mercredi 30 septembre 2009

JOUNEN REFLEKSYON AK MEDITASYON, BAZ FANMI LAVALAS NÒDWÈS

Konferans Pou Laprès
30 septanm 1991 -30 septanm 2009 sa fè deja 18 lane depi fòs fè nwa yo te chavire pouvwa pèp la anba yon koudeta sanglan kote plis pase 5000 frè n ak sè n te tombe anba bal ansyen lame Dayiti san manman an.

Rezistans ak entèlijans mas pèp te oblije fè kominote entènasyonal la tounen ak prezidan Aristid ke mas pèp Ayisyen te mete sou pouvwa atravè bilten vòt li.

Jou ale, jou tounen mas la bay prezidan Aristid yon dezyèm manda pou dirije nasyon an, men se nadmarinad yon lòt fwa, akò fòs anti chanjman yo ak konplisite sèten peyi nan kominote entènasyonal la chavire pou yon dezyèm fwa pouvwa pèp la pa yon koudeta/kidnapin, sa vle di nou kontinye ap konte kadav nan kan pèp la, kontinye ap viv nan kras.

Fas ak move eksperyans nou fè ak opòtinis ki te pran Fanmi Lavalas la daso pou te rive sou pouvwa a, epi patisipe nan tout konplo kont Prezidan Aristid.

Nou menm baz fanmi lavalas nòdwès deside makònen fòs pou n rive bare la wout ak zagoloray ki toujou ap manniganse pou devye lit mas pèp la

Menm si nou konnen se pa yon batay ki pral fasil paske moun sa yo gen gwo mwayen lenmi an nan menl, men nou pap mache ak sèkèy nou anba bra n pou tout moun ka viv tankou moun tout bon vre nan peyi ya.

Nou dwe degaje n kon mèt Jan Jak ak lòt baz konsekan yo ki nan rès peyi ya nan lide pou n reprann pouvwa politik la pou ideyal 16 desanm 90 la tounen tout bon vre yon reyalite.

Wi yon lòt 16 desanm 90 posib ankò nan peyi ya pou n mete an aplikasyon lide ki rasanble majorite pèp la, kise JISTIS, TRANSPARANS AK PATISIPASYON!

Viv lit mas pèp la!
Viv linite nan kan pèp la pou retou, Dr Prezidan Aristid fèt pi rapid.

YON SÈL NOU FÈB, ANSANM NOU FÒ ANSANM ANSANM NOU SE LAVALAS.

Pierre Reginald Pòt Pawòl
Tronpé Apoléon
Raphaël Apoluis
Ismaël Jean Charles





"Yon sèl nou fèb, ansanm nou fò, ansanm, ansanm nou se Lavalas".
P.O.BOX 2252 Fort Pierce, Florida 34954
954-670-9209
www.fanmilavalas.net

Aucun commentaire: