mercredi 30 septembre 2009

BAY KOU BLIYE POTE MAK SONJE! BAY KOU BLIYE POTE MAK SONJE!


30 Sektanm 1991, 30 sektanm 2009 sa fè 18 lane depi fòs fè nwa, san fwa ni lwa, maspinen, krabinen, sasinen 7 a 8 mil pitit peyi ya. Nan tout rakwen peyi Dayiti sete kadav sou kadav. Kochon te menM ap manje kadav moun nan site Solèy. Jouk jounen jodi ya : « l’enquête se poursuit ». Pèp ayisyen an bouke mande jistis ak reparasyon, lajistis menm pito mete plon nan zòrèy li pou l pa tande.

Nan lokazyon 30 sektanm kap vini la, nap koube nou byen ba devan tout paran viktim san nou pa bliye sa ki estwopye nan koudeta 91 la. Nap swete yo kouraj e nap di yo : Batay la fenk kòmanse paske pèp vanyan pa janm pèdi batay.

Nan sans sa a nap mande pou tout moun ki kwè nan lapè, tout moun ki kwè nan respè dwa moun, tout moun ki kwè nan respè desizyon pèp, tout moun ki kwè nan linite, pou kore tout aktivite pasifik kap fèt nan lokazyon an pou make jou sa. Se pou tèt sa nap kore san gade dèyè gwo aktivite pasifik baz yo ap fè nan Site Solèy jou kap 30 sektanm 2009 la. Nap pwofite mande tout kanmarad baz yo pou pa bliye lòt kòkenn chenn aktivite ki prevwa pou jounen 17 oktòb la ki se dat lanmò Papa Desalin. Nap fè sonje Lanperè a te pèdi lavi li nan menm kalite zatrap panzouyis tout plim tout plimay ki toujou kanpe an kwa sou chimen liberasyon pèp la.

Nan dat 17 oktòb 2009 la Baz yo pral kontinye reflechi sou enpòtans tèt ansanm nan, nan mitan manm òganizasyon Fanmi Lavalas ki se zouti ki pote pi wo revandikasyon mas yo, revandikasyon tout pèp ayisyen an. Nan lapre midi Nap envite tout moun ki pa dakò ak konplo, kit se konplo pou sazinen pitit peyi ya kit se konplo pou voye pitit peyi ya nan kanpe lwen tankou yo te fè li sou Prezidan Aristid, pou vin chante ansanm : Pou ayiti nan non zansèt yo se poun mache men nan lamen ! Aktivite sa a ap fèt nan kalfou kote Delma 16 kontre ak delma 12 la vè 5 kè nan apre midi.

Se pral lokazyon tou pou tout manm òganizasyon Fanmi Lavalas ki dakò ak prensip, ki dakò ak respè manman lwa òganizasyon an, ki dakò pou chante, danse dans tèt ansanm nan monte TREN Fammi Lavalas la kap fè eskal nan zòn sa a. Tren sa ki se Tren Lavi, Tren youn renmen lòt, Tren jistis ak Pataj, déjà gen ladanl tout moun ki respekte lavi, tout moun ki renmen moun, tout moun ki vle yon ayiti san eksklizyon kap taye banda sou chemen liberasyon zansèt yo te trase ya. Viv inite nan kan pèp la, viv lespri tèt ansanm nan ki se limyè kap klere manm Fanmi yan sou chimen viktwa sou tout fòs fè nwa.

Yon sèl nou fèb, ansanm nou fò, ansanm ansanm nou se Lavalas.



"Yon sèl nou fèb, ansanm nou fò, ansanm, ansanm nou se Lavalas".
P.O.BOX 2252 Fort Pierce, Florida 34954
954-670-9209
www.fanmilavalas.net

Aucun commentaire: