mercredi 30 septembre 2009

APRE 18TAN, NOU PA KA TANN 4TRYEM MITAN PREZIDAN PREVAL LA


#3 2eme Rue Lavaud Lalue Port-au-Prince Haïti BP 19042
Phone : (509) 37809077 / 34352654

18tièm Anivèsè Koudeta 29 / 30 Septanm 1991

Bay kou bliye, pote mak sonje !
Bay kou bliye, pote mak sonje !
Bay kou bliye, pote mak sonje !


29/30 septanm 1991 espwa pèp ayisyen an te nwaye nan yon koudeta sanglan fòs enperyalys yo mete ansanm avèk politisyen san vègòy ak kriminèl ki te nan ansyen fòs lame dayiti te fè kont pèp ayisyen an.

Koudeta sa te fèt nan objektif pou te asasinen lidè pèp la ki se prezidan Jean-Bertrand Aristide, asasinen tout lidè kominotè yo ak tout moun ki pa kwè nan koudeta, nan asasinay, nan kidnapin nan destabilizasyon.

Pou koudetayis yo, kriminèl nasyonal tankou entènasyonal te rapousib objektif yo, yo mete kanpe yon òganisasyon eskadwon lanmò ki te rele FRAPH. Òganisasyon kriminèl, malfektè sa te dirije pa Emmanuel Toto Constant, nan menm kad pou kriminèl yo kontinye rapousib objektif yo, yo voye nan peyi tèt san chapo plis pase 25 mil kretyen vivan ak zam yo.

Plis pase 15 mil lè zòt te tounen manje reken nan kouri pou machin lanmò koudeta 30 septanm 91 yo. Anpil malere, malerèz ak peyizan te pèdi kay yo nan dife kriminèl, e kriminèl yo te fè anpil vyòl ak kadejak sou jenn ti fiyèt ak fanm koudeta sa a te kite anpil pitit san papa, anpil madanm san mari.

Avèk rezistans pèp la, lòd konstitisyonèl te retabli avèk retou fizik Prezidan Jean-Bertrand Aristide, malgre retou a te fèt, kriminèl yo pat chome, fòs enperyalis yo ak politisyen rat do kale yo, te monte anpil konplo. Yo te simaye zam nan tout kat kwen peyi a pou yo te destabilize pouvwa pèp la te mete sou pye nan lane 2001.

Yo fè 3 lane yap asasinen pitit pèp la, sivil tankou polisye te pèdi lavi yo anba bal, malgre sa pèp la te kanpe fèm kont yon lòt koudeta malerezman triyo enperyalis lan ki gen ladan l, etazini, kanada ak lafrans te rive fè yon lòt koudeta kont pèp la 29 fevriye 2004.

Touswit triyo enperyalis te mete yon gouvènman defakto sou pye ki tap dirije pa Boniface Alexandre et Gerard Latortue. gouvènman sa a tap travay anba sipèvisyon fòs okipan yo. Pandan 2 lane rejim defakto sa a ak fòs okipan yo, yo te fè pi mal pase rejim Sedras la. malgre sa pèp la te mobilize pou mande retou lòd konstitisyonèl ak retou fizik prezidan Jean-Bertrand Aristide.

Sou san pèp la fòs okipasyon an òganize eleksyon pèp la ale nan eleksyon yo chwazi prezidan Preval ki avèk konplisite koudetayis yo, GNBIS yo, ak fòs okipan yo, yo kontinye machin koudeta ; nan :
a) divize tout òganizasyon konsekan yo kenbe lidè pèp la prezidan Jean-Bertrand Aristide nan kanpe lwen pandan pèp la ap mande retou fizik li.
b) fè anlèvman politik sou Lovinsky Pierre Antoine, paske lap mande retou fizik prezidan Jean-Bertrand Aristide ak depa fòs okipasyon an
c) kenbe pèp la nan mizè pitit li pakab manje, pakab al lekòl
d) vyole tout dwa fondalnatal ke pèp ayisyen an genyen
f) defann enterè fòs okipasyon an olye yo travay pou mete peyi a sou ray devlopman.

Pèp ayisyen, si nou rete ap gade gouvènman Preval/Pierre Louis a nan je, l ap kenbe Prezidan Jean-Bertrand Aristide an egzil menm jan kriminèl fransè yo te fè Toussaint Louverture. Si nap tann 4eme mitan gouvènman sa ap kidnape tout tèt depon konsekan menm jan li kidnape Louvinsky pierre Antoine, lap kenbe nou nan mizè pou pitit nou pa rive gen menm chans ak pitit yo.

Fondasyon 30 septanm di pèp ayisyen an pou li sòti nan kontinite koudeta a, fòk li pa rete ap tann 4eme mitan nan men prezidan Preval, pou frennen laboratwa fòk nou mobilize san pran souf, fòk nou mete tèt nou ansanm fòk nou mete enterè pèsonèl yo dekote.

Prezidan Preval Fondasyon 30 septanm di w kòm ou se yon viktim koudeta 91 yo, ou repare 2 fwa, lòt viktim yo bezwen jistis ak reparasyon. Prezidan Preval sispann ankouraje enpinite.

Prezidan Preval ; Guy Malary, Georges ak Antoine Izmery , Claudy Miseau, jean Mary Vincent, Ti Jean Pierre Louis, Jean Leopold Dominique ak Jean Claude Louissaint, Jean Lamy, viktim koudeta 91 yo ak viktim koudeta 29 fevriye 2004 yo mande w jistis ak reparasyon ou twò engra Prezidan.


Prezidan Preval Fondasyon 30 Septanm, fanmi, zanmi ak patizan Lovinsky Pierre Antoine priye w an gras pou w libere prese prese e san kondisyon Lovinsky Prezidan ou twò kriminèl.

Prezidan pèp la te vote w pou retou fizik Prezidan Jean-Bertrand Aristide e pèp la mande w retou fizik la ou pa bali l men prezidan memwa w twò kout ou twò sanwont ou twò manfouben.

Prezidan pou gen yon bòn gouvènans fòk pa gen pèsekisyon politik, fòk pa gen kidnapin, fòk pa gen anlèvman politik, fòk pa gen egzile politik, fòk pa gen enpinite, fòk pa gen kòripsyon, fòk pa gen okipasyon.

Viv liberasyon Lovinsky Pierre Antoine
Viv retou fizik Prezidan Jean-Bertrand Aristide
Viv jistis Sosyal
Viv yon eta de dwa
Viv yon jistis san fòs kote


Wilson Mesilien
Kòdonatè nasyonal AI Fondasyon Trant Septanm
Fatal Piard


"Yon sèl nou fèb, ansanm nou fò, ansanm, ansanm nou se Lavalas".
P.O.BOX 2252 Fort Pierce, Florida 34954
954-670-9209
www.fanmilavalas.net

Aucun commentaire: