mercredi 2 décembre 2009

PATI POLILÈ NASYONAL (P.P.N.) PA PRAL NAN SELEKSYON MOUVMAN INITE/KONAJEK

PATI POLILÈ NASYONAL (P.P.N.)
#6, Impasse Dupuy Ruelle Chrétien
Port-au-Prince, Haïti Tél.: (509) 36-80-93-97
email : ppn@haitiprogres.com

Pòtoprens, 1 Desanm 2009

NÒT POU LAPRÈS

POZISYON PATI POPILÈ NASYONAL (PPN) SOU ELEKSYON KI GEN POU FÈT YO

Lè n konsidere mache prese nan fè kalandriye elektoral, pouvwa politik la ak 14zyèm Konsèy elektoral pwovizwa (KEP), pou òganize yon eleksyon san konsiltasyon ak Pati politik yo.

Lè n konsidere KEP la ap klewonnen ke eleksyon se afè Pati Politik, epi Pati yo pa menm gentan pou ta enskri kandida yo, alòske yo konnen sitou pou kandida ki nan vil pwovens kantite pwoblèm yo genyen pou jwenn papye legal se nan Pòtoprens yo blije vin fè lese frape pandan plizyè jou.

Lè n konsidere ke tan yo bay kandida yo pou enskri, mache prese sa a, se yon fason yo konnen trè byen ke Pati yo pap gentan fè demach pou yo jwenn finansman pou al nan eleksyon. E, konsa Prezidans la ak lajan leta ap rele sou kote tout depite ak Senatè opòtinis vini sou banyè INITE /CONAJEC la. Si se pa koripsyon sa rele, kijan l rele?.

Lè n konsidere se menm depite ak senatè sa yo ki te vote yon lwa elektoral nan nuit kou l cho l kuit kote yo mande yon voum lajan pou depite, senatè, prezidans elatriye yon fason pou ekskli moun ki pa gen gwo mwayen e ki pa pral kriye nan Palè nasyonal pou yo ka enskri yo nan INITE/CONAJEC la. Kidonk, tout moun sa yo te deja konnen sa k ta pral fèt la.

Lè n konsidere kijan yo mete Fanmi lavalas deyò nan kous la ilegalman e gwoponyètman.

Lè n konsidere kijan yo elimine nan magouy lòt Pati tankou Korega ak Inyon nan kous la paske yo pa vle fonn kò yo nan INITE/CONAJEC La.

Lè n konsidere eleksyon ki pral fèt yo se yon seleksyon “TOUT POU NOU”!

Lè n konsidere afè “TOUT POU NOU” sa a nan ki dezòd li konn lage peyi ya

Nou menm nan Pati Popilè Nasyonal (PPN) nou deside pa patisipe nan maskarad sa a.

Nou ta swete tout Pati Politik ki gen nen nan figi yo pran menm dispozisyon sa a de fason pou demen lè rezilta bòlèt la bay pou yo pa di si m te konnen. Kidonk, se pou kat la rebat kòmsadwa.

Pou Biwo Politik Pati Popilè Nasyonal (PPN)

Georges-H. Honorat



"Yon sèl nou fèb, ansanm nou fò, ansanm, ansanm nou se Lavalas".
P.O.BOX 2252 Fort Pierce, Florida 34954
info@fanmilavalas.net
www.fanmilavalas.net
954-670-9209

Aucun commentaire: