòk nou mèt tèt nou. Timoun piti se lavni yon sosyete, si yo abandone san ankadreman se tankou peyi ya te disparèt. Sèl lwa ki dwe danse nan tèt nou jodi ya se lwa papa Desalin la! Aba okipasyon! Viv Ayiti pou tout tan gen tan.
Maud Jean-Michel (Sanite Belaire)
www.fanmilavalas.net
Inscription à :
Publier les commentaires (Atom)
Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire