mercredi 2 décembre 2009

ÒGANIZASYON FANMI LAVALAS KOMISYON PÈMANAN TIFANMI

Pòtoprens jou ki Madi ler Desanm

KОNFERANS POU LAPRÈS

Prezidan KEP la pran desizyon pou 1 mete Fanmi Lavalas deyò nan kous Elektoral la, li pase dwa 70% pèp la anba pye. Nou menm nan komisyon pèmanan ti fanmi yo nou di 19 Avril nou te fè echèk ak seleksyon ti apranti diktatè ya, ki te batay Vèrèt lòd poul mete Fanmi Lavalas deyò nan eleksyon an. Nou te lanse pòt fèmen, tout pèp la te respekte modòd la, 21 Jen se te menm bagay.
Nou panse ti diktatè ya ki rele Rene Preval li pa respekte règ jwèt la ki di vòt tout moun konte. Prezidan Preval gen tan ouvè tout pòt simityè ak tout pòt prizon yo paske li pral touye, disparèt anpil moun ki pral manifeste kont desizyon li pran ak Gayo pou 1 mete 17 pati politik deyò nan eleksyon yo, menm jan li pako janm bannou kisa li fè ak Lovensky Pyè Antwan. Nou konnen li pral bay lòd ak Minista menm jan li te bayo lòd pou yo te touye pèp Site Solèy la, menm jan li te bay Minista lòd pou 1 touye moun ki te vini nan antèman Pè Jera Jan Jis la. Nou menm nan Fanmi Lavalas nou pap bay legen, fòk nou patisite nan eleksyon. Si Fanmi Lavalas pa nan eleksyon, pap gen eleksyon se elektè ki fè eleksyon, 70% elektè yo se nan Fanmi Lavalas yo ye.
Fanmi Lavalas pa gen pati zanmi, Fanmi Lavalas pa gen okenn manm li kal nan eleksyon sou banyè lòt pati ou regroupman politik. Tout moun ki ale se trèt yo ye, nou konsidere moun sa yo pa nan Fanmi Lavalas ankò. Jan sa di nan chat òganizasyon an nan atik 8, komisyon pèmanan Ti Fanmi yo ak komisyon pèmanan mobilizasyon Fanmi Lavalas nou lanse yon gwo manifestasyon pou mekredi kap 2 Desanm nan, nap rasanble nan legliz Sen Jan Bosko a 9vè nan maten pou nal bout devan KEP la Delma.

"Tout lis nouvo pati nou pral site la yo se manm Fanmi Lavalas ki trayi yo: Lavni, Inite, Remanbre ak Veye yo tout pati sa yo se moun ki te Fanmi Lavalas yo ye ki trayi, kidonk pati sa yo pa zanmi Fanmi Lavalas ak Titid. ."

Yon sèl nou fèb ansanm nou fò, ansanm ansanm nou se Lavalas"

CLAUDY SIDNEY


"Yon sèl nou fèb, ansanm nou fò, ansanm, ansanm nou se Lavalas".
P.O.BOX 2252 Fort Pierce, Florida 34954
info@fanmilavalas.net
www.fanmilavalas.net
954-670-9209

Aucun commentaire: